Gang Kriminèl yo ap Chache fè Dekabès ak Zam Fannfwa

Gang Kriminèl yo ap Chache fè Dekabès ak Zam Fannfwa

Chef gang Izo

Boukan News, 04/04/2024 – Ayè, yon òganizasyon pwogresis ki tabli nan Nouyòk pouse nan yon videyo yon kout rèl kont vyolans gang ame ap rapousuiv an Ayiti. Videyo sa a ki rele “Bat Chen an, Tann Mèt li”, di machin lamnò gang ame yo sou dènye  vitès.

Depi apre demisyon fòse premye minis defakto Ariel Henry, yon moun ka konstate  gang ame yo ap miltipliye  yon seri zak vyolans moun pa janm wè ki  pote ale nan flanm dife anpil  enstitisyon  ki make lavi  ayisyen tankou  Kolèj  bèd , legliz  Batis  ri la reyinyon , anpil  biwo leta ak  mezon komès.  Andire, gang yo sèmante fòk yo retrase vil pòtoprens ak vyolans zam fannfwa yo !

Kòm aksyon sa yo rive nan kontèks diskisyon ak negosyasyon pou ranplase gouvèlman Ariel la ki bwè luil, li fasil pou yon moun konprann gang yo ap chache enfliyanse ak zam nouvo paj politik ki tanmen nan peyi a.

Madan White, yon ansyen anbasadè meriken ki te soutni gang ame yo san gade dèyè pandan misyon l nan peyi Dayiti, vann konplo a nan entèvyou li bay televizyon Ozetazini kote li tap mande pou Guy Filip ak Barbecue reprezante nan nouvo Gouvèlman kap kanpe nan peyi a.  Ak entèvyou sa yo, Madan White te montre se pa pou granmesi chèf gang yo toujou ap paweze ak yon drapo meriken sou do yo. Anplis zam ki nan men gang yo ki sòti dwat dirèk nan peyi meriken, li ta sanble gang yo gen gwo bwa diplomatik deyè bannann yo jan entèvyou madan White la montre sa.

Politisyen Klas Mwayèn yo Anpetre

Sou bò pa yo, politisyen klas mwayèn yo parèt anpetre pou yo ranplase Ariel Henry nan tèt peyi a. Malgre chèz la vid denpi anviwon twa semèn, konsèy prezidansyèl nèf moun ki te sipoze pran mayèt la ak konkou Karikòm la toujou rete sou papye. Li poko klè kouman nouvo otorite sa yo pral kontrekare masuife gang yo ap fè Ayisyen monte. Antouka, mache dousman konseye prezidansyèl yo ape fè pa byen mezire ditou gravite ak ijans ki make sitiyasyon sekirite peyi a.

Plis tan ap pase se plis pwoblem sekirite a ap vin pi mangonmen. Se plis tou solisyon pwoblèm nan ap danse yanvalou anba aksyon kidnapè ki tounen politisyen pou yo egizije padon kriminèl pou tèt yo.

Politisyen klas mwayèn yo ki fòme konsèy la mete yon kominike deyò nan dat 27 mas 2024 pou yo eseye kalme moun  ki bouke  kannnale pou gang kriminèl. Sanble menm manm konsèy yo reyalize kounan yap mize nan wout alòske kidnapè ap koupe rache nan Pòtoprens ! Nan kominike sa a, yo esplike yap travay pou yo enstale Konsèy la nan jou kap vini yo lè yo fin jwenn yon antant nan mitan yo sou divès kesyon ki pandye.

Pawòl ki bay kominike Konsèy la jarèt montre politisyen yo pa pare pou fè fas ak kriz la. Ayiti tèlman ap dekrenmen li mande pou lidè yo djougonnen sèvo pou yo vini ak solisyon djanm pou tabli lapè ak sekirite epi remete peyi a sou ray. Politisyen klas mwayèn yo genlè pati pou yo pase akote solisyon an yon lòt fwa ankò. Yon moun ki sinik kapab panse se pa premye glas ki kraze nan gouvèlman, men diferans la chita fwa sa a nan yon peyi ki rive nan toubout li anba machin lanmò san fren gang kriminèl.

Kidnapin Oswa Padon pou Kriminèl

Kidnapin oswa padon pou kriminèl se pase pran m ma pase chèche w. Se yon dezyèm souflèt lanmò pou Franswa Latou, Jacques Roche, Hèbè Doktè, Vladimi Legagnè ak plizyè milye lòt  viktim san non gang kriminel touye pou gran mesi. Nan peyi madan White Depatman lajistis fouke epi jete nan prizon tout sila ki te atake Kongrè meriken jou te ki 6 Janvye 2021. Sepandan, an Ayiti madan White ap mande yon plas bò tab la pou Guy Filip ak Barbecue dekwa pou enpinite ak kidnapin toujou anpeche pèp ayisyen an viv nan lapè epi reyalize rèv byennèt li. Se byen konte, mal kalkile paske Pèp ayisyen se yon champion batay libète !

Ayisyen Swaf Jistis ak Sekirite

Kidnapin se yon pwoblem gwo nèg ki jwenn rasin li nan yon sistèm miwo miba kap donnen lamizè pou majorite ayisyen. Nan lane 2023 òganizasyon Nasyonzini te konte anviwon 8400 moun, gang estropye, kidnape oswa touye nan peyi Dayiti. UNICEF te konstate te gen anviwon 300 fanm ak ti fi ki te viktim kidnapin nan mitan menm ane  sa a. Pou sèl  mwa Janvye 2024 , gang yo te fè dappiyamp sou 784 moun nan peyi a. Kidnapin sal figi peyi a deyò. Yon atik jounal New York Times ki te parèt 25 Oktòb 2021 te kanpe Pòtoprens kòm pigwo kapital kidnapin sou latè. Anplis, kidnapin kraze peyi a pak an pak sòti nan touris pase nan komès rive nan lekòl. Li fè ayisyen pèdi dwa pou yo sikile ak viv nan lapè nan peyi yo. Li rann klas mwayen peyi pi pòv epi fè ayisyen tounen juiferan. Gen plis pase yon ka milyon moun ki kite kay yo andedan peyi a pou yo eskive dappiyamp gang kriminèl, dapre enfòmasyon òganizasyon kap travay nan zafè migrasyon mete ansanm. Patriyòt ayisyen dwe leve kanpe toupatou sou latè pou yo denonse mannigans ki tanmen pou padonnen gang/ kriminèl/ kidnapè epi reklame jistis, lapè ak bonjan sekirite pou yon AYITI ANPENPAN 2068.

 

Alain Zéphyr,

Sosyològ, BSN-RN

Manm Kòwodinasyon Renouvo Demokratik.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *