Sòti nan gren nan bouda pou rive nan bwa kale

New York, USA, 10/03/2022 – Epòk mwen te konn ap anseye, sitou klas politik konpare, mwen te konn toujou di ak etidyan m yo: gen yon estanda nan tout disiplinn. Men, ou pa k ab pran anyen pou w enpoze l san w pa konsidere reyalite kiltirèl, politik, ekonomik al sosyal yon peyi.
Gwo save yo defini kilti kòm yon fason ke yon sosyete viv. Donk, nan vi chak jou yon sosyete, nan kèlkeswa sa yo ap fè, ou ap jwoinn yo fè l apati de kilti yo. Li ap toujou fè t diferan de jan peyi vwazen ki pi pwòch li an fè l, alewè pou lòt ki pi lwenl.
Ayiti, pa diferan nan kesyon sa. Depi lontan, gran, gran zansèt yo, ke se swa anvan ak aprè endepandans, yo te toujou gen fason yo pou yo fè kèk bagay. Yo te gen pwòp mo yo nan batay politik.
Chanson popilè ak kont yo gen yon gou kiltirèl ayisyen. Nan jwèt kat, jwèt domino, dans anba tonèl, mange, vodou, adorasyon andedan legliz etsetera, tout sa yo gen pou wè ak sa ki fè ayisyen, vrèman ayisyen natif, natal.
Gen anpil bagay ki te k ab di ak ekri sou zafè sa yo, men tèks sa ap sitou konsantre sou batay politik ayisyen mennen aprè 1986, sitou nan peryòd 2000 yo ak jodi an.
Aprè 1986, nan mouvman popilè yo, anpil bagay te konn di. Anpil bagay te konn pale. A kote de kèk chante popilè de yon seri de chantè angaje ke w te konn jwen nan gwo manifestasyon yo, te gen anpil bagay ke lidè politik, sitou popilè yo, te konn itilize pou mobilize pèp lan kont pouvwa militè yo.
Men nan ane 2000 yo, opozisyon ki te genyen kont pouvwa popilè prezidan Aristide lan te konn itilize yon pakèt bagay kont mounn ki te konn ap sipòte mouvman lavalas la. Pa egzanp, pou diminye patriyòt sa yo, opozan yo te konn rele yo: Rat pa kak chimè.
Men, menm si te gen anpil lòt bagay ki te konn di ak fè nan epòk lan, youn nan bagay ki rete make mouvman 2004 yo, se: Gren nan bouda (mouvman GNB).
Prèske 20 tan aprè, espeyalman jodi an, pou voye Premye minis defakto Ariel Henry ale, sitou aprè li finn koupe sibvansyon leta ki ogmante otomatikman pri gaz la, pèp la vini ak ide: Bwa kale.
Si yon ayisyen ta vle “suivre mon regard”, pawòl ” bwa kale sa, se pa yon mo ke w te k ab repete lekòl, legliz, nan biwo ak anpil lòt kote nan sosyete an. Paske, si yon mounn vle entèprete l mal, yo t ap jwoinn anpil bagay negatif ou vilgè pou yo di de li. Wi, anpil ak anpil konotasyon politik.
Men jodi an, kòm “grenn nan bouda’ nan mouvman 2004 yo kont ansyen prezidan Aristide, timidman, “bwa kale ap fè chemen l nan gwo batay ke pèp ayisyen mennen kont bandi yo. Nan bouch tout mounn, pandan ke yo ap chache ti bandi yo nan katye popilè, se yon sèl pawòl. Yon sèl eslogan. Bwa kale nan bouda yo.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste





