Kominike Sektè Demokratik ak Popilè a!

Pòtoprens madi 02 fevriye 2021

Pèp ayisyen,

Sektè Demokratik Popilè a koube l byen ba pou l salye kouraj ak detèminasyon w.

Pandan n ap salye memwa 2 mapou, 2 sitwayen angaje ki kite n: Sosyològ Antony Barbier (manm Sektè Demokratik Popilè a) e Senatè Serge Gilles ( Pati politik Fusion); Sektè Demokratik la ap rapousib san fay batay konbatan sa yo t ap mennen pou yon lòt Ayiti a. Nan moman separasyon difisil sa Sektè Demokratik la ap di Madan Liliane Pierre Paul li pa pou kont li. Peyi a ak li.

Apre 10 ane tribilasyon anba yon rejim PHTK k ap fè san w koule nan 4 kwen Peyi a; apre tout masak rejim sa a fè nan divès kote nan katye popilè yo; nan yon sitiyasyon kote dlo pa janm sispann koule nan je w anba kidnapin ak vyòl bandi rejim Jovenel- PHTK a ap fè toupatou, ou montre lemond antye ou se yon pèp brav ki gen kouraj pou w batay pou tabli demokrasi nan Peyi w .
Si gen moun ki t gen dout sou kapasite ak detèminasyon w pou w reziste epi konbat rejim kriminèl Jovenel -PHTK a apre tout batay ou mennen deja yo, 2 jounen grèv jeneral 1e ak 2 Fevriye a montre aklè ou pap janm aksepte diktati tabli ankò sou tè Dessalines nan sans vyolans, san pèsonn pa fòse w, ou chita lakay ou pou w montre Jovenel ak akolit li yo ou pap kite l pase yon jou anplis nan Palè a apre 7 Fevriye 2021 an.
Ayibobo pou ou! Chapo ba pou ou!

Sektè Demokratik la ap felisite :

1-Militan nan 4 kwen Peyi a ak nan dyaspora ki kontinye ap goumen san pran souf pou respè konstitisyon an patikilyèman atik 134-2 a.

2- Tout Pati, gwoupan, regwoupman politik ak tout aktè nan Sosyete Sivil la ki siyen avè l, nan dat 31 Janvye 2021 an, gwo akò sa a k ap pèmèt Peyi a tabli yon pouvwa tranzisyon koupe fache nan enterè tout pèp ayisyen an.

3- Sektè Pwotestan an ki pouse gwo rèl kont ensekrite a e pou mande respekte sa manman lwa peyi a di: nan kad finisman manda yon prezidan.

4- Federasyon Bawo yo ki di Jovenel aklè 7 Fevriye 2021 manda l fini dapre Lwa Peyi a ak Konstitisyon 1987 amande a.

5- Konferans episkopal la ki fikse pozisyon Legliz katolik aklè lè l fè Jovenel konprann menm lwa ki te aplike pou majistra, depite ak senatè yo se menm lwa sa a ki dwe aplike pou li san okenn diskisyon ni mètdam, sa vle di manda Jovenel Moise fini 7 fevriye 2021.

6- Lakou dèkont ki pran responsablite l pou l pa otorize okenn depans konsèy elektoral enkonstitisyonèl,ilegal ak ilejitim Jovenel la.

7-Lakou kasasyon ki pat aksepte konsèy elektoral Jovenel la vin prete sèman devan l paske l te fòmè dèyè do lalwa ak popilasyon an.

8-Sektè vodou a ki kontinye ap akonpaye pèp la nan batay kont diktati e pou respè konstitisyon an.

9-Tout aktè nan Sosyete sivil la ki pa janm sispann pote kole ak pèp la nan denonse tout zak vyolans,vòl,vyòl ak kidnapin pouvwa Jovenel -PHTK a ap fè oubyen ankouraje nan Peyi a.

Yon lòt kote,Sektè Demokratik la ap kondane, yon lòt fwa ankò,tout zak kriminèl ak tout briganday pouvwa a ap kontinye fè nan Peyi a tankou:

a.- Atak nan rezidans prive youn nan dirijan l, Senatè Antonio Chéramy nan lide pou etenn souf li.

b.- Asasina militan Yvon Noel nan jounen manifestasyon pasifik 31 janvye a sou Delma.

c.- Represyon pouvwa a kontinye fè sou popilasyon an k ap defann dwa l pasifikman toupatou nan Peyi a patikilyèman nan Gonayiv ak Okap.

d.- Arestasyon ilegal senatè Nènel Cassy ak 10 lòt militan l nan Miragwàn

e.- zak represyon ak entimidasyon delege depatmantal Nip la te fè sou Me André Michel e chofè li.

f.- zak entimidasyon, represyon e arestasyon ki fèt nan Miragoane ak Okay sou Depite Sinal Bertrand ansanm ak chofè l.

anplis tout zak kraze brize bandi pouvwa a te fè nan jounen manifestasyon pasifik ki t ap fèt nan peyi a jou 31 janvye a.

Sektè Demokratik la ap di Leon Charles opinyon Nasyonal ak entenasyonal ap gade l. Desten Peyi a nan men l ! Kreyon pèp la pa gen gòm !

Sektè Demokratik la mande chak dirijan,chak militan pou yo kontinye goumen san kanpe pou fòse Jovenel Moïse respekte atik 134-2 konstitisyon an pandan l pran angajman , yon lòt fwa ankò devan Nasyon an, pou l tabli ansanm ak tout lòt aktè ki vle pote kole ak pèp ayisyen an, yon tranzisyon koupe fache ki pral fè pwosè Petwokaribe a ak tout lòt krim finansye yo, pwosè tout masak yo epi k ap òganize yon konferans nasyonal granmoun ki dwe akouche yon lòt Peyi kote lavi ak dwa tout moun respekte;

kote gagòt sispann nan Leta a ak enstitisyon ki solid nan kad yon lòt Sistèm politik,ekonomik ak sosyal nan Peyi a.

Pèp ayisyen, sonje nan tout istwa Peyi a, yo pa janm fè nou okenn kado. Se nan kontinye goumen san pran souf n ap rive rache tout sa nou bezwen pou n viv tankou moun.

nan sans nap mande pèp la nan 4 kwen Peyi a leve kanpe e femen peyi a menm jan grev la femen peyi a pou rive 7 fevrye 2021 avek depa Jovenel, itilize tout mwayen nou kom pèp e nou mande tout sektè kontinye pote kole. se nan mobilizasyon san pran souf nap jwen respè konstitisyon nou an. Alaso!!!

Ricard Pierre
Senatè

Antonio Cheramy
Senatè

Johns Joël Joseph
Senatè

Marjory Michel
Ansyen Minis

Rony Colin
Ansyen Majistra

Youri Chevry
Ansyen Magistra

André Michel
Avoka/ Pòt pawòl SDP

Axene Joseph
Avoka

Ulrick St-Cyr
Depite

Nènel Cassy
Senatè

Ernst Vilsaint
Medsen/Petwochalenjè

One comment

  1. San nou pa bliye masak ki fèt nan tout rakwen peyi ya:masak lasalin,masak nan tirivyè latibonit,asasina mèt Dorval,asasina etidyan,manman ak papa pitit kap soufri pou pitit yo ki mouri sou rejim PHTK, pwosè Petro caribe ya…nou kwè viktwa se pou pèp la, Jovnèl ak tout fatra PHTK yo pral rekonèt yo nan poubèl listwa

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *