Note de presse: Haitian Diaspora United

*Haitian Diaspora United (HDU)* salye kouraj pèp Ayisyen pou batay yap mennen pou demokrasi tounen boujonnen ak pou respè dwa yon pèp genyen pou la vi.
Yon lòt fwa HDU gen gwo kè kase devan zak banditis, ilegal ak enkonstitisyonèl Gouvenman tèt kale Jovenel Moise/Jouthe la enstore nan peyi-a, ki mennen ak Arestasyon jou 21 Janvye Senatè Nenel Cassy ak 15 lòt konbatan politik nan Miragwan ak Ti Gwav dèyè do la lwa.
Aksyon represif é ilegal komisè gouvènman Bòs Pent Muscadin fè nan Miragwan kont yon manifestasyon pasifik ki an opozisyon a Pouvwa li reprezante a malgre yo te genyen otorizasyon pou yo te manifeste pwouve devan je le mond antye nou retounen tèt dwat ak rejim makouto-Divalyeris la ankò.
Si tout Ayisyen andedan kou deyò Peyi a pa konjige fòs yo ansanm pou mete yon fren jodia menm sou wout nan tren sa a prale la, HDU wè yon sounami Divalyeris ki nan wout pou rechouke menm jan ak ekip tòsyonè Neo-Divalyeris-Makout ki te masakre anpil moun nan zòn Kazal, nan Latranble, nan Tyot, nan Bodari , nan Mapou, nan Jeremi, nan Fò Dimanch, san nou pa bliye nan Kazèn Desaline.
Pou nou evite sounami sila,
**Haitian Diaspora United **(*HDU*)ankouraje yon chita pale ak tout moun menm tandans kap defann menm kòz ak menm Patri pou nou sove sa ki ka sove.

Nou wè yon Gwo sounami Divalyeris ki nan wout ak ekip Jovenel Moise/ Jouthe, Rockefeller ak komisè Bòs Pent Muscadin nan zak ki pase Miragwan nan e lè nou masak ke yo deja fè nan divès katye kankou Site Solèy, la Saline , Bèlè, Kafou, Kafou Fèy ak enplemantasyon Gang ame nan tout peyi a, san konte Zak kidnaping kap fèt chak jou nan peyi. E nou pap bliye tou yon bann prozonye politik kap kwoupi nan Prizon ak asasina plizyè lòt kankou Pè Simoly Joseph, Mèt Monferier Dorval, Etidyan St Hilaire ak divès lòt ankò.

Lè Diapora konstate kalte chenn inite sa ki te fèt ant lidè ak pèp deyò kou andedan jou 21 Janvye 2021 an pou kontesteste zak ilegal Gouvenman Jovenel/Jouthe la fè lè li bay lòd pou arete Senatè Nenel Cassy ak plis pase 15 lòt konpatriyòt manm Sektè Démocratik la ki tap òganize yon manifestasyon pasifik nan Miragwan e egzije liberasyon yo, nou Manm Haitian Diaspora United di:
*Si nou vle nou Kapap*
*Nou Kapab si nou vle*
Konsa HDU ap pwofite de aksyon ilegal pouvwa Diktatoryal Jovenel Moise/ Jouthe la pou envite tout Lidè, tout Òganizasyon de Baz, tout Militan, tout Sektè pou yo transande enterè pwòp yo, e ambwase moman sa pou chita an tèt a tèt pou ansanm nou ka jwen pi bon solisyon ak wout ki pi rapid la pou estope Sounami sila.

Si ansanm nou rive trase chemen sa, fè sènaj la, limyè libète 7 Fevriye 2021 an va klere pou chak grenn ayisyen Kelkeswa kote yo twouve yo sou latè.
An nou ansanm chache chimen linite sa, pou Lonè, Respè ak Fyète Manman nou Ayiti ak tout moun kap Viv ladan li.

Fabienne Rene
Porte Parole
Haitian Diaspora United
(HDU)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *