Kilè  politisyen opòtinis lakay ap  konprann konpòtman mèt yo?

Kilè  politisyen opòtinis lakay ap  konprann konpòtman mèt yo?

Marcel P Mondesir
Massachussetts, USA, 05/23/2023 – Nou toujou tande yo di bouch granmoun santi, men pawòl k ap soti ladan l genyen anpil sans, anpil valè. Se pa nan gran lakou lakay koze sa ap kontredi, ap pèdi fondman l.
Lè w chita anba bouch grandèt pou w aprann epi konprann, premye devwa w nan lavi se mache sou trèz (13) ou pou w pa pile katòz (14). Se teke fren w, pou ale dousman. Yon fason pou w pa di si w te konnen. Sonje, si w te konnen toujou plase dèyè tèt ou.
Se yon seri pawòl nou genyen nan patrimwan nou ki ta dwe sèvi nou kòm dig pou pwoteje nou kont yon seri atitid, yon seri konpòtman. Bref, pou moun ki leve nan tye wòb grann ak anba bouch gran papa, koze sa yo se lonbraj ou se zanj pwotektè w yo ye.
Rezon an senp. Anvan w poze nenpòt aksyon y ap vin kanpe doubout nan lespri w pou pèmèt ou analize epi pran bon desizyon an. Ou ta di se fòs pwotektè nan gran lakou lakay ou ki vin koze ak ou.
Travay zouti sa yo se trase liy ou gen pou swiv nan kèk teren, milye ak espas w ap frekante, men se pa espas ou yo ye tout bon vre. Se envite yo envite w ladan yo pou yon rezon. Se gen dwa pou kapasite w marye ak dosilite w epi dispozisyon w pou fè travay yo ba w fè y’a san poze kesyon. Ou fèt pou konnen teren, milye ak espas sa pa teren orijinèl ou. Ou se yon maryonèt y ap itilize pou fè dyòb sal la. Sa nan langaj tonton Sam, li rele “dirty job” la.
Nan foli “mimetisme” anpil nan nou, nou toujou bliye vit kote nou soti. Nou toujou fè pou n efase nan memwa nou premye seren lapli ki te fè jaden mayi lavi nou pouse.
Anpil tyoul, anpil restavèk boujwa flibistye yo, anpil toutè, anpil entèlektyèl san konviksyon souvan bliye se pyon Conzé lokal yo ansanm ak tonton Sam yo ye. Ozòd, o sèvis. Sèl rezon ki jistifye prezans ou nan lakou woyal la, se paske ou montre dosilite ak tretriz ou parapò ak orijin ou. Ou se yon bon sèvitè ki san okenn konplèks vann nanm ou pou kèk fèy dola.
La seule raison qui justifie votre présence à leurs ambassades lors de certains événements et réceptions, comme par exemple (1 juillet pour le Canada, 4 juillet pour les USA, 14 juillet pour la France et 9 mai, journée de l’Europe) reside dans le fait de vos“capacités” à livrer la marchandise avec tant d’efficacité, de pugnacité et sans état d’âme au moment voulu.
Ils se sont servis de vous pour que vous participiez à votre auto-destruction en vous intégrant dans des cercles jusque là vous pensiez impossible d’accès.
Mais ce que vous devriez avoir en tête, en vous embauchant pour faire le sale boulot, ils connaissent vos limites, votre niveau de mesquinerie et comment vous pouvez vous renier avec facilité. Ils savent parfaitement que vous n’êtes pas sain d’esprit. Le traître restera toujours traître disent-ils.
Les politiciens aux ordres et en services commandés de chez nous, n’ont rien appris du comportement de leurs maîtres sur d’autres terrains et même chez nous. Leur obstination d’être toujours en réserve de la république pour leurs maîtres les rend sourd et aveugle.
À aucun moment de leur mission de sape, et de destruction, ils n’ont aucun réflexe. Ils agissent comme la couleuvre qui mord sa queue. Ils participent tête baissée et bouche cousue aux plans de destruction et maintes fois ils jouent au malin pour “se démarquer” par leur phraséologie des dégâts causés par leur comportement opportuniste et antipatriotique.
Ils prennent le peuple pour des “bambins” incapables de déceler leur double jeu macabre.
Oubliant la théorie disant que les pays n’ont pas d’amis mais que des intérêts les Conzé vendus, n’ont jamais réfléchi une fois qu’ils pourraient être, à un moment lâchés par leurs patrons. Ne tirant pas les leçons de l’histoire, ces laquais et certains de leurs alliés de l’ombre usent de tous les vocabulaires quand ils sont jetés à la poubelle.
Ils viennent avec toutes les arguties pour faire comprendre au peuple qu’ils sont victimes de complots. Jamais ils n’avaient pensé à ces paroles:“Traître aujourd’hui, traître demain” “Baton ki bat chen nwa, se li ki bat chen blan” Et la parole la plus célèbre qui a traversé le temps et l’espace: “ ne fais pas à autrui ce que tu ne voudrais pas qu’on te fît.”
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *