Ipokrizi madan Mirlande Hypocrite Manigat san parey!

Ipokrizi madan Mirlande Hypocrite Manigat san parey!

Marcel P Mondesir

Boukan News, 11/02/2023 – Se move kou sèlman Madanm sa toujou ap bay pèp Ayisyen an. Se li menm ki te kraze tèt ansanm ki te fèt nan Karibe y’a kote li te dakò Hillary Clinton pran l pou sèvi maryonèt pou te ka nonmen Martelly prezidan.

Se menm Madanm sa ki te vle fware eleksyon yo lè l te wete kandida l pou pòs Senatè Lwès la. Lè sa li t ap swiv lòd pwofesè mari l defen Leslie François Sainrock Manigat.
Toujou Madanm Mirlande Hypocrite Manigat sa ki foure kòl nan malpwòpte sa sou lòd Madanm Larim/Madanm La Lime anvan l kite BINUH. Madanm nan te di tèt li anvan l mouri fòk li genyen tit prezidan nan CV. Enben prezidan HCT y’a se “du pain béni” pou li.
Se menm Madanm Mirlande Hypocrite Manigat sa ki te lwe RDNP bay Erick Jean-Baptiste Pè Letènel Bòlèt.
Toujou Madanm Mirlande Hypocrite Manigat depi l nan yon regwoupman l ap mayi moulen kò l pou l sabote l. Li toujou genyen bèl pawòl pou twonpe sèvèl wòwòt.
Ekip Ariel Henry, Edmonde le Supplice Beauzile/Fusion des Sociaux Demoncrats, André ak Marjorie Michel, Sorel Jacinthe, Jean Tolbert Alexis an pi entèlijaaaaan/pi vivan pase ti gwoup raketè Madanm Mirlande Hypocrite Manigat/Virginie Saint-Pierre la.
Konsa ekip Madanm Mirlande Hypocrite Manigat/Virginie Saint-Pierre la apre Ariel Henry fin fè yo filalang ak yon bidjè plis pase 400 milyon Goud yo konprann yo te fin rive. Madanm nan di tout koze. Li tire pwent sou tout yon seri moun. Li pale jouk li depale. Li rive menm di li pa konprann kilti sa lakay politisyen Ayisyen “ yo pa janm dakò fè konpwomi, yo pa janm dakò antann yo sou pi piti pwen an”.
Li te di tou apre 1986 li poko janm wè pi bon akò pase akò 21 desanm nan. Li fè kòmsi li pat konprann si akò 21 Desanm nan te fè pati plan Machiavélique ekip Ariel Henry an. Tankou Nou toujou ekri sa: 21 Desanm nan se yon  akò akwòkò dezakò pou fè tan pase. Se yon lòt zouti Madanm Lalim anvan l deplase kite pou Ariel ak akolit li yo, flibistye yo pou yo kapab kontinye woule pèp la nan farin. Akò a pat genyen okenn eleman anndan l ki te di si gouvènman de facto y’a pa rive aplike l men ki santans lap jwenn.
HCT kanpe. Madanm nan prezidan. Pi gwo zak HCT a, yo òganize, pou n repete defen Sony Bastien “Gwo Woumble” nan Karibe kote yo reyini yon bann abolotyo. Yo manje jouk yo gonfle. Madanm Manigat “discouri” kote li pete tenpan nou ak yon seri ekspresyon sou Sekirite ak Etadedwa, yon mannyè pou l te kapab boycotte/torpille yon inisyativ mache kontre yon ekip sitwayen t ap fè sou koze ensekirite sou gang Ariel yo k ap simaye lanmò chak jou.
Nou pa konprann kouman fè se kounye y’a Madanm Mirlande Hypocrite Manigat wè ekip Ariel, Edmonde le Supplice Beauzile/Fusion Socio demonkrat, Sorel Jacinthe, André ak Marjorie Michel, Jean Tolbert Alexis se nan koken yo ye. Pa genyen okenn ajenda/kalandriye, okenn aksyon k ap pran pou mennen Ayiti nan eleksyon.
Se lè yo kidnape Virginie Saint-Pierre la, Madanm Mirlande Hypocrite Manigat resi dekouvri Ariel ak tout wo etamajò PNH la se nan betiz y ap pase pèp Ayisyen an.
Pouvwa Ariel la pa genyen okenn volonte pou rezoud pwoblèm ensekirite y’a. Poukisa Madanm Mirlande Hypocrite Manigat pa “jeter l’éponge”, li pa demisyone.
Zo a gou toujou nan bouch ekip HCT y’a. Anvlòp ki nan vwazinay 400 milyon Goud la petèt poko fin dechèpiye. Ou wè li pa plenyen ankò e li pa di tankou Senatè Grandans lan, Ariel ba l yon ti kaka Aran. Epi tou, lòt privilèj resepsyon nan anbasad, reyinyon nan tout ajans Nasyonzini, vwayaj. Konsa Madanm nan ansanm ak rès opòtinis yo pap fè okenn kòlè krapo pou al bay demisyon.
Ekip Ariel Edmonde le Supplice Beauzile/Fusion des Sociaux Demoncrats, André-Marjorie Michel, Sorel Jacinthe, Jean Tolbert Alexis yo gen tan genyen jwè k ap chofe sou “banc de touche” la si Madanm nan ta fè erè sa.
Dayè konbe fwa yon moun ki nan wo nivo sa, yon moun ki genyen manmèl la nan bouch li konn demisyone. Se pa Madanm Mirlande Hypocrite Manigat ki ta vin louvri bal demisyon an. Èske m manti? An nou rete gade pou wè pèp Ayisyen.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *