Vwa Rezistans Popilè (No9): Kote Dola Senkant la ($1.50)? 

Vwa Rezistans Popilè (No9).-
Kote Dola Senkant la ($1.50)? 
Kouman Oligachi a, ap Deplimen Pèp la Nan Transfè ki Soti Aletranje yo?
Nan moman asasen kont-revolisyonè 17 oktòb yo, t ap pete bal sou Desalin nan, yo te gen vizyon nan tèt yo pou kontwole tout richès peyi a. Pou rive nan rezilta sa, yo te oblije dekonstwi revolisyon 1791-1804 la, kache vizyon sosyo-ekonomik Desalin nan, majinalize mas ansyen esklav yo e antre nan konfyolo ak peyi kolonyalis esklavajis yo pou pataje richès peyi a sou do mas travayè ayisyen yo.
Akò 10 jiyè 1825 lan, kote oligachi nwa ak milat la fè Lafrans kado 150 milyon fran lò ak dwa pou komèsan franse pa peye taks nan peyi a, pat yon aksidan istorik.
An 1915, lè ameriken yo debake, boujwazi antinasyonal la pat ezite pou akonpaye piyajè kriminèl ameriken yo nan masakre peyizan kako yo, vòlè tè ak byen peyizan yo, answit  gide yo, mache bwadsibwadsou ake yo nan zak piyaj ameriken yo t ap fè nan Dwann, DGI ak nan Finans peyi a.
Rejim latèrè okipan ameriken yo te tabli nan milye peyizan ak mas popilè yo, te pouse anpil ayisyen kite peyi a pou trouve refij an Dominikani ak Kiba.
 Pita, diktati Divalye yo ( 1957/1986) ak ogmantasyon mizè nan peyi a pral bay yon lòt kalite refijye nan kanntè pou antre Miami nan koumansman lane 80 yo. Kòm kanntè pou Miami te plis popilè nan bidonvil ak nan milye peyizan an, ayisyen k ap travay nan jaden nan Florida, nan restoran ak faktori ozetazini, se moun klas popilè yo, ki kwè nan konbit, nan tèt ansanm, nan solidarite  pou soutni sa k rete dèyè nan voye transfè dripoulè depi gen yon ka ( lekòl, Maladi, lanmò, maryaj, kominyon)
Nan koumansman koze transfè a, se te  “Hatrexco”;,Li vin CAM Transfè ” , anvlòp palapòs ak moun k ap antre direkteman ki te pi popilè nan fè lajan ki soti lòtbò antre nan peyi a.
Kan sa vin koumanse pran fòs, boujwazi konpradò enpòte a foure nen l nan manmèlbèf sa a, pèmèt epav piyajè ki nan espekilasyon finansye nan Bank kòm nan Mezon transfè, pran kontwòl pwosesis fè lajan antre nan peyi a pou fè l tounen pi gwo sous vòl ak kòripsyon sou do mas popilè yo jodi a.
Plis pase 4 milya 500 milyon dola antre nan peyi a chak ane akote tout dola senkant (1,50 dola) Leta ayisyen ranmase sou chak grenn transfè. Tout lajan sa yo, pran menm direksyon ak lajan Petro Karibe a, nan pòch oligachi a ak ameriken yo.
Bank Santral, Bank komèsyal ak Mezon transfè yo ranmase dola, estoke yo, distribye yo anbatab bay boujwazi konpradò a (achtè-revandè) pou achte machandiz aletranje, fè yo pase nan kontrebann pou revann yo bay pèp la nan pri yo vle.
An 2019, kan mafya Jovnèl Moyiz la, atravè Bank Santral, konvèti vòl la an yon krim òganize anfavè tèt yo e mafya finansye yo ki nan aktivite jere sikilasyon lajan etranje nan peyi a. Esklav  mantal e fizik Jovnèl Moyiz nan tèt ekip mafya a, pran desizyon fè remèt lajan transfè yo an goud ayisyen nan to yo deside, menmsi kantite goud Mezon yo bay sou transfè yo toujou pipiti parapò ak dola k ap vann nan mache paralèl la.
