Foutbòl pa sèlman yon konpetisyon entènasyonal, fok li jwe lokal tou

Foutbòl pa sèlman yon konpetisyon entènasyonal, fok li jwe lokal tou

Esau Jean-Baptiste

New York, France, 02/16/2023 – Yo fè, yo fè, yo voye ba nou, an nou fè voye ba yo tou.

Mwen kòmanse ak pawòl nan mizik sa pou m di ak tout fanatik yo, ke foutbòl lan pa fèt sèlman de match entènasyonal tankou Ajantin, Brezil, elatriye.

Anpil ayisyen fou lè gen gwo konpetisye entènasyonal yo. Yo konnen non, koulè tout gwo klèb ak non tout gwo jwè ki ap jwe nan gwo chanpyona an Ewòp yo. Pa egzanp, lè Barcelone, Real Madrid, Athlético de Madrid, Paris Saint Germain (PSG) etsetera ap jwe,  se kòm yon gwo mès relijye ke yo pa kab rate.

Nan kesyon fanatik yo, mounn sa yo konn rive gen mayo, kepi, postè ak tout lòt bagay ke yo kab genyen pou montre lanmou yo pou tèl ou tè l lòt ekip. Ankò se trè byen. Paske yo di: gou ak koulè se pa yon bagay ou vrèman k ab diskite.

Definitivman, pa gen anyen movè nan sa. Men gen yon epòk tout gwo jwè sa yo te konn ap jwe chanpyona lokal U 17 ak entènasyonal nan menm kategori an tou. Gwo save yo renmen di tou: Pa gen jenerasyon espontane. Gen yon pwovèb ki di: Timounn jodi, granmounn demen.

Mwen p ap aprann oken mounn anyen. Kiyès mwen ye pou m ta ap fè sa. Men, nou pa k ab plis royalis ke wa an. Menm jan tou, nou p ap k ab plis Katolik ke Pap lan tou. Kesyon pou m di nou p ap janm plis Brezilyen ou Ajantin ke mounn ki fèt e ki ap viv nan peyi sa yo. Anvan tou, nou se Ayisyen.  Wi Ayisyen natif, natal.

Se vre nou gen plis ke 2 zan nou pa gen chanpyona an Ayiti. Se vre ke gen lontan, se lakay vwazen ke nou reyini jwè nou yo pou nou prepare konpetisyon entènasyonal yo.

Se vre tou lè nou ap jwe match ale ak retou, se teren lakay vwazen ke nou itilize pou nou resevwa advèsè nou yo. Men, se pa yon rezon pou mounn ki abitwe fè anpil bwui nan rezo yo ignore ti grenadye nou yo nan dènye faz final eliminatwa konkakaf pou koup di mond U 17 ki ap jwe nan moman an nan peyi Guatemala.

Èske gen anpil mounn ki te konnen nan jou ki te dimanch 12 fevriye an, li te 5 kè nan aprè midi, ti grenadye yo, antrene pa Angelo Jean-Baptiste te rankontre ekip U 17 Salvadò lan. Yo te byen kòmanse match lan paske yo te fè yon gòl nan premye mitan match lan. Men malerezman apre egalizasyon ekip advès lan, ti grenadye yo te pwal pèdi premye match yo nan konpetisyon an kont ti mesye Salvadò yo sou yon eskò de 3 gòl a 1.

Men defèt sa p at dekouraje yo. Paske antan ayisyen, yo konnen ke premye so pa so. Se vre avèk match ke yo te pèdi an, ti mesye yo te mal kòmanse konpetisyon an. Men yo te rete kwè ke yo gen chans yo toujou pou yo avanse nan sèzyèm de final, epi kalifye pou pwochen koup di mond nan kategori U 17 ki ap fèt nan Perou nan dat 10 novanm pou rive 2 desanm ane sa.

E se ka ki te motive yo pou yo te genyen dezyèm match ke yo te jwe jou madi ki 14 fevriye an a 5 kè kont ekip Sirinam. Se vre pou premye match yo an ki te dimanch lan Ayisyen nan dyaspowa yo te okipe nan zafè Sipèbòl. Nan dezyèm match ki te jwe madi aprè midi an ki te jou fèt mounn ki renmen, anpil mounn te okipe nan zafè fèt. Gendwa se sa ki fè ke yo pa t vrèman gen twòp tan pou yo te bay ti grenadye yo twòp lanmou.

Se pa t two grav paske jou sa, yo te rive bat ekip Sirinan lan sou yon eskò de 3 a 0. Pou kounye an, yo dezyèm nan gwoup lan.  Yo ap gen pou jwe twazyèm e dènye match yo nan gwoup lan jodi an kont ekip Ondiras lan ki an premye pozisyon nan gwoup lan. Donk nan match jodi an, tout bagay posib. Se sa ki fè ke rezilta match Salvadò kont Sirinam lan ap enpòtan anpil. Li ap pèmèt ti grenadye yo konnen kote yo kanpe anvan yo kòmanse match pa yo an a 8 tè nan aswè.

Donk fanatik an nou pa neglije ti mesye yo. An nou eseye bay yo anpil lanmou ak atansyon, menm jan nou konn abitwe fèl pou Duckens Nazon, Frantzy Pierrot, Nerilia Mondésir ak Melchie Dumornay lè yo ap jwe.

An nou ankouraje ti grenadyo nou yo pou yo ale dèyè kalifikasyon pou mondyal lan.  Paske pou kounye an, yo se sèl vrè Anbasadè ke peyi an genyen.

Esau Jean-Baptiste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *