Fanmi Lavalas dakò sove sòlda Ariel Henry

Fanmi Lavalas dakò sove sòlda Ariel Henry

Marcel P Mondesir

Boukan News, 09/10/2023 – Pawòl Ayisyen an:”tout sa w pa konnen pi gran pase w”, se yon verite ou pa kapab diskite. Chak moun ou gwoup moun aji dapre enterè yo.

Kisa ki kapab enterè Fanmi Lavalas, lè li dispoze pwoteje/sove/kouvri premye minis Ariel Henry?
Èske gouvènans premye minis Ariel Henry an mache kòt a kòt ak gouvènans Fanmi Lavalas nan abyssal Ayiti tonbe la?
Èske se tout bon pawòl k ap sikile sou rezo sosyal yo ki fè konnen: Fanmi Lavalas pa patizan pou Premye minis Ariel Henry rache manyók li pou l kite pouvwa a?
Nou pa vle kouri repete sa k ap di sou rezo sosyal yo menm lè genyen yon jounal ki fè konnen deklarasyon sila pote siyati yon gwo zotobre nan Fanmi Lavalas mouche Pacha Vorbe.
Ki moun ki pote pawòl sa a vre? Pacha Vorbe.
Èske se pwolonjman boujwazi atoufè m yo anndan tout espas sosyal ak politik pou pwoteje enterè yo ak tèt yo?
Èske se toujou pran pèp la pou mach pye pou yo kapab toujou anwo/anlè?
Eske se Fanmi Lavalas k ap bay pèp la dènye kout tiwèl la nan simityè tou louvri Ariel Henry ap jere pou Kominote entènasyonal la nan peyi DAyiti?
Kisa Fanmi Lavalas ap di Moun Bèlè, Site Solèy, Matisan, Gran ravin, Kafou Fèy, Savien pou n mansyone sa yo sèlman?
Kafou Fèy wo lye Rezistans pou te anpeche Pè Aristid pran wout legzil sou demann Vatican nan lane 1988.Èske dirijan Fanmi Lavalas gen tan bliye moso listwa sa?
Kisa dirijan Fanmi Lavalas yo kapab di tout pitit moun ki mouri nan Pyat, Milo, Janrabèl ak tout lòt kwa madoulè Pèp Ayisyen pote pou li?
Èske Fanmi Lavalas dakò reyisi san pèp la olye li echwe ak pèp la?
“La reconnaissance est une lâcheté” disait l’un de nos dictateurs.
Le petit prêtre des bidonvilles dans la métaphore dont lui seul a le secret avait rétorqué plus de 20 ans après: “la reconnaissance est la mémoire du cœur.” Que fait Fanmi Lavalas de cette assertion?
Pèp Ayisyen ap mande Fanmi Lavalas nan kiyès nan 2 “reconnaissance” pou li kwè?
Yon lòt kote, nou ta renmen Fanmi Lavalas di Nou ki lwa ki ta kapab monte nan tèt ekip Akò, Akwòkò, Dezakò 21 desanm 2022 yo pou kounye y’a yo ta kapab bay Sekirite nan tout peyi y’a ki te/ki se premye responsablite yo pou pèmèt eleksyon òganize.
Est-ce vrai le pouvoir rend l’Homme réellement fou et  aveugle?
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *