Pwezi Kreyol: YÈSWA

YÈSWA

 

Sheila Gaspard

 

M pat menm vle soti

Li pat menm envite m soti

M paka dim jwenn neg m te bezwen an

Men yeswa medam m byen pase!!

Yeswa m pat sou sa

Yeswa li mete m sou sa

Maten an la m leve tout an souriyant

Yeswa nou te jis ansanm San okenn programasyon

Poutan sanble se sal tap tann

Yeswa sa

Sete yon 12 jiyè kite dous pou mwen

Jis kounya pye m paka jwenn tè

M leve tou dous

Malgre m nan #karantèn

M leve matin an #jeune

Yeswa

Men l al tonbe nan fant bounda m Pandan m fon viré

M te anvi mande l sak pase l la

M poze pou m wè

Aprè li pran pòz vle dim yon pawòl nan zòrèy

Souf li banm chè de poul

Bon m trouve sete nòmal paske kòk li pat lwen

Yeswa m pat ka zuzu

Yeswa m pat ka serye

Yeswa m te gen yon feelimg

Yeswa l banm feeling

Yeswa m jwenn bagay

Yeswa se mwen ki bo l avan

Aprè wa di se sa l tap tann

Pandan l pase Men l

Li sispèk m san soutyen

Li fè souf li teste tetem avan

Yeswa map konnen pwent tt konn bandé

Yeswa map remake m te gen megabayt sou mwen toujou

Yeswa sa

M pale pat

M pale grennen

Yeswa lè m remake lap dezabiye m an moun debyen

M gon modèl raj ki monte m

Yeswa m vin sovaj

M chire pantalon e pantalèt

Se la atò lap konprann

Yeswa m pat la pou jwèt

E pa mande m kiyes

Sof ke son bon jwè

Yeswa jwé sa jwe match sa sou teren m

An bon atakan

Yeswa m pat pran tap

Yeswa m te dil kite mak pat li sou mwen menm

Pou tout tan ke m te fèl ret tann okazyon sa

Yeswa m di l pandye m

Yeswa m dil toufe m

Yeswa sa te gentan fèm santi pral gen zin

Yeswa m rive nan yon levèl

Ke m konseye tout fanm konnen

Paske se pa bagay lajan ka ht

Yèswa M rele l papy

Poutan se matin an Map mande l laj li

Yeswa m konn sak rele ekstaz la sanm pat pran ekstazi

Yeswa li antre soti

Fè va e vyen nan mwen

Yeswa pwa kòl te supòtan pou mwen

Yeswa m tounen elikoptè sou li

Poutan ex mwen yo toujou dim pa konn gouyé

Yeswa m rann tout dlo nan kòm

Yeswa m domi telman dous

M pantan jwenn yon nich foumi anba boundam

Yeswa m fout byen pase

Yeswa m jwi san rezèv

Yeswa sa koz m resi leve ta nan kabann mwen

Yeswa sa fem anvi dil an al fon konplo dizay anko,m anvi dil mennen m al re eseye

Pou m wè si yeswa se pat nan rèv m te ye!!!

Yeswa fèm reyalizé

Kon dizay son metye

E mesye m swete nou aprann metye

Pou nan demen medam yo ka dekri,reviv

Yeswa yo konsa!!!

 

 

Sheila Gaspard

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *