Pouki DEA pa arete otorite ki nan dwog nan peyi Dayiti menm jan ak ansyen prezidan Honduras la, Juan Orlando Hernandez?

Pouki DEA pa arete otorite ki nan dwog nan peyi Dayiti menm jan ak ansyen prezidan Honduras la, Juan Orlando Hernandez?

 

Pierre Pierre-Louis, economiste

 

Florida, USA – Nou tout ka konstate kòman yo arete ansyen prezidan peyi Honduras la, Juan Orlando Hernández.Yo akizel pou patisipasyonl nan zafè dwòg pandan li te sou pouvwa nan peyi l.San nou pa pran pozisyon, men nou ka poze kèk kesyon sou arestasyon ansyen prezidan sa a.

Pou yo al arete ansyen prezidan si la a yo itilize lwa sou zafè ekstradisyon ant peyi Etazini ak peyi Honduras, avan nou al pi lwen, eske se paske prezidan Honduras la pat gen gwo patwon nan peyi Etazini ?

Michel Martelly 

kote lòt akolit kite konn opere ansanm avèl yo. Paske li pat kon fè zak sa yo pou kòl. Eske DEA gen pati pri, nan touye je l sou lòt gwo bawon dwòg dilè ki toujou ba yo bon sèvis lè yo bezwen kifè lwa ekstradisyon saa pa aplike sou yon seri gwo otorite ki nan trafik dwòg tout jounen nan peyi d’Ayiti.

Nap pran ekzanp ansyen prezidan peyi d’Ayiti yo, se tout tan yap denonse ansyen prezidan Ayiti ya Michel Martely pou men li ki tranpe nan dwòg ak tout akolit li, tankou Sonson Lafamilia,Roro Nelson JovenelMoises…..,yo pa janm enkyeyte yo. Sanble sete pou gran mouche bab long nan ki rele Etazini yap travay. Kòman fè menm lwa si la a pa aplike sou Michel Martely tou?

Eske yo kenbe nèg sa yo pou itilize yo jan yo vle nan politik lakay?yo pagen kolòn vètebral lè yo nan pozisyon pouvwa pou yo paka kanpe anfas mèt yo.Dosye dwòg fè yo vin pi piti pase yon grenn sik.

Pou tèt sa nap mande pèp Ayisyen pou louvri je’l sou moun ki vle rive sou pouvwa nan peyi d’Ayiti. Etazini kenbe politik saa pou kontinye afebli nou, pou kenbe depandans la,paske plis ou paka itil tèt ou se plis  nou oblije ap tann pou yo pote nou sekou.

 

Pierre Pierre-Louis

Photo: ww.stamfordadvocate.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *