VALÈ MANMAN YO!

Valè manman yo

Morisseau Lazarre

Ki moun ki gen ase lajan
Pou achte yon moso manman?
Trezò sa tèlman chè
Li tèlman gen valè
Pa gen richès sou latè modi
Ou kab konpare ak li

Poutan, gen anpil kretyen givan
Ki pa konn valè yon moso manman
Se sa k fè kèk fwa
Kèk pitit engra manke manman yo dega

Mezanmi, si nou ta chita
Pou n pale de doulè kreyati sa a
Sa ta kab fè nou panse
Jouk nou kriye

Si jodi a nou paka pile tè
N ap pale jisikantamwa, resite vè
Nou rive doktè, enjenyè, avoka
Prezidan, minis, Wa, et cetera
Nou pa dwe janm bliye
Se yon manman ki te asepte
Moute yon kalvè tankou Gòlgota
Pou lage nou sou tè sa

Se poutètsa nou dwe renmen manman yo
Annou fè jenofleksyon douvan yo
Pou nou di yo mèsi ak tout kè nou
Ak tout nanm nou

Jodi a, ann rasanble pou n fèt
Ann pote tout manman sou tèt
Ann di ansanm: Viv manman yo!
Bòn Fèt tout manman yo!
Paske yo merite sa
Anfèt, yo merite pliske sa.

Morisseau LAZARRE

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *