Zafè m pa zafè w
Boukan News, 07/11/2023 –Si zafè m pa zafè w, kòman w vle pou zafè w, se zafè m. Kòm tout zafè yo pa menm, donk tèks sa, se pa pou pale de gwoup mizikal ki ap fè mounn danse kounye an, men de preferans, pou denonse tout move zafè nan zafè ki ap pase nan Repiblik peyi Dayiti akoz yon seri de mounn ki rele tèt yo elit
Paske zafè pa yo, se kidnape mounn, chache lajan sal nan fè tout move zaksyon ki pou pèmèt yo, finalman al pran plezi kay vwazen nan bwè tafya, fè sèks ak jenn ti fi ak ti gason (sa yo rele krèy lan), epi fimen ak vann dwòg.
Se bagay sa yo ki enpòtan pou yo. Se bagay sa yo ki fè yo santi yo gran. Pwoblèm mounn ki ap soufri nan tout kote nan peyi an pa regade yo. Depi lontan se te toujou konsa. Zafè kominote, koze pwojè sosyal nan peyi an tankou: edikasyon, sekirite, travay, ak sante pou ayisyen p at jan m zafè yo.
Lè yo ap mache fè bwui nan reyinyon politik, ak nan radyo, se mounn ki pa konnen yo ki al panse ke se zafè peyi ke yo ap regle pou chanje vi mounn pòv. E, se pa politik ki fè yo vinn gen defo konsa. Se depi yo jenn ke yo koken konsa. Se tèt yo ak ti klan zanmi yo sèlman ke yo konnen.
Yo tèlman koken, menm si yo ta ale nan yon bal dyaz ke yo rele Zafè m lan epi mizisyen yo ap jwe bèl mizik, se pa vrèman sa ki ap enterese yo. Anpil fwa, se kou ke yo ap siveye pou yo bay. Men m zafè klere bouk sentiron nan bèl mizik bolero ke yo pa vin n regle.
Zafè byen danse sa yo, se kesyon pou ansyen melomane ki fanatik bon konpa. Se zafè tou bon flannè ki renmen mizik ki akonpaye ak yon bèl ti gengen n ki rete nan yon sèl kawo ap fè zafè.
Se pa zafè mawowo, zenglendo, abolocho, bandi legal tankou elit kowonpi sa yo ki pa vle bay peyi an yon chans pou l avanse.
Zafè pa yo, se tann pou yo bay kou deta, koutba nan move eleksyon blan koken parèy yo ap prepare pou mounn san karaktè vinn fè move zafè nan kès Leta.
Se sa ki fè, pandan ke mounn sa yo ap rete tann koze move eleksyon, yo poze sou tout sa ki ap pase andedan peyi an. Zafè mounn ke yo ap touye, kidnape, ak vyole. Zafè ti mounn ki pa k ab ale lekòl. Se pa biznis pa yo. Paske pitit yo ak tout rès fanmi yo p ap viv an Ayiti. Zafè peyi ki finn kraze an, se zafè pa w. Se pa zafè pa yo.
Men, mwen ap di abolocho sa yo, zafè yo si nan tout zafè move eleksyon sa yo, dilatwa blan ap fè ak klas politik e ekonimik yo, si yo pa vle wè peyi Dayiti ladan l. Lanmè an bèl yo mèt kontinye vogue nan siyen tout move akò akwòkò, mal akòde nan akòdeyon yon move mizisyen ki chak jou ap desakòde peyi an davantaj.
Men jou ale, jou vini, jou sa, ap gen pou gen rel kay makorèl. Gen yon jou ki ap vini pèp sa yo ap fè soufri de tout move zafè yo, ap gen pou ba yo afeksyon. Afeksyon sa ap gen pou ba yo anpil frisyon.
Esau Jean-Baptiste






