Eleksyon-Dèmalòg
Kat dèmalòg?
kat matin-jovnèl?
pou eleksyon otomatik?
eleksyon pike-kole?
eleksyon kole-w-pran, pa-kole-w-pran?
eleksyon koudeta?
eleksyon pou zonbi?
eleksyon pou je-pete-klere?
eleksyon pou ranfòsman
lokipasyon ak diktati PHTK?
eleksyon ki-mele-boundam-ak peyi?
eleksyon peyim-se-pòch-mwen?
eleksyon sekrè-deta?
eleksyon krim-òganize?
eleksyon ti-rès-la-pou-ti-ponyen-mafya a?
eleksyon lavoum-pou-lepèp?
eleksyon lago-lago-tisangle?
eleksyon yanmyanm-kakapoulèt?
eleksyon plimen-poul-la-pa-kitel-rele?
eleksyon pou toufe PetroCaribe?
eleksyon enbesil-ou-chire?
eleksyon nou-pranl-nou-pranl-nèt?
eleksyon wa-kite-sòt?
eleksyon ou-fout-sòt-twòp?
eleksyon kakapoul-pou-jònze?
eleksyon amoral-imoral?
eleksyon…?
Pwofite…
Moriso LAZA