Sa k rete ankò?

Sa k rete ankò?

Marcel P. Mondesir
Boukan News, 08/26/2023 – Bandi yo fè nou kouri. Bandi yo fè nou kriye. Bandi yo fè nou kanpe. Bandi yo fè nou kite kay nou. Bandi yo di nou Jwif eran.
Sa k rete ankò? Bandi yo fè n depeyize .Bandi yo fè n pa ka al lekòl.  Bandi yo fè n pa ka plante. Bandi yo fè n pa fouti rekòlte. Bandi yo fè n fè tout kalte grèv. Bandi yo fè n rete pòch vid, vant vid.
Sa k rete ankò. Bandi yo griyen dan sou Bon Dye. Bandi yo demounize nou. Bandi yo imilye kadav/Mò nou yo.
Bandi yo detounen fòs mistik nou yo / lespri nou yo.
Bandi yo anpeche n viv lafwa nou nan diyite ak respè.
Sa k rete ankò?  Bandi yo banalize lanmou laka nou.
Bandi yo etenn tout anvi viv nou.  Bandi yo detwi kapasite repwodiksyon imèn nou.. Bandi yo wete tout anvi fè pitit nou.  Bandi yo dekonstonbre lespri nou.
Sa k rete ankò. Yo batize tèt yo bandi legal. Zak Bandi legal yo: demantibile Leta.Yo pase mèt nan fè voksal.
Detounman minè.. Òganizasyon krèy. Destriksyon lakilti .
Elimine tou valè.
Se pou tout sila yo k ap jere, k ap alimante, k ap tolere bandi di nou sa yo poko pran, sa k rete anko ki fè yo pa vle ba nou souf.
Konsa tou, n ap mande pèp Ayisyen an,  ki soti nan toyo Boukman nan,  ki gen ADN Mackandal nan sang l lan,
ki se pitit pitit pitit Grann Titon, Papa Dessalines ak kouzen Charlemagne Péralte: èske se paske pa rete anyen ankò nan eritaj moun sa yo ki fè bandi yo kapab genyen dwa lavi ak lanmò sou nou tout konsa?
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *