Pèp Ayisyen reveye nou!
Pèp Ayisyen kale je nou!
Boukan News, 08/22/2023 – Pèp Ayisyen an n nou di: non ak tout fòs okipasyon k ap vin pwoteje moun k ap nouri gang yo;. Non ak tout Fòs okipasyon k ap vin pote kolera ba nou;
Non ak tout fòs okipasyon k ap vin vyole timoun nou yo(tifi tankou tigason); gwòs jenn fanm yo apre kite yo ak timoun yo sou bra yo. Malerezman timoun sa yo vin ogmante lis Timoun bandone nan sosyete y’a.
Non ak tout fòs okipasyon k ap vin kouvri kriminèl yo, boujwa salòp yo, politisyen machann peyi yo, sosyete sivil iresponsab ak souf kout yo ak yo gwo dra enpinite nan ba yo amnistie pou tout zak malonèt yo fè Pèp Ayisyen an ansanm ak peyi y’a.
Non ak tout fòs okipasyon k ap vin tete lang ak boujwa patripòch k ap alimante gang yo nan ba yo gwo zam fann fwa, minisyon/bal ak lajan pou imilye, vòlò, vyole, touye ak masakre nou tout kote;
Non ak tout fòs okipasyon k ap vin vòlò Yon seri resous nou genyen, charye yo anba 2 nawèl nou pote nan bato pou ale lakay tonton Sam. Anpil moun nan depatman Sidès ak Nò pa bliye kouman gwo kamyon lame etranje yo te toujou ap bwote pil tè nan gwo kamyon pou al mete nan bato yo. Solda meriken yo te fè sa ni nan ane 1994 ak ane 2004. Nou pa bliye aksyon malonèt kote meriken yo t ap vòlo tè nou yo.
Non ak tout fòs okipasyon ki pral koute plizyè milyon dola (200 a 400 milyon dola pou yon lane) pitit nou ak pitit pitit nou genyen pou peye pandan nou pa gen lopital, nou pa gen dlo pou nou bwè, nou pa gen lekòl pou fòme Tèt nou, nou pa gen okenn mwayen pou bay pwodiksyon nasyonal la bon jan bourad. Malerèz ak malere pa gen okenn mwayen lajan pou mennen okenn aktivite.
Pèp Ayisyen ap mande poukisa Nasyonzini, Sekretè jeneral la mouche Antonio Guterres kòm majò jon, Etazini ak Antony Bliken mèt òkès, Kanada ak Justin Trudeau maestro, OEA ak Luis Almagro pewokè, pòt pawòl meriken yo plis tout lòt swivis yo genyen yon sèl obsession, yo pa tande, yo pa wè fòk se bòt fere, fòk se okipe yo vin okipe Ayiti fizikman.
Pèp Ayisyen di kominote entènasyonal la pa ni soud, ni avèg paske li genyen gwo gwo mwayen pou pèmèt li sezi ak konprann pawòl li yo. Pawòl la pa konplike ditou, ditou. Men pawòl la:
Ayisyen pa vle
Ayisyen pa dakò
Ayisyen voye jete byen lwen
Tout fòs ikipasyon
Tout fòs ak zam fann fwa sou tèritwa peyi y’a.
Pèp Ayisyen anndan tankou lòt bò dlo, vle pou tout sila yo nou site anwo la fwa sa konprann epi dakò pou:
Devlope relasyon egal ego ak tout kominote entènasyonal la sou baz enterè peyi y’a. Tout moun granmoun. Nou konnen prensip la : les États n’ont pas d’amis. Ils n’ont que des intérêts. Pou sa, se je nan je pou nou gade yo an granmoun.
Aksepte se Ayisyen anndan kon deyò ki pran tèt rezolisyon pwoblèm Ayiti.
Konprann Ayisyen pa kapab kite yo kontinye fè peyi y’a ansanm ak pitit li yo tounen jiwèt pou fè sa yo vle ak nou.
Fè Kominote entènasyonal la konnen yo pa fouti pase chifon sou tout krim finansye ak sang bandi legal nan pouvwa ak nan sosyete sivil ak nan boujwazi y’a fè peyi y’a.
Ayisyen pa kapab dakò pou kominote entènasyonal la fè dappiyanp sou peyi y’a konsa pou yo pran tout resous Moun ak byen li yo.
Rezistans lan dwe ranfòse!
Rezistans lan dwe gaye!
Rezistans lan dwe òdone!
Rezistans lan dwe pote bon rezilta!
Marcel P. Mondesir