Depi 10 Zè nan maten dimanch 28 fevrye a plizyè milye moun te deja rasanble pou manifeste kont diktati ke prezidan defakto Jovenel Moïse vle tabli nan peyi a.
AnPil pankat nan manifestasyon an kote yo salanbe madan Lalime, yo ba madanm nan depi se non ki gen nan liv. Manifestan yo sible madan CORE GROUP la paske dapre pwotestatè yo li te fè gwo manti nan estimasyon li kote li te di se 3000 moun selman ki te nan lari a jou ki te 14 fevrye pase a.
Gen anpil lidè ki la, tankou: Antoinette Duclair, Patrice Dumont, Pierre Esperance, Antonio Cheramy, Moise Jean Charles, pastè Bataille, Pasha Vorbes…
Jiska prezan se yon manifestasyon pasifik kap dewoule, lapolis la men yo pa anpil. Pa gen woch kap voye, pa gen machin kap kraze ni boule. Trè souvan manifestasyon yo kon chanje an vinèg se apre lapolis deside vide gaz, bat moun, tire sou militan yo.
Boukan News ap swiv dewoulman gwo manifestasyon sa a via korespondan l ak radyo ki andirek sou nan peyi Dayiti!
( Koutwazi Lambi News)
www.boukannews.com