Vwa Rezistans Popilè (No10).-
Di Pèp la kote lajan sa Ale, Aryel Anri?
Gouvènman PHTK/Aryèl Anri a, ap ranmase 2 milya goud chak mwa, lè yo koupe sibvansyon sou dyezèl la, ki kote lajan sa ale?
Lè Wachintonn atravè fanmiy Klintonn, te deside mete PHTK nan tèt neyokoloni an nan lane 2011 pou kouvri vòl ak piyaj yo te fè nan lajan rekonstriksyon Ayiti, apre tranbleman tè 2010 la, ameriken yo te wè pilwen pase plase yon jiwèt domèstik tankou Mateli sou pouvwa a. Objèktif la, yon lòt fwa ankò, Se te ranfòse titèl la ( dominasyon an) sou peyi a, ranfòse kòripsyon an, ekate Pèp la sou sèn politik la pou enstale definitivman yon ekip mafya nan tèt peyi a.
Konsa, apre ekip PHTK te fin dekapite Jovnèl Moyiz ak konplisite mèt neyokoloni an, payas ki nan tèt “Core-Gwoup “yo, al detere yon zonbi PHTKIS, ajan enperyalis ki rele Aryèl Anri, pou mete l sou pouvwa kòm pèwokè ki dwe repete lide ki soti nan bouch diplomat “Core-Gwoup ” yo pliske mouche sa, dapre rezilta ankèt yo, te ride oligachi a ak enperyalis yo sakrifye Jomo Apredye, e se an rekonpans ” aux services rendus “, mèt neyokoloni an ba l plen pouvwa pou sakrifye avni peyi a nan non ak enterè ameriken yo.
Menmsi nan tan pase yo, Ayiti te toujou depandan, arive PHTK nan pouvwa a rann sitiyasyon an pi lèd e pi jenan. Sonje kouman nan yon jounal an liy ki rele Wikilik yo rakonte fason madanm Klintonn t ap griyen dan sou Mateli, lè l di: Wa w! Gadon tinonm! Li ba wou tout sa w mande l! Pafwa l ba wou menm sa l pa genyen! Pi devan, domèstik Jovnèl la pral anfonse klou a, lè l koupe kontra rekonstriksyon AEOPÒ Pòtoprens lan, Lachin popilè t ap fè pou peyi a san gwo lajan, sèlman paske yon senatè ameriken yo rele “Rubio ” te di se Taiwan nou vle ki dwe patnè ekonomik Ayiti answit, AEOPÒ Pòtoprens lan pral konkiranse AEOPÒ Miami an.
KiDonk, nou wè kouman lekipay PHTK yo bwè grenn endiyite ak tchoularite. Se nan sans sa a, tout desizyon ekonomik nan peyi a, pwan anba dikte piyajè “Core-Gwoup ” yo. Se yo tou, ki alabaz kòlonn franchiz PHTKIS yo bay oligachi a pou antre machandiz san peye taks.
Se plis pase 25 milya goud ke Leta pèdi chak ane nan zafè sa, aloske lajan sa te ka sèvi nan pwogram sosyal pou mas popilè yo san Leta pat oblije al trennen bòl ble l devan USAID, Taiwan pou mande ti pwojè pou grenn diri.

Depi 2em vèsyon PHTK a, FMI ake Bank Mondyal te toujou mete presyon pou monte pri gaz la, men mobilizasyon pèp la te anpeche Jovnèl egzekite lòd malveyan sa yo ki nan “Core-Gwoup ” la. Kòm PHTK 3em vèsyon, Aryèl Anri ap dirije la pagen anyen kòm diyite, pifò nan yo nan aktivite kriminèl tankou vann dwòg, kidnaping e konplotè-asasen, yo pagen ren pou reziste anba presyon FMI ak Bank Mondyal yo.
Yo tonbe nan fè èspekilasyon ak gaz la, kreye rate atifisyèl pou fè chofè moto peye galon an 3000goud, fòse lopital fèmen pòt yo pou pèmèt yo monte galon dyezèl la plis pase 2 fwa lavalè.
Ak desizyon kriminèl sa, plis pase 2 milya goud antre nan kès Leta chak mwa. Kòm bidjè 2021-2022 a te deja fin pibliye, ki sa ekip mafya ap fè ak 2 milya sa?
Anba rèy Jomo Apredye, Minis Finans yo te konn retire 3 milyon dola (300 milyon goud) koutay pou voye nan Palè Nasyonal pou piyajè banbile, san konte sa yo ba souflantchou ki arebò manmèl gaz la sou do pèp la. Deja nan antouraj ekip Gang lan, yon pati nan 2 milya koumanse itilize pou fè lajès ( Minis Jistis ap pibliye anvlòp nan katye popilèr) youn ak lòt pou elaji baz mafya a, pandan vwayou nan FMI ak Bank Mondyal yo ap kalkile konbyen pou Finans ak Bank Santral retire pou yo, avan chak pewòl mwa pou anplwaye Leta yo.
Men ki kalvè pèp la ap monte anba okipan ameriken yo jiskaske mobilizasyon pèp la pran vitès nesesè pou fout ameriken yo deyò ak tout domèstik li yo.
Kidonk, tout varyant PHTK yo reponn pafètman ak kritè fondamantal FMI ak Bank Mondyal yo ki se: vòlè, Antinasyonal e san Etada m.
Malgre diskou degrenngòch ajan liberal enperyalis yo sou teren an pou trouble lespri pèp la, plan neyoliberal la fonde sou vòl, kòripsyon ak bay manti pou deplimen peyi depandan yo. Pa egzanp mache lib pou Ayiti! Ameriken ak FMI fè fèmen tout antrepriz ki te dwe bay pèp la travay pou l fè lajan! Ak kisa pèp la pral nan mache a? Mache lib pou Ayiti! Ameriken ak FMI mande pou pwodiksyon peyi a azewo! Ki pwodui pèp la pral vann sou mache sa? 2 milya sibvansyon an rive nan kès Leta anba lòd swadizan èkspèr FMI ak Bank Mondyal yo k ap fè antre soti nan Finans, Bank Santral, DGI ak Dwann peyi a pou òganize rakèt, pwopoze taks pou fè lajan antre sou do pèp la pou fasilite piyaj richès peyi a pou voye nan peyi epav yo ki fè pati Gang “Core-Gwoup ” la. Yon fwa ekspèr mafya etranje yo wè kote pou Ayiti grate lajan chak mwa nan kès Leta a pou peye swadizan dèt Ayiti genyen pou FMI ak Bank Mondyal, yo fèmen je sou kouman mafya lokal yo ki nan PHTK ap repati ti rès la.
KiDonk, Ameriken yo toutouni, pagen kache lonbrit. Rido a te deja louvri sou pretij ak imaj yo ki nan labou, depi koumansman lane 80 yo, lè Prezidan ameriken Ronal Rigann te bay lòd pou FBI ak CIA tonbe nan vann dwòg pou finanse kontras yo ki t ap goumen kont gouvènman pwogresis Sandinis la nan peyi Nikaragwa. ( zen kontrasget).
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp la!
Viv Liberasyon Peyi a! Libète ou Lanmò.
Enjenyè Léo Dumonvil pou:
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.-