Mèsi Ariel Henry ak tout ekip akò, akwòkwò, dezakò 21 desanm 2022 y’a pou kafou fèy!

Mèsi Ariel Henry ak tout ekip Akò, Akwòkò, dezakò 21 desanm 2022 y’a pou Kafou Fèy!
Marcel P Mondesir

Boukan News, 09/02/2023 – Ariel Henry ou ba nou kou a, li reponn nou nan trip nou;

Emmelie Prophète Milcé, ou ba nou kou a, nou pa gen kòd pou mare ren nou;
Frantz Elbé ou ba nou kou a, ou fè nou kriye pou tout bon;
Madan Mirlande Manigat ou ba nou kou a, nou tonbe atè plat. Nou pa fouti leve kounye y’a. Men…
Kominote entènasyonal iresponsab ak konplis ou bay Kafou Fèy kou a, li reponn tout Ayisyen jouk nan mwèl yo;
Jedi apremidi Tilapli chèf gang Gran ravin ak lame kriminèl li y’a deplòtonnen cocktail Molotov sou kay anpil fanmi nan Kafou Fèy. Yon nouvo taktik pou kase ren tout moun ki te vle fè rezistans, ki kwè nan eslogan “*kanpe goumen an*. Gang Gran ravin Tipli y’a di li menm se *banm tè ya blanch*.
Ti lapli bandi ak tout sa nou konnen yo etenn souf epi kankannen anndan yon Kay anpil moun nan Kafou Fèy.
Ki krim kouzin moun sa yo fè kit sa k gen non, kit sa k san non/nou konsidere kòm anonim pou yo jwenn gwosè santans sa nan men Tilapli, gouvènman ak kominote entènasyonal la?
Pou nou menm, sèl krim fanmi sa yo se paske yo te chwazi rete nan Kafou Fèy. Yo te kwè nan pawòl gouvènman espesyalman chèf polis la ki te bay moun Kafou Fèy yo garanti Lapolis ap pran responsablite l, l ap asire sekirite lavi ak byen moun nan zòn nan.
Inosan yo te pito mete konfyans yo nan pawòl yon ekip manfouben, yon ekip ensousyan pase yo te tande rèl, pase pou yo te lage kò yo nan lari y’a san yo pa konnen ki kote yo t ap ale. Podyab yo te kwè nan tonton Nwèl.
Wi se konfyans nan yon gouvènman k ap livre popilasyon l nan men bandi san fwa ni lwa ki fè anpil moun  kankannen menm rès yo fanmi yo pa konnen si y ap jwenn pou yo kapab fè dèy yo.
Konsa nou ap di mèsi Ariel Henry ki ap ri nou nan malè pandye sa nou ye la jounen jodi an. Mèsi tou ak madanm Mirlande Hypocrite Manigat.  San  n pa bliye, di mèsi ak madanm Emmelie Prophète  Milcé ansanb ak Frantz Elbé.
Nan  non Pèp Ayisyen an n ap di gouvènman ak tout akolit li yo ki nan Akò, Akwòkò, Dezakò 21 desanm 2022 pou touye nou tout, pou kankannen nou anba flanm dife mèsi paske yo fè tout sa k nan pouvwa yo pou fè dlo koule nan je fanmi yo.
N ap fini pou n di,  dlo nan je sa, se konsekans gwo krim ki te fèt yè jedi apremidi an kote chèf lanmò Tilapli ak lame l la degennen cocktail Molotov sou plizyè kay nan Kafou Fèy.
Kadav anonim yo ki kankannen nan Dife bandi ak sapat yo k ap travay pou bandi ak kravat yo, bandi legal yo ki kouvri ak dra blan enpinite kominote entènasyonal la se gouvènman Ariel Henry a, se HCT y’a, se CSPN nan ki pote tout responsablite yo.
Fanmi yo ap mande Òganizasyon Dwa Moun yo, Komisyon Entè ameriken Dwa Moun, Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun, Reprezantan Espesyal Dwa Moun Nasyonzini pou Ayiti y’a, Madanm Maria Isabelle Salvador reprezant espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini (Antonio Guterres) nan peyi Dayiti pou yo pran Nòt e pou akonpaye yo nan demach pou yo jwenn jistis.
Fanmi yo di lanmò sa yo pap pase nan pèt ak pwofi.
Nou menm ki dèyè nou nou mèt ale, konnen Solèy la gen pou l leve sou Ayiti peyi nou te renmen an.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *