17 oktòb 1806 premye dat madichon Nasyon ki rele Ayiti a.

17 oktòb 1806 premye dat madichon Nasyon ki rele Ayiti a.

Marcel P Mondesir
Boukan News, 10/17/2024 – Wi nou deklare zak 17 oktòb 1806 la, premye dat madichon pou peyi dAyiti, paske 2 lane apre li te pran nesans konplotè yo ki pat dakò pou Bosal yo kontinye ekri listwa, sasinen/disparèt kon yon kout zèklè, JeanJacques Dessalines, ki te pran kòmannman batay la pou te kase tout bon vre chenn lesklavaj la, nan yon batay san pran souf ki te derape apre seremoni Bwa Kayiman nan lannwit 13 ak14 dawout 1791, sou otorite Boukman.
Konsa, premye Janvye 1804, rèv libète Boukman ansanm ak tout lòt esklav yo tounen yon reyalite. Sou plas Dam Vil Gonayiv JeanJacques Dessalines ansanm ak tout lòt jeneral yo deklare Ayiti granmoun tèt li. Chenn esklavaj la kase. Nasyon an akouche.
33 mwa apre, 17 oktòb 1806, nasyon an ta pral fè fas ak premye gwo zak trètriz li, sasinay Dessalines li. Kout ponya nan do sa kont papa nasyon an, ta pral trase yon lòt desten pou Ayiti.
Trèt yo imilye kadav Lanperè. Yo trennen l nan tout lari Pòtoprens, jouk Madanm Défilé Lafolle ranmase rès la. Genyen moun ki di se nan zòn legliz Ste-Anne li depoze yo. Genyen lòt ki deklare se Ponwouj yo depoze l. Men se Ponwouj, antre Nò kapital yo rekonèt rès kadav papa nasyon an ap repoze.
Pou satisfè swaf pouvwa yo, difèt yo pat kapab antann yo, konplotè yo fann  Ayiti an 2 moso. Pétion tabli pouvwa l sou zòn Lwès ak Sid. Christophe li menm tabli Wayòm li nan zòn Nò a.
Zak trayizon sa a, se  premye pi gwo krim, ki te tou kokobe nou. Paske pwojè libète, egalite ak dwa grandèt majè papa Nasyon an JeanJacques Dessalines/Lanperè Jacques I, te kòmanse deplòtonnen an kanpe sèk.
Se pwojè egoyis, pwojè chak koukouy klere pou je w/pwojè rayisans, pwojè pigwo toufe pipiti yo se li menm ki vin genyen “droit de cité”.
Vrè pitit Bosal yo, sa pou pifò papa yo te rete Lafrik Ginen te pran nan mitan esklann divizyom kote gwo jeneral yo te mete men sou tout tè yo, ki te pi gwo sous richès peyi a.
Depi jou 17 oktòb 1806 sa! se kalamite sou kalamite peyi a ta pral konnen.
17 oktòb 2024, 218 lane apre ou ta di se Ayè yo sasinen Lanperè. Nasyon an toujou nan bese leve. Ayiti toujou ap goumen pou wè si l ta kapab pran wout Dessalines la.
Pitit pitit Bosal yo toujou nan dèyè kamyonèt la.Yo viktim tout kalte imilyasyon . Pitit pitit Bosal yo toujou ap viktim tout kalte segregasyon. Jouk kounye a pwojè inite a pa janm rekanpe.
Trèt yo sou tout fòm toujou nan tout vye konbin pou yo kapab toufe pwojè Lanperè a, pwojè papa nasyon an, pwojè liberasyon an.
Jodi a, n ap mande kilè ak kouman n ap refè Bwa Kayiman?
Kilè ak kouman n ap refè premye janvye?
Kilè ak kouman n ap mete pwojè Lanperè a egzekisyon?
Kilè ak kouman inite a ap refèt?
Nasyon an pa dwe disparèt. Se trèt yo sou tout fòm pou n desitire.
“Tous ceux qui veulent mourir en hommes libres se rangent  autour de moi” (Paroles de l’Empereur Jacques I)
 Tout sa k dakò mouri san chenn nan pa nan tèt yo ak nan pye yo mete w ansanm ak mwen.
Tout sa k sanble dwe rasanble tout bon vre. 218 lane apre si n pa tounen sou wout Lanperè te trase a, Ayiti kapab youn nan nasyon k ap disparèt sou kat mond lan.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *