KI AVNI PITIT FIY BARBECUE A ?
Jodya mwen chwazi soti nan silans mwen sou ensekirite kap ravaje peyi an, paskem pansem tap iresponsab kòm lidè kap pale de AYITI 2050 sanm pa pale de sa kap pase nan geto an.
Mwen sonje an 2014 sou prezidan Mateli, inisyativ pou regwoupe tout geto yo ansanm sou : *FÒS GETO INI* , te sipoze fasilite depoze zam ak devlopman katye popilè yo. Nan bout ekperyans m fè nan vizite anplis nan gwo geto nan peyi an, mwen remake moun ak zam ke nou rele bandi yo, se ayisyen ki grandi nan kondisyon kote lespwa ak edikasyon pa fè chimenl. E mwen sonje lem te komanse vizite yo, mwen wè jodya *Barbecue* gen menm revandikasyon ak *Amarald , Yoyo Piman, elatriye* , tout ap revandike yon lavi miyò nan fason pa yo pou zòn kote yap viv.
Mwen antre tout kote e nan tout geto nan peyi an , de 2009 a jodya 2021 .
Mwen se yon lidè ekonomik ak politik kap eseye konpwann chak jou ,ki avni pou jenerasyon ki dèyè yo.
Mwen sonje vizit mwen nan Ti bwa, eksperyans mwen Matissan, avni Bòlos , Bel Air , Delmas 2, Site Soley , Simon Pélé, vilaj de Dieu , elatriye .. mwen sonje chak konvesasyonm nan geto an. Mwen rezime li a yon sel grenn *KI AVNI POU MOUN KAP VIV NAN GETO YO?* mwen wè desten chak jeune nan geto yo rezime a yon fasad al lekol pandan kek lane, epi kenbe zam apre lew se jèn gason, e siw se jèn fanm apre ou fin pedi vijinitew ak diyitew se al fè pwostitisyon , sou yon fòm oubyen nan yon lòt.
Mwen viv ekperyans nèg kap voye madanm yo brase sou twotwa pou chodyè bouyi bay pitit yo manje , mwen viktim de ti volè ki rale zam dechèpiyem ,lèm te konn ap fè biznis chanmas.
Jodya mwen pa yon lidè ekonomik ak politik kap pale nou sanl pa viv ak nou, pa gen yon moun nan geto an ki ka di li pa wè vizaj sa deja, mwen bwè , mwen manje e mwen abite nan geto yo poum konpwann !
Jodya mwen gen yon sèl mesaj eske nap repete menm erè kite pase 2004 yo ? *Barbecue* eske lè sistem lan fin use ou tankou *Grenn sonnen*, wap swete popilasyon an danse e kite souvni sa pou pitit ou, batay geto an mande poul fèt yon lòt jan.
Anpil moun pap konpwann desten yon nèg ki chwazi kenbe zam poul batay , men si jodya geto an deside fè yon denye batay , fòk li pa nan entere sistem lan, fòk li chanjel e kreye avni pou tout rès moun kap viv nan geto an.
Tout solda konnen depi Zam li nan menl , li mouri deja , paske se prensip goumen. Men se nou menm nan G-9 an fanmiy e Alye kap konnen si nou chwazi mouri pou sistèm lan, oubyen si nap fèl pou rezoud pwoblem lan.
Mwen tande *Ti Lapli , Izo , ect.* e mwen rive kwè geto an ka edem nan revolisyon ekonomik lan, sitiyasyon sekirite an ,pap pèmet m fè personne konfyans poum ta desann al rankontre nou paske nou poko mèt tèt nou. Men kwèm batay nap mennen an ka pote yon lòt rezilta ak van chanjman pou peyi an?
*KI AVNI POU PITIT FIY BARBECUE A?*
Yon kesyon ki mande repons kem panse Jimmy Cherisier ap twouve pou kòl, si mango mi an ap pase konsa e mango vèt lan.
Mwen voye respèm pou tout nèg ki chwazi batay ak zam pou pote revandikasyon yo, menm janm mwen mande nou, pwan dispozisyon pou revolisyon ekonomik ki dwe bay nou *AYITI 2050* lan, ak travay , devlopman , e ledikasyon pou pitit nou bouyi nan tèt nou, map mande nou pwoteje tout solda ak lidè Ayiti 2050 yo et tout Strikti ki ansanm ak nou yo !
Paske apre batay lan , nap blije konstwi peyi an, e nap oblije konstwi yon avni pou jenerasyon ki dèyè yo.
Viv AYITI 2050 ! Viv Revolisyon Ekonomik lan !
*Robentz DORVIL*
Revolisyonè Ekonomik
Lidè *AYITI 2050*
*MESAJ PIBLIK POU G-9 AN FANMIY E ALYE*
YON SEL GOUMEN POU YON LOT AYITI.