Stanislav Petrov: Ofisye Sovyetik ki te sove mond la kont yon gè nikleyè

Boukan News, 01/15/2024 – Prezans zam nikleyè manke lage mond la nan gwo kouri plizyè fwa deja. Men se toujou bon sans moun k ap travay nan sistèm k ap kontwole zam sa a ki sove nou. Nan atik sa a, nou pral rakonte w kòman yon ofisye Sovyetik te sove mond la kont yon potansyèl gè nikleyè nan ane 1983. Se youn nan moman, aprè kriz misil Kiben an nan ane 1962, mond la te pi pre yon olokòs nikleyè.
Tankou nou deja mete l nan tit la, li te rele Stanislav Yevgrafovich Petrov. Li fèt 9 septanm 1939 e li te mouri nan dat 19 me 2017. Petrov se te yon lyetnan kolonèl nan Fòs Defans Ayeryen Inyon Sovyetik la. Wòl li se te kontwole sistèm satelit Inyon Sovyetik la nan chèche tout evantyèl lansman zam nikleyè ki te ka soti nan peyi Lèzetazini.
Pandan ofisye a te sou pòs, li t ap travay nan aswè 25 septanm pou rive 26 septanm 1983, li te remake òdinatè yo t ap sonnen san rete. Epi toudenkou gen yon alam ki endike Etazini ta lanse senk misil balistik entèkontinantal ak zam nikleyè. Petrov pa fè tèt cho. Li te rete trè kalm. Nan yon entèvyou li te bay BBC nan ane 2013 ke NPR site nan yon atik yo te pibliye, Petrov te di: “Sirèn nan te sonnen anpil, men mwen te jis chita la pou kèk segond, m ap gade gwo ekran wouj ki klere a ak mo ‘lansman’ sou li” (Myre, 2017).
Arms Control Association, yon òganizasyon k ap travay nan domèn kontwòl zam ak dezameman te pibliye sou Arms Control Today ke Petrov te fè fas ak yon chwa kritik ki se: trete avètisman an kòm yon fo alam oswa alète lòt gwo chèf ki te sou tèt li yo (Arms Control Today, n.d). Petrov te chwazi pa alète gwo chèf yo. Si li gen malè li te fè sa, li t ap difisil pou Inyon Sovyetik pa ta lanse yon kont atak. Tout kont atak nan yon kontèks malouk konsa t ap debouche otomatikman sou yon olokòs nikleyè! Petrov te prefere konsantre li sou posibilite fo alam nan pito. Kèk tan aprè, ofisye a eksplike li te sispèk Etazini pa t ap janm kòmanse yon gè nikleyè ak sèlman senk misil. Se refleksyon sa a li fè ki sove limanite. Se te bon sans Petrov melanje ak bon entuisyon li ki te epanye lemond kont yon twazyèm gè mondyal oubyen yon apokalips nikleyè. Pou eseye esplike ensidan an, ekspè yo di sistèm nan te konfonn refleksyon solèy la nan nyaj yo pou misil k t ap vin atake Inyon Sovyetik.
Fòk nou mansyone tou, alepòk ensidan sa a te rive an, Inyon Sovyetik te gen 35, 804 tèt nikleyè alòske Etazini te posede 23, 305 (Matthews, 2023). Zam sa yo t ap fè anpil dega.
Sa k pi rèd la, nan epòk ensidan an te rive a te deja gen gwo tansyon nan mond la. Te gen gwo zen ki t ap bouyi anba anba nan mitan grann pisans yo. Inyon Sovyetik te kraze yon avyon Koreyen akòz yo te vyole espas aeryen Sovyetik la. Sistèm defans Air Sovyetik la pa t sèten sou idantite avyon an e li te eseye entèsepte l rapido presto sa ki te lakoz 269 moun te mouri pami yo te gen 62 Ameriken. Epi Istoryen yo rapòte Inyon Sovyetik te toujou sou brenzeng yo, yo te sou gwo alèt depi premye septanm 1983.
Si Petrov pat itilize bon sans li oubyen li te kouri anonse Kremlen ke Lèzetazini ta lanse misil sou yo, dè santèn milyon moun t ap mouri. Dayè, nan yon rapò biwo evalyasyon teknolojik Kongrè Ameriken an te pibliye nan ane 1979, yo te mansyone si zoka ta gen yon gwo atak sovyetik kont peyi Etazini, sa te ka touye ant 35 a 77 pousan popilasyon Amerikèn nan swa ant 82 a 180 milyon moun nan ane 1983 (Matthews, 2023). Toujou nan menm rapò sa a, ekspè yo di, yon kont atak Amerikèn te ka touye ant 20 a 77 pousan popilasyon Sovyetik la swa ant 54 a 108 milyon moun (Matthews, 2023).
Li enpòtan pou nou di ke Petrov te pran desizyon pou li pat pale ensidan ki te rive a ak pèson pandan 8 lane. Pawòl la pral kòmanse gaye nan ane 1991 nan moman Inyon Sovyetik ta pral tonbe epi mete fen nan Lagè Fwad la (Akbar, 2018).