Lajan transfè sa k ap sikile nan rezo kidnaping, nan milye ki gen espekilasyon ak trafik dola, rive kenbe Bank Santral la pou l pa efondre paske PHTKis yo pajanm ezite foure dwèt nan manmèl rezèv Bank Santral la. Konsa, yo ranmase pèdiyèm pou yo vwayaje aletranje, peye etid ak lwaye kay pou pitit yo aletranje, peye lòbiyis pou mèt neyokoloni an kenbe oligachi domèstik la ak lekipay PHTK a kòm gwoup ki dwe reye nan koloni an anba lòd pwokonsil “Core-Gwoup “.
Sepandan, nou pa dwe detache krim finansye yo ak volonte oligachi san vègòy la, pou l detwi pwodiksyon nasyonal la opwofi patron ameriken yo ki fè menmiz sou richès neyokoloni an.
Depi lane 70 yo, ameriken te mande atravè pwojè peyi Basen Karayib yo (CBI), pou Ayiti pa pwodui manje pou pèp la, se Etazini ki dwe voye manje dechè pou pèp la achte lè l fin travay nan faktori. Se pou tèt sa apre 1986, ameriken yo, an akò ak oligachi san koutcha a mande FMI, Bank Mondyal ak BID pou fòse Leta ayisyen fèmen tout sa peyi a te posede kòm anbriyon endistri nasyonal; tankou Siman dAyiti, Minotri, Santral Sik Desalin Okay, Santral Sik Wèch Okap, Santral Sik Dabonn Leyoga n, Renolds pou pwodui Aliminyòm nan Miragwa n, Izin Sik Asko Pòtoprens, Izin pou fè Lwil (ENAWOL) Potoprens, ODVEA ak SEDRENN nan Gonayiv elatriye. Toupatou piyajè kriminèl ki fèmen tèt yo nan “Core-Gwoup ” la pase, yo kreye chomaj, vòl ak kòripsyon pou pèmèt yo piye richès peyi depandan yo pou anrichi tèt yo.
Kidonk istorikman, apre asasina Desalin nan, kont-revolisyonè yo te enstale yon boujwazi derapin anndan peyi a.
Konpwomi yo te fè tanto ak kolonyalis franse tanto ak rasis piyajè ameriken yo, pajanm modifye vizyon jeneral delenkan yo genyen sou jesyon richès peyi a. Franse yo te antre ak negosyan konsiyatè pou fè komès san peye taks, ameriken yo debake an 1915 ak komèsan pou fè komès ak franchiz pou yo pa peye taks, vann dwòg libè-libè, fè kontrebann ak lòt move zafè pou ranmase lajan voye ozetazini.
Jounen jodi a, pèp la bouke, pitit ak madanm li paka manje. Ameriken yo, atravè Bank Mondyal ak FMI fòse Leta ayisyen fèmen tout aktivite ki ta pèmèt kreye travay pou pèp la; yo touye kochon kreyòl, detwi plantasyon kann, diri, pit, fèmen izin nan peyi a.
Ayisyen nan chomaj ak mizè, y ap kouri kou chen fou nan tout peyi. Yo tounen vye aladen (san kay pou dòmi) kote rasis kriminèl ameriken yo pwofite fè cheval pilonnen yo nan tekzas, fòse yo mouri nan raje. Sepandan, pèp la trouve l jodya nan yon moman istorik desizif nan mitan yon mobilizasyon ki gen kle avni peyi a. Kafou malè kote ameriken yo lage l nan mitan Gang ame ak Gang finansye tout koulè, ki gen eksperyans nan krim òganize, pèp la pagen lòt chwa ke touse ponyèt li nan yon mobilizasyon total pou libere peyi a anba Gang PHTK, oligachi a ak ameriken yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Souverènte Ekonomik ak Politik Peyi a!
Libète ou Lanmò.
Philome Jacques pou:
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.
18 janvye 2022.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *