AYITI, YON REPIBLIK 5 SEGOND!

AYITI, YON REPIBLIK 5 SEGOND

Pa Reginal Souffrant

Tout bagay fèt nan peyi a an 5 segond:

Lavi tout Aysyen dire pa plis pase 5 segond.

Baz 5 segond koupe kouran an 5 segond.

Nou sèlman ka mache nan lari pandan 5 segond.

Tan yo ban n pou nou respire se 5 segond.

General Lanmò visite n chak 5 segond.

Lekòl pa menm ka louvri pou 5 segond

Paske G9 deside kidnape nou chak 5 segond.

 

Kwè m, zanmi. Li pran inikman 5 segond

Pou palè nasyonal ravitaye gang 5 Segond

Ki wete manje nan bouch nan 5 segond,

E ki touye nan yon tan ki pa depase 5 segond.

 

Trafik ògan Aysyen ap fèt chak 5 segond.

Tout revèy gen 3 zegwiy: Lè, minit ak segond;

An Ayiti,3 zegwiy revèy yo se: Izo, Manno ak 5 segond.

Se sa ki fè « deal » yo negosye alasegond.

 

—————

Reginal Souffrant

10 mas 2021

One comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *