An n gade nou nan glas!

An n gade nou nan glas!

Marcel P Mondesir
Boukan News, 08/30/2024 – Mezanmi peyi dAyiti anbarase ak yon bann eskandal. Lidè politik, manm sosyete sivil, òganizasyon popilè, òganizasyon sosyo pwofesyonèl, òganizasyon Dwa moun, ou nan veritab “Tout Voum se Do. Li difisil anpil pou
jwenn moun k ap fè politik nan peyi a pa genyen gwo etikèt sou tèt yo( bandi, vòlò, kriminèl, trèt). Nou pa konn kisa pou nou di yo ankò pou yo “degaje”.
Imaj peyi a kontinye degrade. Yo kontinye trete nou tankou timoun, paske nou pa fouti montre nou “konn sa nou vle”.
Ou pa genyen okenn Fòs moral ki kapab di yon pawòl, ki kapab trase yon liy, ki kapab bay yon direksyon. Pifò ap benyen nan rivyè koken an; y ap defann ti chapèl yo.
Li difisil pou w jwenn yon gwoup ou byen yon moun, ou ta di “yon pèsonalite” ki pou pote yon pawòl epi pawòl sa fè sosyete a respire, fè l rale yon souf, san ou pa tande yo di pa okipe l, se lave l ap lave magouyè parèy li. Si w grate fon, w ap konprann sa k fè l pale konsa.
Lè w ap tande kouman sèten Jiris/Avoka nan sektè “Droits humains”/Dwa Moun ap pale nan radyo ak televizyon epi lè w konnen jan anba anba y ap tire fisèl, yo kanpe an kwa kont kèk chanjmam nan aparèy jistis la ak nan PNH la, tout Fèy Kowosòl nan peyi a pap sifi pou fè Thé kont maladi Tansyon.
Sonje, se menm Jiris sa yo, se menm Avoka sa yo k ap defann yon seri gwo bandi ak kravat. Lè nou fouye zo nan kalalou, nou konprann tout bon poukisa:
Ayiti antòtye konsa;
sa k fè pèp la pran nan 3 Wa, epi kominote  entènasyonal la kapab ap danse kalinda, epi li konsidere tèt li kòm sèl mèt jwèt la.
Dayè, tankou politisyen yo, kominote entènasyonal la konnen DEMELE, konnen makònay, konnen voksal swadizan Jiris/Avoka “Dwa Moun sa yo” ak bandi ak kravat yo. Konsa, tout se dife pay, se “tonneaux vides qui font du bruit”. Ce sont des épouvantails.
Yo konnen pa gen moun serye k ap okipe yo ak menas yo, lè y ap “jase” nan radyo ak televizyon.
Dayè konbe ladan yo ki janm mennen yon dosye sosyete a devan lajistis tout bon vre?
Se yon verite li ye Pap gen vòlè si pa gen sitirè ak reselè. Politisyen, jounalis, anpil sosyo pwofesyonèl yo se manm aktif ak konplis anpil rezo malfektè k ap tòtòt pèp la, k ap toupizi peyi a. Nou pa gen dwa bliye sila yo ki fèmen je yo pou yo pa wè, ki bouche zòrèy yo pou yo pa tande, ou ki pran pòz yo kanpe ap gade. Nou va di m, tout kategori sa yo èske yo pa konplis tou.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *