SHOUBOU_SHOUBAPIK
Pa Mario de Volcy
Magazen an « Triomph Muzik » nan yon Refòm nan moman an, Nou preske fini nan Inovasyon kap Fèt yo pou nou rekòmanse Fonksyone nan yon Lòt Dimansyon. Men Nou Toujou prezan e Resevwa kèk Biznisman, Bon Zanmi e sitou Mizisyen. ‘’TI FRÈ”, Johnny Frantz Toussaint, “ Gitaris SKAH SHAH, Toujou pase wè m preske Chak Jou ,se toujou yon Bon Moman, fom di Nou Ti Frè Pran retrèt li aprè plis ke 25 an, li pase kòm « Respiratory Therapist » nan «Coney Island » Lopital , sa vlé di li gentan e se kounye a lap jwe Mizik . Jou sa a, Ti Frè, paret tou Cho, tou bouke sou mwen, pou li dim Rèv li, se pou li detwone m avèk mizik « Première Communion » m nan. Kote ke sa enève l ke se mwen poukont mwen, ki kanpe kom Sèl Konpozitè yon mizik pou Okazyon sa a, Fok gen yon Lòt ki Fèt poum Sispan fè Shèlbè . Men Ti Frè pa Konnen ke, li tèlman enfliyanse mwen ,Youn nan gwo Hit, ke li konpoze nan « Skah Shah » « Ozanana » ki te yon Bezwen a lepok, paske « Skah Shah » te Bezwen yon Compas Dur, se pa Compas vit non, Compas Cho “ a la Tabou Combo, e se sam te konprann Ki fè mwen te konpoze yon mizik tankou «Jazzman » nan Premye Albom mwen, ak Konesans Ti Frè gen nan mizik paske li gen yon « Bachelor » nan Mizik Teyori ak Konpozisyon , mwen aprann anpil de li menm. Sak Ki komik la se Plak machinn misye te komande a ki vini, li vinni montre m, Plak Lexsus la ekri « OZANANA 1 ».

Bon se konsa , kiyès Ki parèt kap Joure m depi lan Pòt la se SHOUBOU, Misye ap dim betiz , paske « mwen pa fout ,vini wè li ,Lanmèd pou mwen » ,Misye dim ke « si se CUBANO ,mwen tap fout al wè li Chak Jou ,paske se misye Mwen Renmen oh wi se Cubano Ki Chantè pam ,oh se Romeo Frèm ki moun li … »
Misye Gade m ak yon Love, pou li dim : « Kòman w ye MARIO, mwen te anvi wè w wi Frèm » ,mwen wè Senserite a nan zye Misye ..Lan Konvèzasyon 3 Mizisyen : « Tabou Combo ,Skah Shah ,Bossa Combo »,gen bagay Ki pou Pale , anpil Blag , anpil Anekdot tonbe…Shoubou ap di Ti Frè jan Nèg Skah Shah yo Anraje ak yon Trezò konsa , Misye di ti Frè : « Ou Konnen se CUBANO Ki Meyè Chantè Compas Direct ». Mwen pral ouvè Bouch mwen poum reponn , Misye dim : « Ou pa bezwen Pale non ,ou pa wè nan Interview mwen ak RALPH CONDE lotre Jou Ou pa wè mwen fout di saw te bezwen m di ya ,mwen di Cubano se pi Bon Chantè Compas ,Cubano gen yon Swing ke mwen pa Genyen » , Ou kontan , gad figi w non kap Ri nan Moustach , mwen di Shoubou : « si CUBANO se SWING nan ,ou menm SHOUBOU ou se FÒS la ».
Pandansetan “ Ti FRÈ’’ di : « bon Shoubou ki lè wap Chante mizik la pou mwen ? », Ti Frè gen yon Pwojè lap Travay , li te voye mizik la bay Shoubou , Anyen Pat Fèt, SHOUBOU di : « monchè ti FRÈ, mwen te diw ke mizik la Twò Ba pou mwen , mwen bezwen Mizik poum Eksploze , mwen MIZIK pam se SHOUBAPIK poum ka Eklate ».
