Football: Kote Fafa Picault?
Boukan News, 08/19/2023 – Fafa se ti non jwèt de Fabrice Jean Picault. Misyse te fèt nan Eta New York nan peyi Etazini nan dat ki te 23 fevriye 1991. Li gen 32 zan.
Aktyèlman, Fafa se yon jwè foutbòl ak anpil talan ak eksperyans pwofesyonèl ki ap jwe nan Nashville SC nan peyi Etazini.
Selon konsta ke k te fè nan dènye match ke li te jwe pou Ayiti nan dènye Gold Cup ki te sot fèt nan mwa jen an la nan peyi Tonton Sam, misye se yon bon mitan teren.
À mon humble avis, an depi de laj avanse li ki se 32 zan, mwen panse ke Fafa te kab ede Ayiti anpil nan pwochen konpetisyon entènasyonal yo tankou eliminatwa koup di mond 2026 ki ap fèt nan 3 peyi Amerik di Nò yo.
An pasan, pou yon koup di mond ki ap fèt nan peyi Etazini, Mexique ak Kanada, kòm peyi òganizatè yo ap tou kalifye, donk li ta sipoze pi fasil pou Ayiti jwoinn kalifikasyon l. Sitou nan yon koup di mond ki ap fèt ak 48 ekip. Kote aprè Etazini, Mexique ak Kanada, 6 ladan yo ap gen pou sòti nan zòn CONCACAF lan.
Men pou Ayiti jwoin kalifikasyon l, fòk non sèlman dirijan Federasyon (FHF) yo, entrenè yo konnen sa ke yo ap fè, men fòk gen bon jwè foutbòl tou.
Pou prepare 2 pwochen match ke Ayiti ap gen pou jwe an septanb lan kont peyi Kiba ak Jamayik nan lig A ant peyi CONCACAF yo, yè vandredi 18 out lan, nan lis de 25 jwè ke entrenè Gabriel Calderon Pellegrino fèk konvoke yo, non Fafa pa ladan l.
Antrenè an rele sèlman 4 mounn nan mitan teren an. E Fafa pa konvoke. Pou ki sa non Fafa pa nan mitan 4 mounn ki ta sipoze jwe nan mitan teren ekip nasyonal lan? Èske se ekip li ki pa vle kite li ale? Èske se li ki pa vle retounen vin n jwe pou ekip nasyonal lan ankò? Èske se antrenè an ki pa rele l pou l vini nan gwoup lan?
Anpil kesyon pou anpil repons. Anatandan ke responsab yo tankou antrenè an bay yon repons sou zafè an, ki se yon zafè tout peyi an, sou tout twal lan, se yon sèl kesyon: Pou ki sa Fafa pa konvoke nan lis 25 jwè ke antrenè an rele?
Zafè lis jwè ki pou vinn jwe pou peyi an pa sèlman zafè Federasyon an ak antrenè an, se zafè tout peyi an. E se konsta sa ke m rive fè sou rezo sosyal yo.
Esau Jean-Baptiste