VÒLÒ PA METYE!
Boukan News, USA, 03/22/2023 – Lè n ap fè sikile mesaj sou sa k ap pase nan peyi Sendomeng ak kèk lòt peyi kote yo mete anba kòd yon seri Dwèt long Siperyè/vòlò/dechèpiyè ki te okipe gwo plas nan Leta Nou panse nou kapab panike chanpyon nou genyen ki pran tout medya nan zak dechèpiye, nan vòlò Leta, nan Dwèt long Siperyè.
Si se entansyon konsa nou genyen, nou fenk kòmanse salive, nou fenk kòmanse ekri papye, nou fenk kòmanse RADOTE tankou granmoun yo ta di timoun k ap envante manti bay paran yo pou evite pinisyon. Nou fenk kòmanse PÈDI TAN NOU.
Dechèpiyè Ayiti (Nègès ak Nèg) yo se chanpyon olenmpik tout kategori yo nan zak dechèpiye/vòlò/Dwèt long siperyè. Ils sont sans aucun gène, sans scrupule, sans vergogne. Ayisyen onèt yo, Ayisyen doubout yo ki frekante lòt nasyon k ap travay ansanm toujou fè soti diferans sa ant dechèpiyè lakay nou yo ak vòlò lòt peyi yo.
Pou dechèpiyè Ayiti yo montre se chanpyon olenmpik tout kategori yo ye se tout lajan yo pran. Yo pa kite anyen. Ou pa fouti jwenn okenn tras. Dechèpiyè nou yo pa bay chans ditou ditou. Yo kraze kwi an nèt. Alòs nan lòt peyi yo, ou wè pwojè yo. Popilasyon an pran sant sa k ap fèt yo paske Dwèt Moun sa yo pa gen menm longè ak pa mesyedam Ayiti yo. Se pou Tèt sa Ayiti toujou pote lamayòl nan klasman Transparency entènasyonal sou koze Koripsyon. Sa pa vle di moun k ap fè klasman sa yo pa gen vòlò lakay yo, pou nou pa di nan mitan yo.
Nou pap vin preche okenn levanjil la. Paske dwati ak onètete, respekte sa k pa pou ou, se tout yon kilti li. Nan lekòl yo te toujou ap klewonnen nan zòrèy nou lè nou te timoun: “qui vole un œuf aujourd’hui, demain il volera un bœuf”.
dechèpiyè lòt peyi yo pran
Tout moun k ap releye sou rezo sosyal aksyon k ap pase lakay vwazen (peyi Sendomeng) kote Lajistis mete anba kòd pou Dwèt long siperyè kèk ansyen gwo zotobre ki fè wout kwochi ak lajan Leta, ki mete *anpil lyon* sou sa yo genyen deja, n ap pèdi tan nou. Okenn Nègès ak Nèg isit ki siyen DECHÈPIYÈ pap genyen Kè yo sou biskèt pou sa tande.
Nou fout chire. N ap pèdi tan nou. Nou pa wè se konkou vòlò y ap kontinye fè. Anpil nan sa k ap taye banda la, Non yo sonnen byen fò deja nan plizyè zak Koripsyon. Gade kouman ULCC ap mete kèk rapò deyò. Gade kouman Lakoudèkont bay yon seri potanta rapó de Debet. Èske nou santi katedral sekwe pou sa.
Nou pouri jouk nan moelle. Se nan espò sa Nègès ak Nèg isit pi pèfòman. E se pa kounye y’a non. Se depi djyab potko kaporal Nègès ak Nèg isit ap plimen poul ki rele Ayiti y’a Wi. Zafè kite yon ti plim sou li, vòlò isit, kontrebandye isit sèmante 77 fwa 7 fwa yo pa fout nan radòt Konsa. Poukisa pou yo kite yon ti plim nan.
Nan Leta yo vòlò.
Nan prive yo vòlò
Palmantè yo menm se pa pale. Dayè depi se pa milyon yo jwenn, yo rele l kaka Aran.
Nan ONG yo dechèpiye.
Epi si w konnen kouman dechèpiyè sa yo rele Moun ki onèt yo, moun ki pa nan konbinezon yo, moun ki pa nan fè zewo(0) tounen nèf (9) yo.
Yo rele yo egare. Yo rele enbesil.
Odasye yo di depi digdantan se konsa sa ye, kounye y’a se mwen ki pou ta vin chanje sa.
Dechèpiyè/plimadò Leta yo gen yon teyori yo chita sou li pou fè egzèsis Dwèt long siperyè yo a: Genyen chans moun pa fouti jwenn 2 fwa nan lavi w. Konsa, pou yo lè yo nan yon pòs responsablite se Yon Chans yo jwenn pou bouche tout twou yo te genyen menm pou sa yo poko konnen si y ap vini sou latè.
Vòlò, dechèpiyè, Dwèt long Siperyè pa referans. Yo pa modèl. Se pou ladwati ak onètete pote laviktwa. Se pou sa, nou dwe kraze kay la epi refè Fondasyon an.
Onètete ak dwati se VÈTI nou dwe simaye.





