Pa aksyon kriminèl li nan Legliz Sen-Pyè nan Petyonvil, diktati fewòs la reklame patènite ensekirite a ak kidnapin nan nan peyi d Ayiti.
Apre sa k fin pase nan Legliz Sen-Pyè nan Petyonvil la, jounen jedi 15 avril la, ou kwè yon sitwayen ayisyen ki gen yon minimòm bonsans ka doute toujou sou enplikasyon bèt anraje yo ki nan palè nasyonal la nan fenomèn kidnapin ak ensekirite jeneralize ki fè Ayiti tounen on lanfè a?
Se vre se pa premye fwa chen sal anraje Rochanbo yo rantre nan legliz pou yo kouri dèyè moun e devore moun a mò. Nou sonje sa k te pase yon dimanch 11 sektanm 1988 lè makout ak brasa wouj, ak sipò kèk prela Legliz ofisyèl la, te vare sou fidèl nan Legliz Sen-Jan Bosko, kote yo te masakre anpil konpatriyòt – san bliye yon fanm ansent yo te frennen nan vant – paske jou sa, yo t al tande levanjil liberasyon ki t ap simaye pa ansyen pè Jan-Bètran Aristid ki te, anfèt, prensipal sib malfra yo, paske yo te jije pè a se te yon gwo menas pou sistèm abolotcho a lè sa. Menmsi fwa sa, kidonk jou 15 avril 2021 an, se ak gaz lakrimojèn sèlman asasen yo te bonbade moun andedan legliz la jis apre selebrasyon mès la, men sa montre klè tou aksyon kriminèl ti ponyen asasen defakto yo k ap sèvi enterè okipan rasis e kriminèl yo nan peyi a di tout laverite sou kiyès efektivman ki mèt gang yo e kiyès ki genyen monopòl endistri kidnapin lan. Aksyon kriminèl tchoul okipan yo fè a, se yon siyal yo voye tou bay tout sosyete a, ki fè konnen pa gen liy wouj yo pa p travèse pou defann enterè demonyak yo ak pa mèt yo. Paske kouman nou ka imajine sitwayen on peyi ap lapriyè nan legliz akoz sitiyasyon kriminalite, ensekirite ak laperèz ki fè sosyete a tounen on pak bèt anraje, diktati PHTKis la bay chen-l lòd rantre nan legliz pou gaze moun? E jiskaprezan Kò Gang lan, padon, Core Group la, Binuh, OEA e OPC pa rache on mo sou krim malfra yo! Kisa sa di nou?
Bèt kriyèl yo te konnen t apral gen gwo manifestasyon nan Petyonvil apre mès la, paske plizyè milye konpatriyòt te gentan ap manifeste ozalantou legliz la e yo t ap tann mès la fini pou fè yon sèl ak fidèl yo pou yo t al manifeste kòlè yo nan lari Petyonvil kont diktati PHTKis la ki fè Ayiti tounen on lanfè. Alòs, yo te deja pran dispozisyon pou kraze manifestasyon an davans. Poutan, lach e mantè ke yo ye, yon jou apre, pòtpawòl chen anraje yo fè konnen se pa vre, lapolis pa t gaze moun nan legliz la. Erezman, nou an 2021, rezo sosyal yo la! Konpatriyòt ayisyen, nou dwe wè, reyalize e konprann lapriyè, jene, woule atè, rele lwa, woule chaple, fè pwosesyon, chante kantik, resite sòm ak litani, trase vèvè, se mit, se boulchit. Bagay konsa pa gen e pa p janm gen okenn efè sou mechan yo e sou reyalite kriyèl n ap andire. Pa gen okenn pèp sou latè nan okenn peryòd istwa mond lan ki te janm jwenn liberasyon-l toutbonvre san l pa itilize mwayen fò, mwanyen vyolan men òganize e kowòdone kont lènmi-l. Paske se langaj sa sèlman lènmi an konnen e itilize. Tan n ap pèdi tan nan aksyon initil ak rezistans pasif, tan n ap sibi plis vyolans anba men kriminèl yo e tan y ap disparèt peyi a ak tout noumenm. Alòs, li klè repons la pa lòt bagay ke lejitim defans. E nou pa dwe itilize okenn langaj kode pou m di-l e pou n fè pyès moun plezi. Se oubyen nou kite yo manje nou, osnon nou manje yo. Nou abitye dechouke kolon ak diktati deja. E nou ka toujou refè-l, paske nou 12 milyon fwa plis ke malfra lokal yo ak malfra rasis entènasyonal yo ki se lènmi limanite.
Morisseau LAZARRE
|
|