Yon militan sosyalis ap pale de Mèt Mehu.
Se ekri Philome
Mèt Mehu, Mwen te konnen an…1ère partie…
par Philomé
Se te an Jen 1969. Nou te 3. Henry Claude Saupin ( 6ème Lise, Harmonica), Gabriël Petit Frère ( 6ème Collège Notre Dame, gita), Philomé Jacques (6ème Collège Pratique du Nord, Edith, akòdeyon). Nou t ap jwe mizik. Nou t ap fè Karate (Shotokan) an kachèt. Gen èspò a lepòk Se nan “ raje” ake nan “ Lakou” lè tout moun dòmi pou ay fè Kata…Nenpòt ti erè, Se te prizon. Se te lanmò. Laj pou sa te ka rive w pat gen enpòtans…
Yon vandredi apwemidi. Saupin di nou Ann Ay kanpe Larispanyòl la, Ri 15 pou n ay bat yon nèg? Ki Nèg? Yon nèg yo mete pwofesèr nan lise a k ap fè frekan. Ki sa l fè? Li mete m deyò paske m t ap pale ake yon Ti dam. Sanble l renmen dam lan…
Nou kanpe vrèman nan ri 15 la. Dam lan vin pase. Mèt la ap vini foukap, foukap. N ap tann Saupin pou atake Epi pou nou reponn. Nenpòt Ak-100, Siwo. Nou tonbe mache dèyè ni Mèt la, ni Dam la jouk nou rive devan legliz Sakre Kèr a. Mèt la monte dèyè Kamelit.. Nou pa wè dam lan. Nou antre nan librèri a.
Vandredi nan 8 jou. Menm bagèy la pase. Men, Mèt la te remake n ap bèy kontwòl. Lè nou rive nan ri 11 bò Kay blan Dèfen Dr Angrand an. Li kanpe. Epi, li di “ Ti mesye” Sa nou genyen? Nou fè ha, nou pete kouri.
Twazyèm vandredi a, msye kanpe bò lekòl a Mèr leta a, Se li ki t ap tann nou. Li kòmanse pale ake nou… De lekòl. De Nèg andeyò ake Nèg lavil. De manje l renmen… Nou mande l si l konn naje? Li di nou li “ Pè” lanmè. Nou mande l si l konn ay nan match nan “ Camp”? Li di nou non..Nou mande l kote y rete? Li reponn andeyò. Men Se te vwa l sitou ki te fè nou plis gen laperèz. Epi fason l gade nou, nou wè menm si nou te senti nwa, nou pa tap ka kase kajou sa.. malgre li pat gen gwo kò. Saupin te pi wo e pi gwo ke Mèt la…
Epi tan vin pase. Gaby, kite peyi a. Li ale Boston. Saupin kite lise, l ale lekòl Cours Modernes. Philome kite Edith l ale Lise…..
Nan lise a, Devine ki moun ki vin pwofesè Fwanse Philome?
Mèt Mehu.
Epi Se te yon lòt chapit ki ta pway louvri nan Relasyon Philome ake Mèt Mehu ke twa zanmi ki t ap fè karate te planifye pou kase djòl èy la…
( Aswiv).





