Ti Marcel, pandan lap fete tou ran omaj ak manman l, Madan Henriette Montlouis
Boukan News, 04/12/2024 – Jodi 15 avril la se jou pa m li ye. Se yon jou tankou jodi y’a Madanm sa, Henriette Montlouis, Fanm ki rele Fanm, ki se Fanm tout bon te mete m sou Tè sa. Li te toujou di m, pitit gason m, tanpri souple fè tout jefò nan lavi w pou w pa chanje pèsonalite w, karaktè w, diyite w pou anyen. Paske pa genyen anyen sou tè sa ki kapab ranplase twa eleman sa yo.
Henriette te aprann nou kiltive: Lanmou, pataj, respekte moun ak sitou respekte sa k pa nou. Li te irige nan nou menm santiman apatenans. Gade pitit mwen ou pa dwe janm bliye ki kote w soti, pa bliye ki moun ou ye. Epi tou, ou fèt pou w konnen Se nan travay byen fèt, travay k ap pèmèt lòt moun avanse, evolye tout rezilta lavi a ye.
Manman m ki te yon Fanm peyizan, li pat ezite devan okenn sakrifis pou l te pèmèt nou konnen sa k bon, sa k bèl.
Yon jou, tankou jodi a, lè m kòmanse jenn ti gason, Manman m Henriette te fè yon ti koze ak mwen pou l te di m: “ pitit mwen, ou wè kouman m ap batay ak lavi a pou m fè edikasyon nou. Ou wè kouman mwen viv ak moun, ou wè tout jefò, tout bourad fanmi yo ba nou, konsa ou dwe demen RENMEN EPI PATAJE AK FANMI, Zanmi epi tout moun nan anviwonman w Piti kou sa ye. Paske, ou pap janm pa genyen lè w bay, lè w pataje ak tout Kè w.
Jodi y’a, jou Madanm sa te mete m sou Tè kote depi 18 lane m ap kontinye wout lavi a san prezans li, mwen di l yon gwo Mèsi ak Onè, Respè pou tout sa l fè pou mwen, pou tout Valè li te banm, pou fason li te trase wout lavi a pou mwen. Mwen di tout Fanmi, tout zanmi ki sou chemen lavi a pèmèt mwen kenbe liy la, pèmèt mwen kontinye sou wout Manman nan MÈSI.
M ap kontinye fè wout sa ak menm volonte a, menm detèminasyon an, nan lespri pou LaVi kapab bèl pou nou tout.
Manman mwen vin di w kote ye w ap repoze a pou jou tankou jodi 15 avril ou te mete m sou Tè sa, tankou ou te aprann mwen:
Solidarite, Lanmou, respekte tèt mwen ak respekte sa k pa pou mwen yo toujou rete Modpass pitit ou.
Marcel Poinsard Mondésir