Foutbòl: Ayiti 3, Bermudes 1

New York, USA, 03/28/2023 – Se te nan yon anbyans de fèt ki potko fin n selebre ke grenadye yo te afwonte ekip Bermudes lan jodi madi 28 mas lan.
Kontrèman ak dènye match samdi kont Montserrat kote grenadye yo te jwe an blan, pou match jodi an, se te ak koulè chòt ble, mayo ble, ba ble ak tras wouj ladan yo ke Ayiti te abiye pou rankont lan. Tandike Bermudes te jwe an wouj e blan.
Match sa ki te jwe aprè midi an nan estad Panamericano de San Cridtobal te rantre nan kad dènye konfwontasyon grenadye yo nan Lig B Nasyon yo ki nan zonn CONCACAF lan.

Pou l te kòmanse dènye match sa, nan yon estil de 4-3-3, Direktè teknik lan Jean Jacques Pierre te fè kèk chanjman taktik nan ekip lan. Li p at gade menm fòmasyon ki te jwe e genyen samdi pase an kont seleksyon Montserrat an. Kronikè espòtif yo renmen di: “on ne change pas une équipe qui gagne.” Men nan match jodi an, antrenè Jean Jacques pat respekte prensip sa.
Alexandre Pierre, Carlens Arcus, Leverton Pierre, Derrick Étienne ak Duckens Nazon te respektivman remplase pa Josué Duverger, Jeppe Simonsen, Danley Jean Jacques, Carl Fred Sainthé ak Mondy Prunier.
Sepandan, Kapitèn Ricardo Adé, Djimy Bend Alexis, Alex Christian, Bryan Alcéus, Carnejy Antoine et Frantzy Pierrot te rete nan plas yo.
Aprè lim nasyonal tou 2 ekip yo, li te egzateman 6 zè kan abit santral lan Melvin Orlando Matamoros, assiste de Armando Salinas ak José Miguel Bare e Adonis Carrasco Garcia te bay koutsiflè pou match lan kòmanse.
Se te yon seleksyon ayisyèn ki nan premye 20 minit nan premye mitan an ki t ap eseye rantre nan match lan. Antretan, ekip advès lan te ap eseye defann li nan kèk kontratak. Koyekipye Ricardo Arde yo te kontinye ap mete anpil presyon nan kan advès lan. Men tout atak ofansiv sa yo p at vrèman enkyete gadyen Bermudes lan.
Sepandan, nan yon atak ki te mennen sou bò dwat seleksyon ayisyèn lan, nan 25 minit Frandzy Pierrot ta pwal enskri premye gòl pou grenady yo. Epi, 1 minit aprè, menm Frandzy Pierrot sa ta pwal fè yon 2e gòl e agrave eskò match lan a 2 a 0.

Aprè sa, seleksyon Bermudes lan te ap wè kòman ke yo te k ab redwui eskò an anvan premye mitan an te fini. Men grenadye yo te kontinye mete plis presyon toujou sou ekip Bernudes lan. Se konsa kèlke segond anvan fen premye mitan an Carnegy Antoine ta pwal ogmante eskò an de: 3 gòl a 0
Esau Jean-Baptiste