Lè SHOUBOU di « SHOUBAPIK » la, mwen sote ,mwen kwè : « misye Idantifye Tèt li, e li ba tèt li yon Tit pa rapò ak PWISANS ak’ FÒS ké Vokal li Genyen » ! SHOUBOU rete Chantè COMPAS DIRECT Ki gen plis FÒS Vokal la, « ou pap jwen Fòs Vokal sa a tou nan Okenn Chantè ZOUK…SHOUBOU se Sèl Chantè Ki ka Bouje nenpòt Foul , san li pa Bezwen rele LEVE MEN ANLÈ » … Pagen yon Chantè nan domèn sa yo Ki ka Chante nan WOTÈ ke SHOUBOU Chante e Anime…
COMPAS DIRECT TABOU COMBO rete COMPAS ki pi Mache tout Kote sou la TÈ, Ki pral bay SHOUBOU Kom Chantè Vedèt la, Okazyon ke VWA li rete VWA AYISYEN Ki pi POPILÈ sou la TÈ. E se Rezon sa lè wap Gade eta Sante Misye ,FIZIKMAN e PSIKOLOJIKMAN …Misye Bezwen SWEN , Shoubou Bezwen Atansyon ,nan tout Lòt peyi, Gwo Superstar Toujou pase yon paryòd yo deprime, men yo gen « REHAB », yo gen PSYCOLOGUE ,pou yo ale , e yo retounen ak menm Respè ya , nan ka SHOUBOU li pa jwen sa. Anreyalite ,Misye te fè yon Depresyon deja nan Bwè KLEREN …Ki Kleren ? Misye pa Konn Bwè vre , Aprè 2 Kou , li deloryom , li fè kèk Jou Lopital pou pwoblèm Poumon , Ki pa janm finn byen trete , kote li pa Bwè Ankò men li Fimen preske yon poch Sigarèt Chak Jou.

Aktyèlman Misye DEPRIME, Aprè LANMÒ Madanm Misye, MIREILLE. Ka Shoubou a Vinn pi Konplike , yon Madanm ke Misye pase plis ke 50 lane , Abite avèk li pou Kont yo. Gen 2 Bagay Ki te bay Shoubou Rezon pou li Viv « Tabou Combo ak Mireille », epi Mireille mouri.
Tabou Combo pa gen menm Fonksyonman yo menm Jan an. Tout moun Toujou ap mande eske SHOUBOU gen PITIT ou swa Kote PiTIT SHOUBOU ?
Bon anpil Moun okouran ke malerezman, ke Madanm Misye te Ansent , li te sou Cha Tabou Combo sou « Eastern parkway », kote Madanm nan Pran yon Chòk sou Cha a. Aksidan ki te koz Mireille Pèdi Pitit la , depi lè sa a ,li pa ka fè Pitit Ankò …SHOUBOU bò kote pa li, mwen Okouran ke li gen 6 PITIT, gen sa Mwen Konnen Byen , gen sa mwen pa Konnen tou. Men Ou ka di kote yo , men malerezman , relasyon Konplike Misye ak Manman ti moun yo, e sa m panse pou Pwoteje Mireille e wòl Mireille nan Vi misye , Misye pat vrèman bay ti moun yo, sa ke yon Papa Fèt pou Fè. E tout Bon ak tout Amou ke Misye gen pou ti moun yo , Shoubou Pat envesti nan ti moun yo , se pa Lajan non, sèlman …
Wap tande Shoubou site Non nan ti moun yo, nan kèk , Mizik Tabou Combo , aktyèlman , Misye pral Granpè la a ,men lap plenyen paske ,Ti Fi ya pa Marye …Youn nan Bagay ke mwen ta Renmen asiste , se si tout PITIT Shoubou yo ta parèt devan Misye, yo ta di PAPA, SHOUBOU tap refè a 100 pou 100 .. men Kom se pa sa kap Fèt la.
