Yo pa bezwen ap fè pelerinaj, ni mache plenyen.

Yo pa bezwen ap fè pelerinaj, ni mache plenyen.

Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 12/10/2022 – Pou tout sila yo ki frape anba sanksyon peyi Kanada ak peyi Etazini yo, yo pa bezwen ap

mache plenyen, ni fè pelirinaj.
Pi gwo sa ekip moun sa yo ki kounye a anba gwo akizasyon kote yo ta di yo gen gwo responsablite nan fè larivyè san koule nan peyi a, nan mete ekonomi peyi a atè plat, nan fòse anpil pitit peyi y’a  tounen Jwif eran, se prepare dosye yo ak ekip avoka yo pou al defann tèt yo la jistis.
Tout kote nou al eseye monte tant nou se imilyasyon. République dominicaine, les États-Unis d’Amérique du Nord, la Turquie, les images qui circulent sur la toile sont révoltantes quant au traitement accordé à des êtres humains qui n’ont commis aucun crime. Sinon ils ont fui leur pays pour échapper, pour la plupart, aux souffrances de toutes sortes que les bandits étiquetés par les sanctions du Canada et des États-Unis leur font subir.
Haïti considérée par les bandits légaux, les PHTK et alliés comme une République bananière, est devenue aux yeux de la communauté internationale un État paria. Avec la dislocation des institutions, une impunité érigée en système, un appareil judiciaire quasi inexistant, les PHTK et alliés se croyaient à l’abri de tout soupçon. Yo fè! Yo fè! Yo fè jouk yo bouke. Ils se considèrent comme les seuls acteurs sur l’échiquier politique.
Politisyen rat do kale sa yo ki makonnen yo ak boujwazi sankoutya bòdmè y’a pou fè dappiyanp sou tout resous peyi y’a, pou kowòdone tout trafik sal yo, te konprann Ayiti y’a se pwopriyete prive yo. Kounye y’a, sanksyon peyi Kanada ak peyi Etazini yo ap fè yo wè se pa tou lè jou Ti magrit pote bon siwo. Konsa, y ap mache plenyen, y ap fè je yo fè tè pwa, tè mayi. Yo tèlman te nan bòl grès yo, yo bliye tout pawòl sa  yo : « bat chen an, tann mèt li » Epi tou «Jou fèy la tonbe nan dlo, se pa jou l pouri. »
Ils cherchent midi à quatorze heures. Yo pat janm kwè nan pawòl lakay ki di «Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye.»Yo te panse nou tap toujou jibye. Se pou nou devlope anpil entèlijans pou nou pa kite yo kontinye pouri lespri nou nan manipilasyon rezo sosyal yo.
Tanpri levanjil k ap klewonnen « nou tout koupab la » pap pase. Les coupables sont là. Ils/elles sont connu.es de tout le monde. Raketè ak raketèz, arrangeurs des fausses causes sur le dos d’un État considéré comme une mamelle inépuisable, à la manière d’une source mal entretenue, l’heure où l’on doit rendre des comptes  a sonné.
La mission des dignes fils et filles et des progressistes, c’est de nous préparer par le montage de dossiers solides même quand pour certains délits ce sera difficile. Mais, il existe encore dans l’administration publique et autres cercles de personnes courageuses qui viendront porter concours pou nou kapab asire n se ak Kòd Nylon nou mare yo. Paske si dosye yo pa byen monte se tankou n ap mare yo ak Kòd pit konsa ak Avoka lespri tòdye y ap kapab wete kód la nan ponyèt yo.
Vle pa vle se pou nou jwen yo dèyè 4 miray apre lajistis fin pwononse santans yo.
Marcel Poinsard Mondésir , agwonom

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *