Ochan/ Gwo Kout Lanbi pou yon Vanyan Gason ki kite peyi a ake tè sa:
Nous pleurons un vrai patriote, un vrai démocrate, un vrai militant socialiste Haitien…
Kanmarad André/Alfred ale..
Batay pou yon lòt sosyete a pap kanpe……..
Fritz Pérard ( 12 Octobre 1933-25 Mas 2021)
Fritz Perard te fèt Pòdpè yon jou ki te 12 Oktòb 1933, yon lannen anviwon anvan okipasyon anvayisè meriken yo te bout nan mwa Dawout 1934. Manman Fritz te rele Gilberte Beauchamp. Se yon madanm ki te posede gwo bitasyon nan Vil Jean Rabèl. Papa Fritz Se te Bonicias Perard, yon Lyetnan an jandamri Ayti ki te sipòte Kandidati Kolonèl Calixte anfas Sténio Vincent. Prezidan Sténio Vincent te pase lòd pou ekzekite Lyetnan Pérard nan selil li nan mitan Lannwit. Pouvwa Vincent an te akize Lyetnan Perard ake yon bann militè plis sivil de “ Complot contre la sûreté de l’état”.
Fritz Perard te fè tout etid klasik li Collège Notre Dame, Okap. Li te fè etid inivèsitè li nan Fakilte leta, Pòtoprens: Lekòl Nòmal Siperyè, Sèksyon “ Lettres Françaises”. Epi Lekòl de Dwa. Li te diplome nan toulede…
Fritz te fè yon Ti bout karyè nan Ansèyman nan peyi d’Ayti sitou nan Pòtoprens nan lekòl prive yo… Epi an 1965, lè l’ONI te fè apèl a anpil kad/ Pwofesyonèl Aysyen pou al ede Peyi Afriken yo ki tap soti anba grif kolonizatè Fwanse yo, Fritz te kite Ayti pou ale anseye nan nouvo leta tankou “ Congo Brazzaville ake Guinée Conakry”.
An 1968, karyè ansèyman Fritz pwal fini nan kontinan afriken an. Li te rantre NY e li t al etidye travay sosyal nan inivèsite Columbia. Li pase anpil tan nan NY ap dongoye kòm Travayè Sosyal ake Travayè nan biblyotèk… Jouk la rejim Duvalier a tonbe, li retounen nan peyi a an 1986.
Karyè politik Kanmarad Andre ( Fritz Perard) te kòmanse nan peyi a lè kòm jenn gason li te antre nan Pati Popilè Liberasyon Nasyonal ( PPLN) ke yon group jèn entèlèktyèl te fonde pou ranplase yon lòt pati a gòch, Pati Sosyalis Popilè ( PSP) ake Hudicourt, Lèspès, Charlier ki te disparèt… Nan PPLN ki tap fonksyonnen nan klandèstinite, Kanmarad Andre tap milite bò kote Patryòt tankou Roger Gaillard, Yves Barbot, Jean Jacques Dessalines Ambroise, ake Madan m li, Lucette, Mario Rameau, Yves Barbot…Alexandre Lavaud, Jean Bernardin etc…. Anpil nan militan sa yo kòm etidyan te jwe yon wòl enpòtan nan grèv etidyan 1959/1961… pou te kòmanse batay kont diktati makout la ki tap parèt tèt li..tankou yon vipè ake tout venen mòtèl li nan Lang li.
Nan NY… Kanmarad André te rankontre kèk ansyen kanmarad PPLN ki te sove kite peyi a koz Represyon politik San limit nan tout a peyi a ant 1963/1970. Yo te rive mete kanpe yon “ gwoup etid” ki te pèmèt yo ale nan sous ideyoloji maksis leninis la pou yo te pi konpwann evolisyon Fòmasyon Sosyal Aysyen an…
Kanmarad Andre te milite nan:
– OR 12 N ( Òganizasyon Revolisyonè 12 Novanm) akote ansyen ofisye militè tankou Paul Laraque ake Les Frères Volel ( Yves et Eddy)
– Nouvelle Action Patriotique
– RFPH ( Rassemblement des Forces Patriotiques Haitiennes)
Li te fonde ake Lòt Kanmarad emisyon plis Revi “ Mayi Anmè” ki te jwe yon wòl enpòtan nan ede kominote Aysyen NY la konpwann pi byen mekanis fonksyònman diktati moun Duvalier yo ake rapò yo genyen ake enperyalis ameriken an.
Radyo “ Mayi Anmè” te mennen yon kanpay sistematik pou liberasyon prizonye politik yo ki te rive fèt an pati an 1976.
Kanmarad Andre Se te vrè poumon Ni Radyo a, ni Revi a. Li te gen yon kapasite ekstraòdinè ake yon fasilite pou konsevwa e redije tout dokiman patriyòt yo ake militan yo te konn mande l nan yon tan Tou Kout.