Gen yon pitit gason Petrov ke Jay Akbar site nan yon atik ki pibliye nan New York Post di ke Petrov pat janm konsidere tèt li tankou yon ewo apre ensidan 26 septanm 1983 a, li ajoute papa l te toujou etone lè moun yo te fèl yon ewo ak sa. Pitit gason an di papa l te sèlman fè travay li byen.
Petrov te resevwa anpil distenksyon toupatou atravè lemond paske l te sove limanite kont yon amagedon nikleyè. Li te resevwa dèsantèn de lèt tout kote nan mond la patikilyèman an Ewop pou te remèsye l pou fason li te aji nan moman ensidan an. Yo te onore li nan ane 2018 atravè yon pri nan yon òganizasyon ki rele “Future of Life” ak 50, 000 dola ameriken nan Mize Matematik nan Nouyòk. Gen yon dokimantè ki fèt sou ensidan an tou e ki rele “The Man Who Saved the World”. Gen plizyè atik ak liv yo ekri sou sa you.
Konpòtman Petrov montre kijan li enpòtan pou w toujou kesyone avan w aji sitou nan kontèks kontwòl zam nikleyè. Li klè ke se te kapasite kritik ak jijman Petrov ki fè lemond pat konnen yon katastwòf nikleyè nan mwa septanm 2983.
Ka Petrov la aprann nou tou ke nou pa dwe kwè san pousan nan sistèm otomatik asenal nikleyè yo. Nenpòt kilè yon erè ka glise. Sitou lè gwo pisans nikleyè yo nan konfli. Se poutèt sa Kapasite kritik moun k ap travay nan sistèm zam nikleyè yo enpòtan anpil pou analize ak tèt repoze tout enfòmasyon k ap vin jwenn yo. Se pa paske sistèm zam nikleyè peyi w la anonse yon atak ki soti nan yon lòt peyi ki fè w dwe kouri kont atake. Tout kont atak nan kontèks zam nikleyè ta dwe rezilta de yon refleksyon kritik pwofond sou sitiyasyon an.
Jodi an pi fò gwo pisans nikleyè yo sanse an konfli swa ak yon lòt eta nikleyè oubyen yon lòt eta ki pa gen zam nikleyè men ki se alye yon pisans nikleye. Lachin, yon pisans nikleyè, toujou nan pwoblèm ak Taywann. Larisi nan pwoblèm ak Ikrèn ak Etazini. Kore di Nò pa sispann fè Etazini menas. Izrayèl nan gwo pwoblèm ak Palestin (Gaza). Ou pa janm konn kilè ka gen yon erè ki glise nan sistèm asenal peyi nikleyè sa yo, sa ki te ka debouche sou yon katastwòf nikleyè ke mond la poko janm konnen.
Roland Joseph Ph.D.
Doktè Roland Joseph se yon chèchè Ayisyen k ap viv Ozetazuni e k ap evolye nan domèn etid sou lapè ak konfli entènasyonal. Rechèch li yo konsantre sou defi ak eksperyans transfòmatif aktivis/chèchè k ap fè pwomosyon syans politik ki baze sou tewori “nonkilling” ak lòt aktivis/chèchè ki nan domèn dezameman ak disyazyon nikleyè. Doktè Joseph se yon chèchè asosye nan Center for Global Nonkilling (CGNK), yon ONG Amerikèn entènasyonal ki akredite nan Nasyon Zini k ap fè pwomosyon “nonkilling” ak konstriksyon lapè (peacebuilding). Depi nan mitan ane 2023 a, li chwazi pou l sansibilize, enfòme oubyen atire atansyon Ayisyen k ap viv an Ayiti kou nan diaspora a sou kesyon ris ki lye ak itilizasyon potansyèl zam nikleyè nan konfli.
Referans:
Akbar, J. (2018). Man, Who Saved the World’ given posthumous award. Retrieved from https://nypost.com/2018/09/28/man-who-saved-the-world-given-posthumous-award/
Arms Control Today. (n.d). The Man Who “Saved the World” Dies at 77. Retrieved from https://www.armscontrol.org/act/2017-10/news-briefs/man-saved-world-dies-77#:~:text=Arms%20Control%20Today&text=As%20a%20lieutenant%20colonel%20in,nuclear%2Darmed%20intercontinental%20ballistic%20missiles.
Matthews, D., (2023). 40 years ago today, one man saved us from world-ending nuclear war. Retrieved https://www.vox.com/2018/9/26/17905796/nuclear-war-1983-stanislav-petrov-soviet-union
Myre, G. (2017). Stanislav Petrov, ‘The Man Who Saved The World,’ Dies At 77. Retrieved from https://www.npr.org/sections/thetwo-way/2017/09/18/551792129/stanislav-petrov-the-man-who-saved-the-world-dies-at-77
Tegmark, M. (2018). $50,000 Award to Stanislav Petrov for helping avert WWIII – but US denies visa. Retrieved from https://futureoflife.org/recent-news/50000-award-to-stanislav-petrov-for-helping-avert-wwiii-but-us-denies-visa/





