Tyaka

Tyaka

Esau Jean-Baptiste

New York, USA, 03/21/2023 – Se, nan zafè kilti pèp ayisyen, yon manje ki prepare ak youn pakèt engredyan tankou pwa wouj, pwa nwa, gren n mayi ki kase, viv, tankou bannan n, vyann kochon, vyann bèf etsetera.

Men pa fè tèt ou ilizyon, menm si li gen pwa ak bannan n ladan l, tyaka pa sòs pwa. Sòs pwa pa tyaka. E li pa rele bouyon tou.
Se pa yon aliman ou konn tèlman tande anpil ayisyen ap pale de li. Sitou de yon seri de kote ou rejyon nan peyi an. Alewè pou kay kèk zuzu nan elit lan ki gen kòb.
Lè m te ap grandi nan Pòtoprens, te gen yon mizik ki te konn di: Tèt kana pa monte tab. Sanble se prèske menm bagay lan tou pou tyaka. Paske se pa yon manje ou wè nan fèt ou nan gwo resepsyon. Petèt nan seremoni lwa nan kèk kote an pwovens ou lakay kèk malere nan zòn pòv yo.
Pa etone w si w te konn tande ou kontinye ap tande kèk kretyen pwotestan, sitou ansyen jenerasyon mounn yo ki k ab di w ke yo pa manje tyaka paske se manje lwa.
Sa vle di, si gen ayisyen ki pa vrèman konnen, ki pa renmen ou ki pa manje tyaka, donk se menm bagay lan tou pou anpil etranje.Yo pa vrèman konnen l tankou jan yo konnen ak renmen soup joumou, diri dyondyon, diri blan, sos pwa, legim, griyo kochon, taso kabrit, bannan peze, pikliz etsetera.
Tout pale anpil sa de tyaka ki fèt ak anpil engredyan, se te yon fason pou konpare politik Meli Melo, Bric-a-Brac sa ki melanje ak anpil fo nasyonalis, abolocho, chaloska, madigra mal maske sa yo ki ap deside pou peyi an nan siyen tout move akò akwòkò, dwate gòch, bouyi vide sa yo.
Paske, anpil fwa nou konn tande mounn ap di pou jan politik lan ye la, li melanje tankou yon vèmisèl kraze nan soup. Kesyon pou n di, a pati de tout engredyan ki melanje pou fè yon tyaka, èske l kab konpare ak aktyalite politik peyi Dayiti jodi an?
E si a pati de tout engredyan ki melanje pou fè tyaka, demach tèks sa se ta rive fè yon konparezon ant manje sa ke kèk kretyen yo rele bagay lwa an ak pil bagay ki ap pase nan peyi an, èske guinen yo bò kote pa yo pa t ap gen rezon pou yo fache?
Se vre gen ayisyen ki konn rejte kilti yo pou yo al adopte kilti lòt peyi. Anpil fwa, ayisyen sa yo konn pa menm vle kite mounn konnen ki kote ke yo sòti.
Men se pa tout ayisyen ki konsa. Genyen ki trè fyè de kilti yo. Donk, rive konpare manje kilti peyi yo ak yon parèy gouvènman ki fè wont nasyonalman, yon vrè nasyonalis, natif natal ki atache ak kilti e tradisyon l t ap gen anpil rezon si li ta fache tou.
Tyaka se tyaka. Li inik nan gou pa l. Li pa sòs pwa. Se menm jan ak bouyon li mande anpil engredyan pou prepare l, men yo pa vrèman fanmi. Donk, kòman yon bon manje tankou tyaka ta k ab konpare ak yon Leta initil ki toujou melanje nan tout vye bagay ki pa fè fyète peyi an ak tout ayisyen.
Se vre tyaka fèt ak anpil melanj engredyan. Se menm bagay lan tou pou Leta bandi legal lan ki melanje ak anpil rès mounn nan klas politik lan, sosyete sivil, entèlektyèl ki gen souf kout, san konte enjerans blan rasis nan entènasyonal lan. Men definitivman se 2 bagay konplètman diferan.
Engredyan ki nan tyaka yo bay fòs, kouraj ak anpil enèji pou afwonte chak jou tout move moman ak pikan pikwankwena ke vagabon politik yo simen sou chemen yo. Tandike, tout kantite move engredyan gate, pouri ki melanje pou bay Leta jodi an, rezilta an se: koripsyon, vòl, vyòl, masak, akò akwòkò ki kontinye ap sal imaj peyi an ak tout ayisyen.
Anatandan, pandan ke nèg ak fanm nan Pòtoprens ki ap fè politik melanje nan tout vye akò akwòkò, definitivman pa gen tankou yon bon bòl tyaka byen pike ak yon bon Kola Kouwòn byen glase anba yon tonèl nan yon vil pwovens peyi Dayiti. Pa mande Bon Dye pandan ke yon ti jazz twoubadou ap graje yon bon serenad, ou gen yon bèl fanm kreyòl bò kote w.
Malerezman, akoz yon move Leta ki lague peyi an nan traka ensekirite jeneral, manje yon tyaka anba yon tonèl nan men yon bon fanm pwovens poko k ab fèt kounye an. Jodi an se bandi legal ak ilegal ki melanje nan yon move pouvwa tankou pwason kraze nan yon bouyon nan yon gwo chodyè sal ak yon bann asyèt ak gode emaye ki plen yon pakèt mouch ki ap plede fè ale vini bò kote yon ravin n ki gen dlo ak fatra ki pa janm netwaye.
Jodi an tou, se zafè sanksyon, kontra tank ki pa janm rive regle ki ap regle nan inite ki melanje ak tout yon pakèt engredyan ki bay Kò Gwoup.
Si tout melanj sa yo pa rele tyaka, yo se finalman yon pakèt mounn ki mete tèt yo ansanb nan yon inyon pou yo kapab, kraze, brize, dezini, demanbre, dekonstobre tout sa Ayiti te gen kòm enstitisyon ak kilti ki se jèvrin n, nan m ak nannan m pèp ayisyen.
Sa vle di, si tout melanj otorite bandi legal ak Kò Gwoup pa tyaka, an reyalite, se ki sa yo ye? Li senp e klè tankou dlo kokoye. Se yon mouvman ki nan kad pwojè malefik li, gen kòm plan pou, kite bandi touye anpil ayisyen e an menm tan, tyake, ak rive dyake anpil ladan yo fè yo kite peyi an al viv yon lòt vi a letranje.
Epi elit yo ansanb ak tout rès politisyen ki rete pou fè politik destriksyon, kraze brize yo an Ayiti ap gen pou kontinye, kòm yo ap fè kounye an, konsidere pil ayisyen ki ap viv nan dyaspowa yo plis ke etranje ke ban n mesye dam etranje manb Kò Gwoup sa yo ki ap rache koupe ak pran tout move desizyon malouk nan peyi an.
Esau Jean-Baptiste 
Photo: www.pinterest.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *