Yon ti kras listwa melanje ak aktyalite jodi a. 

Yon ti kras listwa melanje ak aktyalite jodi a. 

Serge Pierre-Louis

Jacmel, Haiti, 05/11/2023 – Avan sa ki nan Mezon Blanch jodia an, te gen yon ansyen prezidan ameriken ke prèske tout pèp Ayisyen an te konnen non l. Se te prezidan demokrat: Kennedy.

Se konsa nan epòk ane 1960 yo e menm aprè, pèp ayisyen te konn rele kenedi, tout rad dezyèm men sitou sa yo ki te sòti nan peyi etranje. Mwen pa fin sonje rezon an ou byen egzateman epòk lan, men anvan’ se te Odéide yo te konn rele menm rad sa yo. Petèt se apre gwo siklòn Hazel sou Maglwa. Men nan kreyòl (désuétude) ‘pèpè’ te vin ranplase ‘kenedi’.
Jodi an, aktyalite an se Biden! Mounn yo konnen non prezidan sa nan tout vil, nan tout komin n, nan tout seksyon riral nan peyi an.  Tout kote w pase, se yon sèl koze ki ap pale: Mwen bezwen kite peyi an. “Mwen bezwen al nan Biden”. “Entèl ? Li al nan Biden”.  “Mwen pwal fè paspò m pou Biden”. “Biden ak Ariel, sa’w pi pito ? E san ezite: repons lan se Biden ! E ou pa bezwen yon save nan politik pou w konpran n rezon an.
Sa pa gen twò lontan, mwen te rankontre yon mèt famasi nan vil lan. Mwen di li, se kounye an ke w ap ouvè ? Li reponn: wi. Li kontinye pou l di: mwen sòti nan ti èpot Jakmèl lan.  Nan chache plis detay, mwen mande l: sa’k genyen ? San ezite, li di m ke li sot mennen yon ti gason l al pran avyon nan avyasyon a pou l te k ab  pati nan pwogram Biden lan.
Mwen poko ouvè bouch mwen pou m di: waw, menm kote an, pou eksprime gwo kontantman l, misye ajoute ke ti gason an te fèk fini klas segondè li nan lekòl Alcibiade. E li te apènn kòmanse Inivèsite. Men, se pa grav, li ap gen pou l kontinye etid li lòt bò dlo.
E se konsa li fini pou l di m, se 2 mounn yon sèl kou ki pati kite peyi an nan pwogram  Biden lan.  Se konsa, anvan nou separe,  mwen di misye: Bonne chance !
PS. Remake se avyon yo frete pou al Pòtoprens. Yo pa pran chans travèse Matisan, territoire perdu ke jodia an fè 1 lane + 11 mwa + 11 jou depi ke Matisan fèmen.  Ariel + konplis + bandi mete 5 depatman ap soufri… Jusqes à quand ?
Serge Pierre-Louis 
Spl

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *