Yon énième vwayaj Sou Sekretè Deta Brian Nichols pou menm pawòl yo, kouman pou n konprann sa? 

Yon énième vwayaj Sou Sekretè Deta Brian Nichols pou menm pawòl yo, kouman pou n konprann sa? 
Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 10/13/2022 – Sa fè konbyen fwa Sou Sekretè Deta Brian Nichols vin nan peyi Dayiti depi apre lanmò Jovenel Moïse? Si memwa m bon, mwen kwè mesye sa sou nenpòt 5 vwayaj deja.

Chak vwayaj ki pawòl li toujou pale? Ki leson vin bay pou nou pa di ki lòd li vin pase?
Ajenda toujou pré établi, pa gen okenn ajou ki kapab fèt bò kote Ayisyen yo. Se tankou yon bann moun Anbasad meriken konvoke pou vin tande lekti mesaj yo pote pou yo.
Konsa, Sousekretè Deta fè ti pil gwo pil ak lidè yo. Li fè yo defile youn apre lòt devan l nan anbasad la. Li pa janm gen yon pawòl diferan ke sa li di yo depi premye vwayaj la. Se menm kasèt lan ki rejwe nan zòrèy « fidèl yo » 12 oktòb la.
Kisa li di yo: se pou yo travay pou jwenn yon laj konsansis pou mete kanpe yon gouvènman kote tout moun ladan l, pou kreye klima pou òganize eleksyon demokratik ak patisipasyon tout kouran politik (Tout mounn nèt).
Tout moun nan vle di: pase chifon pou n kapab repati a zero. Tout moun nan vle di bandi jodi kandida demen.Tout moun nan vle di: dechèpiyè jodi, kandida demen. Tout moun nan vle di: lajan sal jodi, kandida demen. Tout moun nan vle di: zafè Petrocaribe, patisipasyon kòm kòmanditè, otè entèlektyèl, otè fizik krim jodi, kandida demen. E se moun sa yo lè yo eli k ap mennen Ayiti nan wout pwogrè ak devlopman.
Ayisyen se nan sa nou ye la toujou wi. Rien de nouveau sinon:  le même décor, les mêmes parades, les mêmes visages pour les mêmes paroles.
Sèl mo ki chanje jodi y a se koze kolera ki ranplase COVID-19 la. Men si memwa m bon, mwen ka di jodi y a kolera ranplase Covid 19 la. Paske lòt fwa yo, misye Nichols te konn egzije Montana ansanm ak Ariel pou jwenn konsensis tou, yon fason pou ka konbat COVID19 la. Jodi y a, youn nan rezon pou konsansis la jwenn se pou limite tout dega kriz imanitè y a ap fè sou popilasyon an akòz bandi yo fèmen ‘Varreux” pou anpeche gaz la livre nan ponp yo. Konsa, sikilasyon vin prèske enposib, lopital pa fouti travay. Kolera ap fè plis ravaj paske pèsonel medikal yo pa fouti mobilize, pa fouti deplase pou al pote swen.
Se yon verite tout bon li ye. Men an n chache konnen epi konprann kote sitirans lan toujou ye ki fè gang yo kontinye ap fè derespektan sa yo ak popilasyon epi ak PNH la?
Ayisyen isit poko janm vle wè se nan farinn y ap woule nou. Moun yo konnen pi byen pase nou, konsansis y ap pale pou jwenn pou fòme yon gouvènman pou kapab ale nan eleksyon ak pou kapab rezoud fwa sa pwoblèm kolera se koze kremòl, li pa chita sou okenn reyalite politik. Genyen twòp kontradiksyon, twòp enterè ki pa ale nan menm sans. Twòp mank ak melanj.
Tout moun k ap defile nan anbasad Ameriken epi k ap vin fè tweet pou di fòk gen konsansis lajman laj pou rive fòme yon gouvènman kote tout kouran politik yo reprezante, yo konnen se manti y ap bay tèt yo.
Yon lòt vwayaj andiplis pou tounen di menm pawòl y ap di depi apre lanmò Jovenel Moïse pandan y ap kore Ariel Henry epi y ap fè filalang ak ekip Montana.
Dayè poukisa Sousekretè Deta rankontre 2 delegasyon Montana? Fritz Jean pou kont li. Apre li chita ak Magalie Comeau Denis plis Ted Saindic. Konsa, li fè yo konnen genyen plizyè Montana pou li menm.
Mezanmi Ayisyen pran tèt nou tande. Sispann kite yo fè nou fè jiwèt.
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *