KI SA W TE WÈ MAGALIE HABITANT?

KI SA W TE WÈ MAGALIE HABITANT?

 

Mag toutou! Maga makomè! Lili!

Men, reponn mwen non, ti cheri.

Bon, ki sa ki te pale menm nan DCPJ?

M pa fin si. Ban m yon ti eklèsi.

 

Bwi kouri di ou te mete peyi a sou do

Anwo yon bèl, yon jenn ti PRADO.

Se vre ou pa t fè anpil tan kay Madan Kolo,

Men ou s’on ti konmè ki madre nan pare so.

 

Hey ! Rete ! An n pale serye Magi.

Ki sa ojis “enstans  konsène” a te di?

Alòs, kidnapè yo pa komèt okenn deli?

Ak kiyès ou te pale: Gwo Lapli ou Tilapli?

 

 

Mag, a pa w pe! Se vre, bagay yo myèl.

Djòl mare…ou pa vle bwa mare pou Jovenel.

Poze! S ak pase a, se yon ti peche venyèl.

Pa enkyete w, sò m. Ou pa gang kriminèl.

 

Yo di: Se ou ki manman baz «Krache Dife».

Yo di tou se ou ki transpòte kòb, zam ak manje

Bay kidnapè yo. Men, 77 fwa ou te sèmante

Ak tonnè boule, loray kraze se pa frenk vre.

 

Ou t ap rann sèvis, malgre w s’on fiyètlalo.

Reyèlteman, ou pa menm vo yon move kanivo.

Laye latcha w manman! Danse règ Petro-Ibo!

Ou se kalmanson ki toujou kite tras. Bravo !!!

 

Sèlman Mag, fè anpil atansyon, chouchou.

Pawòl « Prado » a ou lage a fè JOMO fin fou

Tankou fwonmi fou. Koze sa lakòz anpil jalou.

Veye pou yo pa kwit ou kon vyann babekyou.

——————–

Réginal Souffrant

1e mas 2021

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *