Jounen Entènasyonal kont Vyolans sou Fanm ak TiFi.
Boukan News, 11/25/2025 – Nan peyi dAyiti pa genyen okenn pawòl ou kapab di sou koze Vyolans sou Fanm ak TiFi, tèlman sitiyasyon an grav pi mal pase aksangrav chak jou piplis.
Si gen yon kategori moun ki viktim, ki sibi plis nan kriz ki genyen plizyè fòm sa peyi dAyiti ap viv la se: Fanm ak TiFi yo.
Fanm ak TiFi yo viktim Vyolans fizik, Vyolans vèbal, Vyolans ekonomik, imilyasyon ak vyòl. Yo sibi maltretans anndan lakay tankou nan espas travay yo. Sa vle di anse dan kon deyò.
Mete sou sa, Fanm k ap chache lavi pou yo ak pitit yo pou kont yo, blije nan lari nenpòt figi makawon ensekirite a pran. Paske se yo menm ki rele ak reponn an menm tan. Konsa, Fanm sa yo sibi Vyolans lan tout jan, tout fason. Se chak jou y ap gade Timoun yo k ap soufri yo pa gen okenn repons. Nan achte kredi pou touye vè nan vant Timoun yo, anpil fwa yo blije vann kò yo pou yo kapab jwenn yon ti tcho tcho e mouche gason an pwofite fè l sibi tout move zak.
Konsa se tout matris sosyete a ki dekonstonbre ak zak sa yo. Rezon an se paske fondman sosyete a ki chita sou Fanmi pa genyen okenn baz ankò. Sosyete a pa fouti reziste. San konte malfrédeng ki pwofite absans lalwa pou manyen, fè kadejak sou pitit yo oswa
sasinen Madanm yo
Nou tout konnen kouman bandi san fwa ni lwa yo(kit sa ak sapat, kit sa ak kravat) ap imilye, vyole, fè kadejak sou Fanm ak TiFi san gade dèyè.
Òganizasyon Fanm yo, Òganizasyon Dwa Moun yo pa gen bouch ak papye ase pou dekri tout move zak, move konpòtman bandi yo kont medam yo ak TiFi yo.
Nan sikonstans sa, Fanm ak TiFi nan tout kouch sosyal yo viktim menm jan anba men bandi yo.
Vyolans sou Fanm nan kriz politik ki gen plizyè fòm nan depase limit.
Ou ta di Vyolans sou Fanm ak TiFi yo se Youn nan Zam laterè laboratwa k ap manniganse kriz la ansanm ak bandî yo sèvi pou kreye laperèz nan mitan sosyete a e fè Timari pa ni monte ni desann.
Zak Vyolans yo tèlman kriyèl moun pa fouti pale de yo alewè pou dekri yo. Ou mande ki nivo pa moun, ki eta depravasyon mantal bandi yo rive pou se mòd Sèn sa yo yo fè sou Medam ak TiFi yo. Kote koze kriminèl bandi yo debòde nèt se lè w tande Kouman yon seri Granmoun twazyèm laj(Granmoun Fanm 75 lane an montan ak Tilezanj anba laj 6-7!lane konsa e menm) nivo maltretans yo sibi anba men bandi yo nan moman vyòl yo, anpil fwa anba je pitit yo, paran yo ou lòt manb fanmi yo.
Nou pa kapab ap regrete ankò;
Nou pa kapab ap kondane ankò;
Nou pa kapab ak kriye ankò.
Nou dwe aji.
Nou dwe egzije Leta, nan’moman sa KPT ak gouvènman Fils-Aimé a pou lage koukouwouj tout bon vre dèyè bandi yo;
KPT a ansanm ak gouvènman
dwe pran yon dekrè pou egzije pi gwo nivo sanksyon kont tout moun ki fè vyolans sou Fanm
ak TiFi sitou vyòl pandan kriz la;
KPT a ansanm ak Premye minis la dwe nan moman 25 novanm
lan chanje Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan ki pou Òganizasyon Fanm yo se yon
Vyolans pouvwa fè sou yo ak nominasyon sa;
KPT a ansanm ak gouvènman dwe louvri Sant Ankadreman sosyopsikolojik pou resevwa Fanm ak TiFi ki viktim Vyolans yo;
Kominote entènasyonal la dwe sipòte sou tout fòm tout aksyon Leta,Òganizasyon Dwa Fanm
ak Òganizasyon Dwa moun yo ap antreprann pou denonse ak sipòte Fanm ak TiFi ki sibi Vyolans yo. Yo dwe ede Òganizasyon yo lage koukouwouj dèyè tout Vyolatè yo kelkelanswa kote yo ta al kache. Nan sans sa se pou Nasyonzini entegre koze Vyolans Fanm nan nan tout Rezolisyon l yo;
Se pou Òganizasyon Dwa Moun yo ansanm ak Òganizasyon Dwa Fanm yo mennen yon gwo kanpay Pledwaye sou koze Vyolans sou Fanm ak TiFi nan nivo entènasyonal pou rive sansibilize anpil Aktè ak sektè sou kesyon vital sa;
Se pou sosyete a an jeneral devlope Tolerans Zewo kont
tout Vyolans sou Fanm ak
TiFi.
Jistis pou Tout Fanm ak TiFi k ap sibi Vyolans. Pou n rive bay Fanm ak TiFi k ap sibi Vyolans sou tout kalte fòm Jistis nou dwe goumen tout bon.
Rezilta n ap jwenn li lè nou repanse modèl Sosyete ki mete Gason sou tèt Fanm.
Marcel Poinsard Mondésir