Depatman Grandans kiSa Nou fè, n ap peye?

Depatman Grandans kiSa Nou fè, n ap peye?

Marcel P Mondesir

Boukan News, 01/29/2024 – Mwen pase Anzdeno kote mwen te toujou santi m byen. Yon kominote mwen te toujou  genyen plizyè fwaye dife m konnen mwen te kapab konte sou yo. Nenpòt moman m rive nan kay sa yo, se san kè sote mwen te pran asyèt epi leve kouvèk la, pase kiyè bwa pou m mete valè manje m vle nan asyèt la. M te toujou kapab manje vant deboutonnen. M te blije pran prekosyon pou m pa gonfle.

Enben fwa sa, se pa menm jan. Se pa moun yo ki chanje. Se pa regadan tankou nou ta di y ap fè ak mwen, se pa chich yo vin chich. Se fwaye dife yo ki pa la ankò.
Lamizè a tèlman kaye ou ta di ”chen tranpe kasav nan fwaye dife sa yo.”  Ou wè sa nan vizaj moun yo. Timoun, jenès la, granmoun yo, yo tout nèt vizaj yo chaje ak pli. Eskelèt Timoun yo ki la. Tout moun nèt defigire.
Mwen remake tout moun kontrarye, tout moun anbarase. Rezon an se paske yo pa fouti resevwa m. Yo pa nan kondisyon pou sèvi m kopyèzman tankou sa te konn fèt lontan.
Mwen menm tou, mwen pèdi lapawòl, mwen rete bouch B. map gade, m ap konprann degrengolad yon kominote kote solidarite  ak antrèd se pi gwo fòs li. Men nan moman sa, moun yo pa fouti sèvi yon pitit yo, yon fanmi yo, yon zanmi yo, yon pòt kafe ak yon doukounou cho alewè pou yo ta ofri l yon “repa ki rele repa”.
Ou ta di moun yo vin pèdi gou bouch yo, pèdi bon pratik, bon abitid bèl kwizin ki fè onè ak valè nou.
Depi mwa jen 2020 lè Tilapli ak Izo koupe peyi a, li di moun nan gran Sid nou pa nan Repiblik dAyiti ankò. Zòn sa ki te deja bandone pa mouche Leta kontinye rantre nan yon koma ekonomik jouk li rive nan moman kritik la nèt.
Rejyon an viktim plis pase yon “emoraji” tèlman li pèdi tout jèvrin li. Yon ekonomi ki chita sou lagrikilti ak lapèch k ap sibi tout sekous natirèl yo (sechrès, inondasyon, van, lanmè monte…) epi ki reyalize nan kondisyon nou tout konnen an. Okenn ankadreman ak asistans mouche Leta. Mete sou sa, yo tèlman lwen sant ekonomi a, yo tèlman izole, ak sitiyasyon Matisan plis Mariani kounye a, anyen pa soti, anyen pa antre.
Tout pwodui pou moun sèvi ki pa soti nan tè a, se yon maswife yo ye tèlman ou pa kapab jwenn yo. Savon, lwil, sik, alimèt, sèl, gaz elatriye. Pri tout pwodui sa yo miltiplye pa 4, 5 menm 6 lè w resi bare ak li nan yon bak ou sou yon etajè.
M ap gade moun yo nan kominote a, kont volonte yo, k ap karese lamizè malgre jefò yo eseye fè. Tout inisyativ yo antreprann rankontre ak yon gwo miray paske pa gen lajan k ap sikile. Lè yon komès resi rive nan zòn nan se tout Sen yo pou w adrese pou kapab asire w yon lavant. Lajan monte bwa. Pi gwo sous antre lajan nan kominote a se dyaspowa.
Lekòl, maladi, lantèman, tout lòt tip depans se yon fanmi lòt bò (dyaspowa) se yo ki rele e ki reponn tou. Yon dyaspowa ap bourike “sueur et sang” pou pip tabak nan peyi kote l ye a. Fòk nou di, sitiyasyon an pa toujou fasil pou fanmi an ki nan dyaspowa tou. Genyen moman, li blije fè ratman nan “envoie-moi”. Moun nan dyaspowa ap viv ak yon kè sote depi telefòn nan sonnen Ayiti.
Moun yo lè y ap pale ak ou nan dyaspora, se konvèsasyon sa yo genyen:
Sitiyasyon an enposib. Yo wete lavi nou.
Se tout yon tradisyon, tout yon abitid, tout yon kilti pouvwa Ariel la ak tout alye dirèk ak endirèk li yo kase. Se tout yon mòd lavi ki se youn nan karakteristik pèp Ayisyen an, ki fasilite siman nan mitan divès jenerasyon, sou sa nou te kanpe k ap disparèt.
Sa mwen viv  lakay li pa depaman ak sa k ap pase nan Dammari, Ziwa, Tibiwon. Menm kwa madoulè a ou jwenn li nan Lagonav, Latòti, Mòl Sen Nikola, Kwadèboukè, Basenble.
Nou ka ranmase sitiyasyon jeneral peyi nou an, Ayiti cheri a nan 2 fraz sa yo:
– Debouye ap danse kole  ak chache lavi_.
– Bat dlo pou fè bè ap lonje men bay ma debat_.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *