👆🏿👆🏿👆🏿👆🏿👆🏿👆🏿👆🏿
M anvi kriye pou peyi m.
Par Wilfrid Suprena
Mwen choke, nou choke
Mwen enève, nou enève…
Men Kòman nou reyaji?
Emosyon anpil emosyon:
Joure, kriye, blame lòt enstans, preche..Epi apwe twa jou klèren, tafya, banbòch, k naval, gouye… Betiz ( Sweet Micky, Rapè Ghetto)
Tout bagèy antre nan lòd jouk menm bagèy la rive yon lòt fwa menm evènman repwodwi ankò nan yon “ escale” ki pi wo. Epi “ cycle” la rekòmanse…
An palan de sa, kote Léon Charles ake “ Wo Kòmandman” la polis la?
Nou sonje msye mwa pase? Nan Afwontman ant Yon group Swat Team ake Polisye Fantôm 59 yo?
Léon, kote w?
Men vrè teyoris fwape wi. E yo fwape fò?
Léon, Eske w wè kò jenn gason sa yo San vi? Ap benyen nan San yo? Tèt kraze? Inifòrm chire ake drapo Nasyonal la? Léon, kote kask Gerye a! Kote “ paroles martiales” yo? Pawòl sa yo se te pou polisye “ égaré” ki tap revandike dwa yo pou yo pa mouri nan kondisyon sa yo?
Wi, Se sa
Ni nan baz yo ( polisye), ni nan tèt leta a ( Prezidan, premye minis de fakto yo), menm bagèy la:
Pote boure ( polisye) San plan.. San Objèktif. San preparasyon. San anyen…
Predikasyon moral ( Prezidan de fakto) Repetisyon, repetisyon menm bagèy yo…menm manti yo…konmsi Se yon plak ki kole…
Absan : Minis Enteryè ( de fakto), Minis defans ( de fakto)
Jeneral lame ranyon ( de fakto)
Mesye Dam,
La polis pa antre nan baz teworis. Non..
La polis al arete rès teworis, mennen rès teworis lopital apwe lame fin detwi rapyetè baz teworis…
Se sa Lapolis fè…Se la polis te dwe fè.
Ki misyon sa te ye la?
Kote Dirèktè Jeneral la?
Kote wo kòmandman la polis la?
Men yon sityasyon ki mande pou mete kask lagè a, pou jeneral Jodelle Lesage a kote w? Kote sila? L ap dòmi.. Mwen konn wè l ap dòmi nan seremoni ofisyèl devan tout moun…
Kote nou mesye? Fè m wè nou…
N ap touché chak mwa? Se pa vre?
Nou gen machin blende, Se pa vre?
Nou gen fwè, Se pa vre?
Fiche gaz, Se pa vre?
Kat telefòn, Se pa vre?
Kote nou?
Montre Pèp la ke tout privilèj sa yo nou genyen an nou ka defann li… Montre ke nou ka fè yon bagèy pou peyi a..Nou ka mete yon Ti plan sekirite a ekzekisyon….Kidonk, nou pa ka fè sa? Ban m rezon ki fè nou la?
Ban m rezon ki fè n ap touche a?
Kòm sitwayen Aysyen,
Mwen ta renmen tande a pati de aswè a, Izo nan kouri, Manno nan sere, Ti Lapli vole gagè, Barbecue anba kòrd…
Retire Jovenel nan ekwasyon an, yon Aysyen ki pwan Nèg sa oserye ankò… Li sot ap pale, gade non, tout moun ap manke l dega nan kòmantè yo..
Ah, mesye menm yon Ti “ Etat d’urgence” nou pa ka bay Pèp la… Hein? Pou nou fini ake pòch teworis yo infwapoutout?
Sipozon ke federasyon teworis ( G-9) yo ke PHTK kreye pou etabli laperèz nan Mitan Pèp la poul va vote deside koulyè a y ap mache pou al pwan palè nasyonal? Ki sa n ap fè?
Nou pwal rele Lame kolonbyen, lame Ameriken vin ede nou? Lame Kanadyen, ki lame dominiken? Sila a pa ladan i… L ap twò lèd! Non se pa vre? Okontrè Pèp la ap ede yo ban nou de Kout pye nan dengwenn nou Paske nou méprize, nou imilye yo, nou pa pwan yo pou moun… Yo pa fyè de nou… Se nou ki pouse yo ap bat bravo pou bandi ake teworis…
Lè m wè jenn gason sa yo atè a i inifòrm sou yo, drapo Aysyen an nan zepòl yo…. Se premye ake Dezyèm pitit gason m mwen wè devan m: yonn 33 lane, lòt la 32 lane…. Li te ka se yo…. Si m te Ayti..
Antouka….
Nou te mande chawon y lan
Yo ban nou chawony yo…
Men rezilta politik chawony yo…
Kenbe Fèm…
Wilfrid Suprena
Pa kriye zanmi m. Se grenn nan kap fin pouri pou ti pye bwa ka pouse. Se tout sosyete a, se nou tout nèt, ki chawony lan. Se yon pwosesis ki menmen nou la. Si nou pa konsyan de pwosesis, si nap gade grenn pwen sèlman nan koub la, nou pap ka jwenn yon solisyon. Se tout koub la pou nou konsirere.
Solisyon an se pa goumen yonn ak lòt pou yonn ka detrui lòt, men pito se goumen yonn ak lòt pou nou chita ansanm. Ayiti gen apeprè 12 milyon moun, si yon sèl ta kanpe poul di li pa chawony oubyen li mwens chawony ke yon lòt, Bondye ki se Lanati, pap ka delivre nou. Chawony lan se tankou diferans potansyèl. Tout moun la pou menm bwa.
Tout moun, bouche nen nou pou nou bwè dlo santi a. Mwenmenm kòm DANJE, map bwè l san m pa bouche menm (paske m konnen lwa natitrèl dejeneresans yo, m konn sak rele remèd chwal, m konn sak rele pase nan lanfè poum tonbe nan syèl, mouri poum resisite, pouri poum rejème, dòmi poum reveye) AMEN.