3 Avril 2000-3 Avril 2025: sa fè 25 lane
1/4 de syèk apre
25 lane apre
7 bal nan kè ak nan tèt
Jean Dominique
Jean-Claude Louissaint gadyen radyo a
Radyo Ayiti Entè li menm tou pat epaye.
Tou 2 mesye yo tonbe tankou zwazo anba bal machann lanmò yo.
Jou lendi maten sa, se te yon gwo gwo kout Tonè nan Syèl peyi dAyiti tèlman moun te sezi tande lanmò Jan Do.
Men kouman listwa kontinye rakonte jan sa te pase.
Lè l te fè 7è nan maten, fidèl oditè editoryal Jan Do yo ki te branche pat genyen chans pou te tande
2 Vwa Grav yo k ap di:
Bonjou Jean
Bonjou Michèle
Wi Jou sa li te maten men li te fè nwa
Anpil moun te wè koulè syèl la Anpil moun te pèdi lapawòl
Paske youn nan moun
Pou nou pa di prensipal moun
Ki te toujou pote, limyè, epi pale ak otorite
Pawòl pèp la se
Jean Do,
Vwa batay kont Etanol k ap toufe
Kleren Leyogann nan
Kleren SenMichel la.
Vwa ki te toujou konfonn li
Ak Vwa Peyizan yo pou pale
Menm pawòl yo san demagoji
Vwa Jan Do a
Vwa Ti Peyizan Tèt Kole yo
Vwa Peyizan Papay yo
Vwa Peyizan Milo yo
Vwa Peyizan Grandans yo pitit pitit Goman yo.
Vwa JanDo
Se te Vwa
Fanm yo sitou Madan Sarah yo ansanm ak sila yo k ap kouri chak 4è nan maten pou al bay Sang yo nan faktori Pak Endistriyèl la.
Se pa pou san rezon Sendika Ouvriye yo: CATH, Antenn Ouvriye ak lòt yo te rejwenn yo nan pawòl JanDo yo.
Lendi maten 3 Avril 2000 sa
Demokrasi ki t ap tatonnen an, ki t ap mache “clopin clopant”, te sekwe nan baz li.
Se te youn nan pi gwo kou pèp la ansanm ak lit demokratik la te pran apre 7 fevriye 1986.
7 bal nan tèt ak nan kè sa
Douvan moniman ki rele
Radyo Ayiti a ki etenn souf, ki lage Mapou JanDo a se youn nan siy kote Fòs fè nwa, Fòs lajan yo te voye bay pèp la ansanm ak tout demokrat
pou fè yo konnen jwèt la fini.
Wi Teworis Viv Ansanm yo se aboutisman tout manèv, tout degrengolad, tout dappiyanp Fòs Fè nwa yo ansanm ak elit san koutya, san konsyans yo ki pa janm sispann konsidere Ayiti tankou Byen prive yo.
Jodi a 25 lane apre
Pèp la anfouraye
L ap tann yon Vwa
Tankou Vwa JanDo a
Pou vin pale ak li
Pou ede l pote pawòl la
Pèp la tankou Dirogène
Ak yon lanp tou limen nan men l
Ap kouri nan 4 kwen Pòtoprens,
Ap kouri nan tout Vale Latibonit
Ap kouri nan tout Plato Santral
Pou l jwenn yon kote pou l refije l.
Jan Do
Demon krat yo montre figi yo
Asasen yo Wete mask yo tout bon
Kominote entènasyonal la toujou rete egal a li menm
Aliye tout tyoul li yo pou kontinye mache sou nou.
Jan Do
Kote w ye la
Nou vin di w
Se nou tout
K ap pran
7 bal nan tèt ak nan kè
Teworis tout plim tout plimaj yo.
Jan Do
Kilè w panse
L ap fè Jou pou Nou.
Marcel Poinsard Mondésir
TiMasèl
Bèl omaj ak JanDo mwen voye yon gwo respè ak rekonèsans pou Louissaint, gadyen an ki tonbe ansanm ak li, kite moun dèyè ki renmen l tou. Mwen sonje Ravix Lindo, Gasner Raymond, Richard Brisson ak tout lòt jounalis ki tonbe nan fè travay pou chanje Ayiti.
Mwen voye kondolans mwen bay fanmi yo ak zanmi yo. Mwen espere ke yo ka jwenn fòs pou depase périyòd difisil sa a.
Mwen sonje tou lòt moun ki te travay ak li, ki te konbat pou yon Ayiti pi jist ak pi lib. Mwen espere ke yo ka kontinye travay li yo pou yon Ayiti ki pi bon.