Nan NY, Kanmarad Andre te toujou disponib pou:
– diskisyon
– deba
– Sipò ( Tout kalite sipò nan Kwakilanswa domèn lan).
Generozite Kanmarad la pat gen limit… Kanmarad Andre pat konnen si mo “ Fache” a te ekziste. Li te toujou souriyan devan nenpòt difikilte….Li pat janm an kòlè kwakilanswa sitiyasyon an… Materyalis istorik la ake Materyalis dyalèktik la Se te pwensipal bousòl Kanmarad André nan tout sa l tap ekzekite..
Fritz Perard te retounen nan peyi d’Ayti an 1986…Non batay li te vin chanje. Li chwazi pou yo rele l Alfred….Anpil nan militan li travay ake yo sou tèren an konnen l sèlman sou non sa..
Se sou non sa, Li te rejwenn lòt ansyen militan PPLN ki te rantre nan peyi a anvan e ki te mete kanpe:
MOUNOTA ( Mouvman Nò Tèt Ansanm)
PRA ( Pati Revolisyonè Aysyen ) ki te vin bèy nesans a “ MP-26/ANOP “ ( Mouvman Patryotik 26 Janvye/ Alyans Nasyonal Òganizasyon Popilè)…
Nan mwa Avril 1988, diferans nan aplikasyon liy ideyolojik fè èstrikti politik sa yo te vin chire pakanpak.
Se konsa Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville pwal pwan nesans e kap patisipe depi lè sa nan travay Edikasyon ideyolijik e politik e nan ankadreman jenn gason ake jenn fanm pou yon sosyete nèf tankou nèftali nan peyi d’Ayti.
Nan peyi a, Kanmarad Alfred te pote grenn sèl li pou anrichi panse maksis léninis mondyal la nan pwodiksyon yon seri tèks Analitik sou dinamik klass yo nan fòmasyon sosyal Aysyen an, sou istwa, Ekonomi…. Eks…
Pami tèks ki gen anpwent Kanmarad Alfred nou ka site:
– Klass sosyal an Ayti
– Nouvo lòd Mondyal
– Chimen politik Jan Jack Desalin ( 1791-1806)
– Poukisa yo touye Desalin
– Dezentegrasyon Linyon Sovyetik…
Kanmarad Alfred kite yon Roman an Franse tou:
Les Méandres d’une impasse “ Roman sa pale de kalamite kominis Aysyen yo sou diktati Tonton makout Divalye yo…
Kanmarad Alfred pote kontribisyon l nan yon dividal Jounal ake Bilten k ap pote kole pou transfòme shema panse ki retade evolisyon politik e ekonomik sosyete Aysyen an:
– Rezistans Popilè
– Pouvwa Popilè
– Avangad
– Barikad
– Fistibal
– Revolisyon…
Epi nan yon seri “capsule” ki te konn parèt an 2019/2020: Vwa Pèp la.
Depi plis ke 6 deseni Pèp Aysyen an lage l San pwan souf nan yon batay pou repwan dwa gran moun li ki ka mete l nan chimen Pou l rebat kat la tankou sa k te pase ant 1791/1804. Konsa, pitit peyi a ka jwen lekòl, bon jan lekòl, inivèsite, bon jan invèsite, travay bon jan travay, laswenyaj, bon jan laswenyaj, lojman, bon jan lojman, wout, bon jan wout, transpò modèn, bon jan transpò modèn…Epi mwayen ake Sakrifis sa mande pou Aysyen konstwi yon vrè peyi pou Pèp Aysyen an…
Nan mobilizasyon pèmanan sa, Pèp Aysyen an bezwen yon ekip solid ake dirijan ki konpwann istwa peyi a, E ki metrize Kontradiksyon yo k ap parèt alepouvini e ki fè kriz mitasyon sosyal la ap anvlimen nan chak peryòd…
Fritz Perard ( Kanmarad André/ Alfred) Se yonn nan progresis ki te konpwann Kontradiksyon sosyal yo nan peyi a pi byen pase anpil moun malgre konpleksite yo…
Kanmarad la kite nou nan yon moman vrèman difisil… Li Pap prezan pou ede akonpaye mas popilè Aysyen yo nan chimen liberasyon tout bon vre…a…Kont enperyalis yo, neyo kolonyalis yo, boujwazi anti Nasyonal la, Sistèm apateid la k ap kokobe Ayti depi digdantan an…
Kanmarad Andre/Alfred Se yon yon èstratèj e taktiksyen ki manke alapèl..Anpil lòt ap reponn e dwe reponn prezan…
Militan progresis ki andedan Komite Rezistans Popilè Benoit Batravil pwomèt militan sosyalis entegral Fritz Perard Ke lide l yo pwal kontinye simaye TouPatou nan peyi a, nan mitan mas popilè yo pou batay la vanse rive nan chimen pou peyi a akouche lòt sosyete a ki nan pasaj depi 1807.
Viv Mobilzasyon pèmanan e jeneral pou chante libera sistèm semi feyodal e néyo kolonyal la…