Pou kisa Ayiti dwe angaje l nan batay kont egzistans zam nikleyè?
Boukan News, 01/09/2024 – Ayiti se youn nan peyi nan Karayib la ki siyen plizyè trete ak akò entènasyonal sou kesyon dezameman ak non-pwoliferasyon nikleyè. Youn nan trete enpòtan Ayiti te siyen se Trete Entèdiksyon Zam Nikleyè nan Amerik Latin nan (nan lang anglè: Latin America Nuclear Weapons Free Zones). Li gen ti non jwèt li tou: Trete “Tlatelolco.” Se sèl akò ki tabli tout zòn amerik latin nan ak karayib la kòm premye rejyon nan mond la ki pa dwe gen zam nikleyè. Ayiti te siyen trete Tlatelolco a nan dat 14 Fevriye 1967, epi li te ratifye l nan dat 23 me 1969. Pati siyatè yo dakò pou okenn peyi nan rejyon sa a pa posede, estoke ak ni deplwaye zam nikleyè ki soti nan lòt eta sou teritwa yo.
Malgre Ayiti deja siyen ak ratifye plizyè akò sou kesyon dezameman ak non-pwoliferasyon nikleyè, nou kapab di Ayisyen yo pa vrèman angaje yo nan mouvman pasifik kont egzistans zam destriksyon masif sa a. Fòk nou presize depi Lèzetazini te bonbade Hiroshima ak Nagasaki nan mwa out 1945, anpil òganizasyon lapè te kanpe pou mande eliminasyon zam sa a epi anpeche lòt eta posede l. Daprè kèk chèchè, mouvman lapè sa yo te jwe yon gwo wòl nan diminye kantite tèt nikleyè nan mond lan, epi anpeche eta nikleyè yo sèvi ak li nan lagè. Nan atik sa a, nou pral eseye prezante kèk rezon Ayisyen nan peyi Dayiti ak nan dyaspora a ta dwe angaje yo nan tout mouvman pasifik pou aboli zam sa a nan mond la.
Gen plizyè rezon ki ta dwe pouse Ayisyen yo pou yo angaje yo plis nan batay pou elimine zam nikleyè nan mond la. Youn nan rezon yo sè ke eta nikleyè yo toujou ap menase youn lòt, e yo menm menase eta ki pa posede zam nikleyè. Sètadi li posib pou ta gen yon eskalad nikleyè nenpòt kilè. Prezidan Vladimir Poutine te menase pou l ta itilize zam nikleyè taktik nan kad konfli Ikrèn nan. Deklarasyon Prezidan Poutine nan te plonje tout moun nan gwo panik ak laperèz paske majorite nan moun sa yo konnen ki dega zam sa a te fè nan Iwochima ak Nagazaki pandan dezyèm gè mondyal la. Epi nouvo zam nikleyè yo pi danjere pa rapò ak sa yo te itlize sou 2 vil Japonèz yo.
Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un menase Etazini plizyè fwa deja. Kim Jong Un deja eseye plizyè misil kote li mansyone kèk ladan yo gen kapasite pou atenn Etazini. An repons ak Kim Jong Un, ansyen prezidan Donald Trump te ankouraje lidè Kore di Nò a pou l pa ta kontinye menase Etazini ak zam nikleyè. Trump te ajoute si yo kontinye, y ap rankontre ak dife, kòlè mond sa a pat janm wè anvan. Pawòl sa yo montre nou aklè kijan mond la ka konnen yon gè nikleyè nenpòt kilè. Daprè (n.d) International Campaign to Abolish Nuclear Weapons (ICAN), itilizasyon mwens ke yon pousan nan tout tèt nikleyè yo ka gen gwo enpak sou chanjman klimatik epi plonje anviwon 2 milya moun nan grangou toupatou sou latè.
Daprè (ICAN, n.d) ICAN, itilizasyon zam nikleyè Etazini ak Larisi yo te ka lakoz sa yo rele yon ivè nikleyè (anglè: nuclear Winter) epi sa kapab menm debouche sou deteryorasyon ekosistèm nan, yon eleman ki esansyèl anpil pou lavi tout moun. Sou plan imanitè, responsab oubyen gouvènman yo pa tap ka pote okenn repons apwopriye ak viktim yo. ICAN (ICAN, n.d) soulinye, doktè ak premye sekouris yo pa t ap kapab fonksyone nan zòn kote bonm nan tonbe a akoz li t ap kontamine ak radyo-aktif. Kidonk menas eta nikleyè yo pou ta itilize zam sa a ak dega li kapab fè ta dwe pouse tout moun sou latè patikilyèman Ayisyen pou ta plis angaje yo nan tout mouvman pasifik pou aboli yon zam konsa nan mond la.
