Solidarité des Haitiens de la Diaspora (SOHD): Nòt pou la Près

Solidarité des Haitiens de la Diaspora (SOHD)

Miami, 6 Septanm 2021

Nòt pou la Près

Solidarite des Haitiens de la Diaspora (SOHD) ap fè tout Pèp Ayisyen an andedan tankou deyò peyi a konnen apre anpil konsètasyon, diskisyon ak konsiltasyon ak plizyè reprezantan SOHD nan 4 kwen diaspora a soti Samedi 4 pou rive Dimanch 5 Septanm 2021 an , Nou deside siyen Akò Montana a pou yon Tranzisyon Demokratik koupe fache. Nap fè tout konpatriyòt sonje Objektif prensipal SOHD se fini ak rejim PHTK a, pèmèt Ayisyen rejwenn lespwa, anfen pou Tout Ayisyen andedan tankou deyò peyi a kapab viv nan diyite. Men 4 rezon prensipal ki fè SOHD siyen Akò Montana a:

1-Akò Montana a sa a se rezilta chita pale ant Ayisyen andan tankou deyò peyi a [pou kont nou]. Kidonk se yon tantativ pou jwen yon solisyon Ayisyen pou rezoud kriz kap brase bil peyi Dayiti. 2-Akò Montana a ap pèmèt nou mete an plas yon Tranzisyon Demokratik 2 lane aprè 10 zan yon rejim PHTK kowonpi e ki kraze atè plat tout enstititisyon kontistisyon 1987 la te bay peyi a. 3-Akò Montana a mande pou jijman tout Volè lajan Petrocaribe yo, tout responsab masak yo ak jijman tout lòt moun ki fè ou patisipe nan krim sang ak finansye yo prses  prese. 4 Enfin Akò Montana an bay Diaspora a plas li nan la vi politik ak sosyal Peyi a.

SOHD pa kwè Akò Montana a pral rezoud tout problèm Peyi Dayiti demen maten, men se yon bon mwayen sou chimen batay pou yon lòt Ayiti tounèf, lib, demokratik kote tout Ayisyen kapab viv nan Diyite andan tankou deyò peyi a. Pou fini nap mande tout Konpatriyòt ki nan 4 kwen Diaspora pou rejwenn nou nan andose SOHD pou kore, ranfòse Akò Montana a.pou mete Tranzisyon an kanpe.

 

Jean Livette Praslin    Roland Sainristil         Tina Lorquet               Maxi François

Montréal Canada        New York                   Boston, Ma                 Miami, Fl

Ing. Paul Chetel

Paris, France

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *