Cri de colère! Cri de coeur!

Cri de colère…..

Cri de coeur!!

Wilfrid Supena

Sa pa genyen non…!

Se pa yon fèteksprè ankò!

Se pa Inyorans ankò…!

Se pa méchanste ankò

 

Boukan News, 08/27/2023 – Toujou genyen chalatan sa yo k ap eksplwate dezespwa mas popilè yo onwan Jezi oubyen pwomèt yo yon syèl, yon paradi kote lèt ake myèl ap koule à gogo…. Sa Se pou kretyen yo…

Mizilman yo menm Se alepouvini Ou tande yon imam abiye an jistisye pou voye fidèl yo èy korèsponn ake “ Infidèle” tèt bika, Tèt lobiz Dan bonbon

Se tout tan Ou trouve yon “ Illuminé “ isit lòtbò ki pwan tèt a yo trèzoserye e ki deside jwe ake la vi moun pou fè yo konpwann y ap monte e rive nan syèl anvan lèr..

Te genyen Waco, Texas! Sou Clinton an Avril 1993…. Yo te bèy chif Omwens 80 pòv malere ake Malerèz ( The Davidians) ki te aksèpte mouri anba flanm dife andedan yon gwo kay ake Pwofèt a yo olye pou yo ta rann tét a yo bay FBI.

Pasteur Marcorel Zidor

Jodi samdi 26 Dawout 2023 a, Kote pastèr a? Ki Lwa Belzébuth ki t èy danse nan tét èy? Nou mèt kwè m Se Pa ni Sen Jak Majèr Ogoun Feray ( menm envizib yo)… Moun k ap sèvi envizib sa yo kwè nan fèr koupe fèr oubyen Se gwo fèr ki koupe ti fèr… Yo t ap konnen Se Fòk Ou genyen siperyorite militèr pou èy goumen ake teworis…Kote Chadaso lame? Kote elikopter daso? Kote lansrockèt? Kote lansgrenad? Kote mitrayrz 50? Kote trepye? Kote èstratèj militèr ki ka tann anbiskad lannwit pou rale teworis vin pote tèt a yo “ à la boucherie?

Èske Se pa menm Pastèr sa pandan l ap preche ki toujou ap di “ La Pè Bondye avè w “ apwe chak fwaz…?

Kote Pastèr Marco, mwen di ? Tankou Delira k ap Mande kote Gervilen Gervilus ki fin touye Manuel nan Gouverneurs de la Rosée?

Moun ki nan Sikoloji konnen yo rele tip defòmasyon sa “ Syndrome de Tourette’s”… Yo menm prevwa “ thérapie” pou sa. Epi li konn tradwi Tou gwo twoublay nan pèsonalite moun tankou sa yo rele an angle “ Bipolar disorder” ( double personnalité).

M ap tann de enfòmasyon la: – Èske pastèr a Pami ti zwazo teworis yo t ap tire sou yo a? – Konbyen malere ake malerèz k ap bay dlo pou fè bèr ki pote tèt yo ale nan masak sa? Konbyen ti moun ki pway leve denmen maten san manman, San papa?? ? Sityasyon mizèr pi rèd.

An verite sa Se pa “ La Déroute de l’Intelligence” ankò tankou Roger Gaillard te ekri y nan yonn nan liv li yo sou istwa politik peyi nou an fen 19 ème syèk anvan Okipasyon ameriken an…. Sa n ap asiste nan peyi a se “ La banqueroute de la société Haitienne”.

Sa ki te ka parèt pi senp la nan vi politik yon sitwayen “ vote pou chwazi moun pou ki vin pwan rèsponsabilite dirije kominote w ap ladan y lan, peyi Ou fèt ladan y lan…. Se nan pale anpil, Se nan fè kòken, Se Se nan goumen, Se nan tire yonn sou lòt Se nan rele Etranje vin wè kòman nou fò nan yonn pa ka tande lòt, yonn pa ka konseye lòt pou sa rive fèt……

Denmen maten, poze kesyon an: Ki moun ki rèsponsab zak masak an plis sa k ap pase Kafoufèy la?

Ou pway tande nan bouch sa ki panse e kwè ke yo plimeank: “ Nous Sommes tous Coupables”.

Pa gen gouvènman ( premye minis, minis Enteryè, minis Defans, minis jistis, sekretèrdeta Sekirite)? Pa gen la polis…Pa gen lame.

Kote Pastèr a ki te mande pou Fidèl li yo èy mache nan yon zòn Ke yon minis jistis, minis jistis wi….rele “ territoire perdu” ?

Kote chèf teworis la ki pase lòd pou tire sou Aysyen inosan sa ki te resevwa lòd nan men yon Pastèr tèt pa dwat pou èy pote tèt a yo nan yon “ Boucherie”. ?

Peyi nou an malad. Li malad. Se pa nan zo li malad ankò. Se jouk nan mwèl.

Moman an rive pou Se pa pwoblèm ideyolijik yo ki ta sipoze priyorite nou… Se yon peyi ki fini, fini, fini fini… Nou ka rekonstwi peyi nou. Moun yo ki ede nou detwi y la. Y ap toujou kontinye ede nou nan èv dèstriksyon nou yo.

Poudayè toutotan n ap detwi Se toutotan y ap pi kontan. Paske pou nou rekonstwi Nou pway oblije pwete pou achte nan men yo ankò Epi pou y ap vann nou tèt Nèg.

Inite Pami patryòt yo (Tèt dwat yo) Inite Pami progresis Revolisyonèr yo Inite nan kan Pèp la. Pou nou mete kanpe e ekzekite yon vrè “ Projet Nasyonal”…

Depi tout “ préalable” sa yo ranpli …. N ap genyen fòs pou nou leve tout baryè ki anpeche Aysyen ake Aysyèn viv tankou Fwèr ake Sèr…

 

Wilfrid Supréna

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *