An nou avili Ariel Henry ak ban òpòtinis ki avek li yo!

An nou avili Ariel Henry ak ban òpòtinis ki avek li yo!

Marcel P Mondesir
Boukan News, 08/30/2023 – Ariel Henry ak gwoup opòtinis tankou Madanm Mirlande Hypocrite Manigat, HCT, boujwa flibistye, tout chanm komès k ap trafike ak kominote entènasyonal la pou Ayiti kapab rete “shithole country”. Yo pa genyen okenn imanite, okenn sansiblite, okenn lanmou nan yo menm pou Ayiti ansanm ak tout moun k ap viv ladan. Sa k pi grav  ak kategori moun sa yo sa se fason yo manifeste endiferans ak mepri pou Lavi pèp Ayisyen.
Ariel Henry ak gwoup opòtinis politisyen rat dokale tankou Fusion Sosyo demonkrat, Ansanm nou Fò, SDP, INITE, NOULHA, tout patikil k ap siyen Akò, Akwòkò, Dezakò yo pap viv nan menm peyi ak tout lòt Ayisyen yo.
Ariel ak konplis li yo

Ariel Henry ak gwoup opòtinis òganizasyon opòtinis k ap detounen dwa moun yo, sendika jòn k ap fè trafik sou do ouvriyèz, ouvriye nan faktori yo ansanm ak chofè k ap trimen sou volan machin ki pa menm pou yo…pa konnen kisa fanmi vle di pou Ayisyen, yo pa pratike okenn sans solidarite, yo pa konnen valè ak pwofondè mo sa ki rele zanmitay la.

Ariel Henry ak gwoup opòtinis entèlektyèl ak panse rabougri anndan pouvwa ak sosyete sivil dwatgòch la k ap defòme la verite pou sove yon patat ak pou jwenn benediksyon mèt blan pa janm gade tèt yo nan glas paske yo menm ak “laideur” se degouden ak senkantkòb. Konsa yo pa pèdi tan pou wè sa k ap panse epi tande sa kolektivite a ap di sou yo. Sa pa enterese yo pran tanperati sosyete y’a.
Ariel Henry ak gwoup opòtinis tout sila yo k ap konplote anba chal plan pou pèmèt sankoutya sa yo rete sou pouvwa, pandan yo chita nan mitan moun pou sabote jefò  k ap fèt pou n kapab wè yon  tilimyè, yo se danje sosyal, trèt, vètè ki kapab fofile tout kote pou koze malè ak zak destriksyon. Misyon kategori sa ki sanble tankou degoutdlo ak vètè se denigre, se lage vèni sou tout Moun ki dwat anndan peyi y’a.
Yo la pou simen pwazon divizyon nan mitan moun serye, moun onèt yon mannyè pou anpeche tout antant, tout kole zèpòl, tout mache kontre ant moun ki vle batay pou wete Ayiti nan mèdye li tounen lan, moun ki dispoze mete men nan patte la pou n kapab soti Ayiti nan panye krab Ariel Henry ansanm ak tout paryè li yo fè Ayiti tounen jounen jodi an.
Demach la kounye y’a dwe yon demach kote pou nou rive mete plis moun ak fòs òganize dakò sou wout nou vle pran pou debarase peyi y’a an de tout move konze sa yo ki ap plede siyen yon seri akò akwòkò ki chak jou ap desakòde fanmi ak sosyete ayisyèn n lan.
Marcel Poinsard Mondésir  

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *