Nòt pou laprès: Pozisyon Chimen Delivrans Ayiti sou dènye desizyon gouvènè BRH la pran pou mete $ 150 milyon dola meriken ankò sou mache chanj lan anvan ane fiscal la fini

Pòtoprens, lendi 22 dawout 2022

 Nòt pou laprès

Pozisyon Chimen Delivrans Ayiti sou dènye desizyon gouvènè BRH la pran pou mete $ 150 milyon dola meriken ankò sou mache chanj lan anvan ane fiscal la fini

Platfòm Politik Chimen Delivrans Ayiti (PPCDA) salye kouraj ak detèminasyon pèp Ayisyen an nan kad batay li pa sispann mennen pou’l jwenn jistis ak libète fas ak ansyen sistèm nan ki gen objektif explwate diyite’l ak redui’l tankou bèt.

Yon lòt kote, Chimen Delivrans Ayiti sezi tande gouvènè BRH la, mesye Jean Baden DUBOIS ki anonse nan laprès li pral enjekte $150 milyon dola meriken ankò sou mache chanj lan anvan ane fiskal la fini. Chimen Delivrans Ayiti pwofite okazyon sa a, pou’l denonse Aksyon makiye ak san vizyon sa a ki vize ogmante riches oligachi ekonomik ak politik la kont enterè tipèp Ayisyen an. Nou vle raple ak pèp ayisyen an ke se plis pase twa (3) lane depi nap mande gouvènman an atravè BRH pou sispann politik finansyarizasyon an ki pral gen gwo konsekans sou ekonomi peyia ak lavi rès popilasyon an.

 Chimen Delivrans Ayiti ap kontinye leve vwa’l byen wo pou mande BRH, CFI, FDI, BANK Agrikò

pl ak lòt enstisyon finansyè patnè pou yo sispann koze lage lajan sou mache a, men pito mete lajan sa a yo disponib pou ankouraje antreprenarya jenès. Pwogram sa a yo ap pèmèt ansanm jèn ki swete vin antreprenè yo kapab jwenn lajan prete jan lalwa peyia mande sa.

Chimens Delivrans Ayiti pa vle fini nòt sa a san’l pa pote solidarite’l ak òganisation ESKLAV REVOLTE yo ki pèdi youn nan militan’l yo ki mouri sasinen nan manifestasyon jounen lendi 22 dawout la epi gwo masak ki fèt sou yon gwoup sitwayen sou pon taba samdi maten, ladan yo fanmiy DESSENCLOS ak yon manb nan legliz katolik.

 Chemin Delivrans Ayiti ap kontinye mande pou premye minis Ariel Henry pote pouvwa a san pèdi tan nan lakou kasasyon pou evite peyia make pa sou plas ak tout pwojè entèvasyon fòs militè letranje.

Viv respè lalwa!                     Viv dwa grandèt majè nou!                  Viv yon dezyèm kongrè istorik!  

Ing. Robenson BLEHUS

Sekretè jeneral PPCDA  

 

 

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *