Kisa rès 6 manb KPT YO PÈ ?
Boukan News, 12/12/2024 – Pou anpil nan nou, mwen konnen nou pa anfòm, nou pa byen ditou. Pou tout sa n ap tande, pou tout sa n ap wè e pou tout sa n ap viv. Anpil fwa, m sèten, anpil nan nou mande tèt nou Kisa k ap pase konsa?
Nou tounen yon peyi ki pote lamayòl, ki leve gwo lo nan « Aliye eskandal ». Depi nan koze krim, pase nan konpòtman manfouben, vòlò jouk rive nan je chèch/odas lakay gwo zotobre.
Lè nou tande rezon 3 konseye prezidan dwèt long siperyè/brakè/kasè bank yo (Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin) a travè Avoka yo avanse pou boude pou n pa di pase tenten nan Jij enstriksyon Benjamin Félismé, nou di, ak espisimenn sa yo Ayiti fenk kòmanse fè moun espantan, fenk kòmanse fè moun pè.
Youn ladan yo, fè konnen okenn nan Jij yo pa gen tit ak kalite pou l al kanpe devan l pou l reponn kesyon(konsa Dr Gilles kapab kontinye kase bra moun, kontinye touye moun tankou sa ap di nan lari a) pa gen okenn kote pou l vin bay esplikasyon.
Prezidan Vertilaire, ki se mouche Lalwa nan KPT a, mande Mèt Félismé pou l retire kò l tou dousman nan dosye sa. Se yon aksyon radiyès pèmèt Jij la poze. Se yon peche mòtel Jij la fè.
Pou sa ki rele Smith Augustin an menm se pa pale. Mouche sa, yon koken ki pote lamayòt pou zak ak deblozay li fè nan diplomasi a ak patwon l Claude Joseph, li pouse Odas li a nan dènye limit. Ou wè se yon moun ki konn benyen tout bon nan zak malodoran, zak malonèt. Se pa pou granmesi pawòl pèp la di: « se konn fè, ki fè ». Si Smith Augustin pa t abitye nan egzèsis dwèt long siperyè li menm ansanm ak ZABOKA L yo. O mwen twonpe m, se avoka mwen t ap ekri pa ta dekouvri fòmil sa, pa ta fè Konstitisyon 1987 la pale konsa, kote residivis Smith(nou pa bliye jan mouche sa dechèpiye lajan Anbasad peyi dAyiti nan peyi SenDomeng ansanm ak Claude Joseph) pou fè konnen se Wot Kou Jistis sèlman ki kapab jije l.
Men kouman 3 bandi, 3 chef eskwo, 3 brakè chwazi mete tout yon peyi Ajenou ak konplisite des « hommes en robe noire qui se prétendent être des avocats ».
Kounye a èske Jij Benjamin Félismé kapab transfòme manda konparisyon yo nan manda darè pou « refus de comparution ou refus d’obtempérer »?
Èske lapolis ki sou lòd Lajistis pap gen devwa ekzekite manda arè a? Sa vle di mennen 3 chèf eskwo yo, 3 bandi yo, 3 dechêpiyè yo douvan Jij la, « le ou la façon » pou n repete pawòl yon löt ti mètdam chèf yon Òganizasyon raketè.
Kounye a kijan rès manb KPT yo santi yo lè yo kontinye fonksyone ak 3 malodoran sa yo pandan yo dwe travay pou ranfòse lajistis?
Kouman rès manb KPT yo santi yo lè nan diskou yo y ap klewonnen KORIPSYON an ansanm ak Ensekirite a se 2 gwo java sosyete a? Dayè youn pa mache san lòt?
Kisa rès manb KPT a kapab di Sitwayèn ak Sitwayen k ap zewo(0) tounen nèf(9) ou vise versa nan Administrasyon piblik la?
Èske lalwa pa di « la responsabilité est personnelle », sa vle di chak moun responsab zak ou devan lalwa. Konsa, sosyete a ta renmen konnen KISA KI ESPLIKE SOLIDARITE KÒ A NAN MITAN KPT A?
Dapre sa nou aprann, se sèl nan sosyete sekrèt yo ki genyen Solidarité de corps(tout moun kouvri pou tout moun). Konsa, pèp Ayisyen ap mande CARICOM, ki akouche KPT a, èske prensip ak règleman li redije pou fonksyonman yo sanble ak sa k jere sosyete sekrèt yo?
Poukisa rès 6 manb KPT yo pa kapab pran distans yo ak 3 malfektè yo? Est-ce la théorie ….?
Peyi a kanpe. Machin nan pap mache. Ayiti tounen yon « moulin à vent » l ap tounen vid. Se tan n ap pèdi. Se lespwa n ap touye. Se lavi n ap detwi. Èske rès manb KPT a dakò pou listwa jije yo tankou moun ki sakrifye tout yon pèp paske yo te chwazi fè SOLIDARITÉ AK 3 brakè, 3 dechèpiyè, 3 koken olye yo te pran wout la rezon, wout lavi, wout limyè, wout limanite.
6 manb KPT yo, nou swete gen yon jou k ap jou e Solèy la va klere sou peyi dAyiti. Jou sa menm pitit pitit nou pap reyisi konprann Kouman nou te rive chwazi 3 kont 11 milyon. Sèlman nou swete nou tande konsyans nou.
Nou menm pèp Ayisyen kisa nou genyen pou n pèdi ankò ki fè nou rete tankou mouton nan patiraj ap kite lou yo kontinye devore n.
Tout sila yo k ap di gade tout zak Donald Trump fè men li rive prezidan pi gwo peyi sou tè a, Ayiti pa Etazini. Epi tou, chak pèp genyen « aune pour mesurer sa morale publique ».
Marcel Poinsard Mondésir