Dezyèm rezon an sèke Ayiti depann anpil de transfè lajan dyaspora yo. Tankou nou tout konnen l, Ayisyen epapiye toupatou sou latè (gen anviwon 2 milyon k ap viv nan lòt peyi). Ou jwenn yo nan majorite eta ki posede zam nikleyè yo ikonpri lòt eta ki chwazi andose oubyen kenbe kèk tèt nikleyè pou kèk eta nikleyè (gen anviwon 34 peyi ki chwazi andose itilizasyon zam nikleyè mete sou 9 peyi nikleyè yo). Faktè sa a enpòtan anpil paske ayisyen kap viv nan dyaspora a voye anpil lajan bay fanmi yo. Kidonk yon eskalad konfli nikleyè kote Etazini ta enplike kapab gen gwo enpak sou Ayiti pa rapò ak kantite kòb Ayisyen k ap viv deyò yo voye Ayiti. Nan yon atik li pibliye nan jounal Haitian Times, (2021) Sam Bojarski mansyone kantite lajan Ayisyen yo voye Ayiti ogmante soti nan 3,1 milya dola an 2018 pou rive 3, 3 milya dola an 2019. Daprè (2021) Bojarski ki site yon rapò Creative Associates te pibliye an 2021, pandan ane 2020 an dyaspora yo te voye 3, 3 milya dola Ayiti, e se te pi gwo rekò an. Dyaspora Ayisyen k ap viv Ozetazini voye plis lajan swa jiska anviwon 84 pousan nan gwo sòm sa a. Kidonk yon gè nikleyè kote Etazini ta enplike ap gen gwo konsekans sou Ayisyen nan dyaspora a. Anpil nan konpatriyòt nou yo ta prale nan peyi san chapo oubyen blese grav. Sa ki rete vivan yo ka pa pran anpil tan pou yo ta mouri akoz efè radyasyon bonm yo. E menm si yo pa ta mouri yo pap ka jwenn travay paske li posib pou anpil nan biznis yo detui.
Yon lòt aspè nan dezyèm reyalite ekonomik la sè ke bidjè Ayiti depann anpil de kominote entènasyonal la. Yon gwo pousantaj swa plis pase 50 pousan nan bidjè nasyonal peyi Dayiti depann oubyen sou kont kominote entènasyonal la. Aprè yon gè nikleyè enstitisyon oubyen peyi ki konn sipòte Ayiti yo ka pa ka kontinye. Se pa paske yo pap gen volonte, men se paske dega yo ap tèlman enòm w ap mande tèt ou si enstitisyon sa yo ansanm ak moun ki te nan tèt yo ap toujou egziste.
Dènye rezon an se pozisyon jewografik Ayiti. Pozisyon jewografik Ayiti enpòtan anpil lè nou konsidere enpak potansyèl yon gè nikleyè ka gen sou anviwonman global la. Pa bliye peyi Dayiti sitiye bab pou bab ak Etazini, youn nan pi gwo pisans nikleyè nan mond la aprè Larisi. Epi Etazini toujou nan bouch louvri ak lòt eta nikleyè oubyen eta ki pa gen zam nikleyè men ki zanmi lòt pisans nikleyè. Sa ta vle di tout eskalad nan kad yon konfli nikleyè ki ta enplike Etazini ap gen gwo konsekans rapid sou Ayiti epi ogmante nivo vilnerabilite l akòz pwoksimite jewografik li ak Etazini. Sitiyasyon an t ap konplike pou Ayiti sitou nan nivo twoub atmosferik ki t ap soti nan eksplozyon bonm nikleyè yo. Sa t ap kontribye nan yon chanjman klimatik rapid epi ogmante nivo ris dezas natirèl yo ak defi ki te deja egziste yo. Sa t ap debouche tou sou destriksyon total enfrastrikti agrikòl ak kontaminasyon tè ak dlo. Le nou di tè ak dlo, sa vle di pwoblèm sekirite alimantè Ayiti t ap vin pi vilnerab.
Kidonk egzistans zam nikleyè yo poze yon pwoblèm sekirite global. Se sèl yon repons global avèk enplikasyon tout pèp sou latè n ap rive elimine gwo zam sa a nan mond la. Sepandan li pa fasil ditou pou yon peyi tankou Ayiti angaje l nan yon batay kont egzistans zam nikleyè. Se yon desizyon ki konplike epi ki konplèks pa rapò ak pwoblèm peyi sa a deja ap konfwonte sou plan sosyal, ekonomik, ak politik. Men li enpòtan pou tout pèp sou latè konnen kijan prezans zam nikleyè yo danjere. Tankou nou te mansyone l, menm yon konfli nikleyè limite ka gen gwo konsekans sou tout mond la paske nou tout konekte. Posibilite pou fòs nikleyè yo sèvi ak zam sa a nan konfli egziste, nou wè ki jan sa ap afekte dyaspora ayisyèn ki voye gwo lajan an Ayiti, epi sa t ap gen gwo konsekans tou sou anviwonman oubyen chanjman klimatik mond la ikonpri Ayiti. Kidonk se nou tout ki “dwe mete ansanm pou elimine zam sa a, avan li elimine nou”.
Roland Joseph, Ph.D.
Doktè Roland Joseph se yon chèchè Ayisyen k ap viv Ozetazuni k ap evolye nan domèn lapè ak konfli entènasyonal. Rechèch li yo konsantre sou defi ak eksperyans transfòmatif aktivis k ap fè pwomosyon syans politik ki baze sou tewori “nonkilling” pa bò kote lòt aktivis ak chèchè ki nan domèn dezameman nikleyè, ak pwomotè tewori disyazyon nikleyè. Doktè Joseph se yon chèchè asosye nan Center for Global Nonkilling (CGNK), yon ONG Amerikèn entènasyonal akredite nan Nasyon Zini k ap fè pwomosyon “nonkilling” ak konstriksyon lapè (peacebuilding). Depi nan mitan ane 2023 a, li chwazi pou l sansibilize ak atire atansyon Ayisyen k ap viv an Ayiti kou nan diaspora a sou kesyon ris ki lye ak itilizasyon potansyèl zam nikleyè nan konfli.
Referans:
Bojarski, S. (2021). Remittances to Haiti surged in 2020 as kidnappings, other crises rose. Haitian Times. Retrieved from https://haitiantimes.com/2021/05/14/remittances-to-haiti-surged-in-2020-as-kidnappings-other-crises
ICAN. (n.d). Which countries have nuclear weapons? retrieved from https://www.icanw.org/nuclear_arsenals
Photo: France Culture