Si Antoinette Duclair était vivante, elle aurait 36 ans !
Se swadizan moun ki nan klas mwayèn e sitou sila yo ki pi vilnerab, nan katye popilè yo ki pa posede anyen, moun bèlè yo ki pa gen non, etidyan tankouGregory Saint-Hilaire, elèv lekòl tankou Evelyne Sincere, ti bebe nan site solèy se yo kap mouri, kap disparèt… Kisa nou fè pou sa?
Jodia pa gen moun ki an sekirite okenn kote, menm pa anndan lakay nou. Kisa nap fè pou sa? Nou pè lanmò toujou? Nou toujou kwè bondje ap epanye grenn nou menm nan? Map gade sou pwofil Evelyne Sincère jan se yon timoun ki te kwè nan Bondje…. ( Netty)
Boukan News, 11/02/2023 – Si Netty était toujours vivante, des milliers d’internautes amis de Facebook fêteraient ses 36 ans avec elle par de vibrants messages d’amour. Malheureusement, les forces obscures du pays avaient éteintes l’espoir qu’elle portait en elle en un sombre 30 juin 2021, soit 7 jours avant l’assassinat de Jovenel Moise. Ainsi, je vous invite, lecteurs et lectrices, à revisiter cette ultime publication publiée sur Facebook, le 30 juin 2020. Elle traduit sa personnalité, son âme et son patriotisme. Lisez pour ne pas mourir:
« Mezanmi depi yè m akaryat, m gen yon raj ki pa janm desann, m’anrajeeee…. pa gen anyen bon ki te ka soti nan mwen pou m di nou, pou tout atansyon nou ban mwen pou week-end lan nan okazyon fèt mwen.
Mwen pa fete. M pat gen okenn anvi pou sa. Sèl sa m ka di nou, mesaj, apèl, swè nou yo te rive mete ti souri sou vizaj mwen. M pap janm sispann di nou mèsi pou sa! Kominote nou fòme a atravè facebook sitou, pote anpil pou mwen. M gen anpil rekonesans pou sa.
Mèsi moun mwen yo!
Mwen gen 33 zan. Chak fwa yon moun mande m pou ki rezon map batay. M souvan reponn, “paske m pa gen chwa”.
M pat janm konn yon Ayiti ki bon! Lavim ak anpil nan nou se yon konba chak jou pou yon egzistans ki pa toujou gen twòp sans. Pafwa m fatige. Lesprim fatige… Men, chak jou map viv nan peyi a banm yon rezon anplis ak fòs, kouraj ak detèminasyon pou m batay pou sa chanje. Paske sa dwe chanje! M pa kwè nou gen chwa non. Gade ki kategori moun kap mouri, nap konprann se pa ni dirijan leta ki la pou pwoteje nou, ni lelit ki ka achte machin blende, gwo zam ak sekirite pou pwoteje yo, ni Gang G9 ke lapolis pa wè nan gwo liv li yo.
Se swadizan moun ki nan klas mwayèn e sitou sila yo ki pi vilnerab, nan katye popilè yo ki pa posede anyen, moun bèlè yo ki pa gen non, etidyan tankou Gregory Saint-Hilaire, elèv lekòl tankou Evelyne Sincere, ti bebe nan site solèy se yo kap mouri, kap disparèt… Kisa nou fè pou sa?
Jodia pa gen moun ki an sekirite okenn kote, menm pa anndan lakay nou. Kisa nap fè pou sa? Nou pè lanmò toujou? Nou toujou kwè bondje ap epanye grenn nou menm nan? Map gade sou pwofil Evelyne Sincère jan se yon timoun ki te kwè nan Bondje….
Mwen m sispann panse ak lanmò kèk jou. Sa pa itil anyen. M jis konnen tout kondisyon reyini pou l rive deja.
E m refize mouri bra kwaze…
Mwen aprann wè nan chak sak pase nan peyi a, yon rezon anplis pou nou pran konsyans epi leve kanpe ansanm pou sa chanje.
Paske sa dwe chanje. »
Antoinette Duclair, dit Netty