Aktyèlman ,Pandan mwen komanse ekri bagay sa a la a ,mwen nan Samedi maten li 5 Hres …SHOUBOU pral pran AVION pou ale HAÏTI ..Nou ta Swete, ke Shoubou jwen Atansyon ke li merite a. Misye fè closing Kay la New York, Premye vesman nan men li …li te gen 3 machinn , plis Mercedes Mireille la ,li vann 3 Mercedes, Kòb li touche Nèt ,sa li touche Mwatye ,se ak Lajan pa li , ke Shoubou pral fè mouvman Kay li an Ayiti.

Malerezman , gen moun Ki pa vrèman Renmen pozisyon Shoubou Pran lè lap voye monte pou Prezidan ,men an reyalite ,Ki sa Misye Konn di pou fè moun mal ,Ki sa li Konn di pou moun mal…Depi m Konnen mwenmenm tout Prezidan toujou Adore Shoubou. Shoubou Onore tout Prezidan, tout Prezidan Onore Shoubou , e Fè Kelkeswan Prezidan Ou Gouvènman Ki fè yon Bagay pou shoubou ,li Merite sa …paske VWA SHOUBOU rive pi lwen e Vwa Shoubou pi Respekte ke Vwa tout Prezidan Ayisyen.
mwen ka konpran ke gen anpil Moun Ki Konn gen pwoblèm ak Shoubou paske li di Moun sa li vle, se sak fè tout tan li Konn Pran lan Akwochaj , se sak fè li Izole konsa , menm ak Fanfan bab Frè li , se yon Jou Byen , yon Jou pa Byen , men tanperaman misye se yon Ti Bebe , se Sèl ti moun Ki di sa yo vle ak bouch yo sa panse ak konsekans lan. Men se Nèg Ki Renmen moun !
Nou remèsye FRANTZY pou Love ak Sipò ke li bay Misye. Jan w wè la a, SHOUBOU se Mizisyen Ki pi LOYAL nan TABOU COMBO …malgre tout ti plenyen ke w ka tande , mizisyen Tabou renmen e Tolere SHOUBOU Anpil , san Tabou patap gen SHOUBOU …men Nou ka di , se li SHOUBOU ki vrè SUPERSTAR.
Si Shoubou fè Chwa pou li al Viv AYITI…AYITI DWE SHOUBOU … SHOUBOU se Chantè Ayisyen Ki Monte sou pi Gwo Sènn Entènasyonal. Se Chantè Ayisyen Ki monte sou pi Gran Sal Espektak Ki gen nan Mond lan, ak Tabou Combo, Pou Kont li, an Solo, e ak Lòt gwo òkès Entènasyonal, SHOUBOU ranpli tout kondisyon pou Nou di se youn nan Pi GWO ATIS AYISYEN sou laTè … Li reprezante HAÏTI ak anpil ONÈ. SHOUBOU se FYÈTE Nou, bay SHOUBOU LANMOU pou NOU …men SHOUBAPIK ! Shoubou à Jamais!
Mario de Volcy ♥️
Mèsi anpil anpil Mario de Volcy pou temwanyaj entim sa ou fè sou PI GWO ATIS AYISYEN nan mond lan.
Mwen pat konn si Shoubou te gen pitit e mwen pa kwè gen anpil moun ki konn sa non pli.
Madanm Choubou mouri se vre men pi gwo manman Shoubou ankò vivan, ki se Ayiti Toma, menm si li malad jouk nan zo. Si Choubou chwazi retounen vin jwenn manman l Ayiti Chérie, se li sèl ki konnen. Nou dwe respekte chwa li.
Bon retou Shoubou! Nou renmen w anpil anpil anpil!!!!!!!!!!!!