Sèl Zèl kat Enperyalis La ak Oligachi a se Kenbe PHTK Sou Pouvwa a? Ke Ayti Peri! Ke Pèp Aysyen an disparèt! Zafè. Poukisa?

Vwa Rezistans Popilè (No14).-
Sèl Zèl kat Enperyalis La ak Oligachi a se Kenbe PHTK Sou Pouvwa a? Ke Ayti Peri! Ke Pèp Aysyen an disparèt! Zafè.
Poukisa?
Kriz sovaj ki atake sosyete ayisyen an depi 19èm syèk la rive jounen jodi a nan yon nivo kritik. Degre pourisman rasin sistèm èksplwatasyon tradisyonèl la (sistèm pezesouse a) tèlman pwofon, sa rann difisil e pwovizwa tout tantativ k ap chache patche kriz sa nan kad menm sistèm feyodal neyokolonyal la.
Lit deklas la rive nan yon kafou kote l pa posib pou enperyalis ameriken an ak ajan l yo sou teren an egzèse dominasyon yo sou sosyete a menmjan sa te abitye fèt nan tan pase yo. Amenajman an 1915, anvayisè ameriken yo te pote nan sistèm feyodal neyokolonyal  franse yo te enstale aprè akò 1825 lan, rive nan bout li pandan ke ameriken yo san kredi moral ak otorite pou pwopoze anyen kòm solisyon pou tante dezamòse bonm deblozay yo kreye e lanse nan mitan klas yo nan neyokoloni an.
Fas a mobilizasyon an ki deziye yo kòm prensipal rèsponsab kalvè peyi a, ameriken yo sèmante pou kenbe PHTK nan pouvwa a pou ede yo kontinye piye peyi a.
Ki mizanplas enperyalis la fè sou teren an pou kenbe PHTK sou pouvwa a?
Yon fwa seremoni sakrifye Jovnèl la te  fini , mèt neyokoloni an pase alaksyon pou enstale domèstik Tiklod Jozèf nan pouvwa a annatandan yo te rive sou chwa vrè domèstik moman an, yon PHTKIS ki rele Aryèl Anri.
Kòm sila se yon demimò, yo chaje “Core-Gwoup ” ak Mateli pou rekrite yon ekip ajan enperyalis, Gang ak machann dwòg pou akonpaye lòt ajan enperyalis Aryèl Anri sa nan operasyon pouse Ayiti nan falèz la. Kòm chaje misyon, yo delege Kenèt Mètenn, ansyen anbasadè sou Mateli ki te konvoke Laprès nan Palè Nasyonal pou te di Mateli se ayisyen alòske nan machin blennde l, li te di l klè devan chofè l ki te temwaye, ke Mateli se yon sitwayen ameriken.
Konsa, nan sousi pou bouzye figi yo, ameriken voye Danyèl Fout pou swadizan fè ekilib, men anreyalite msye gen misyon pran direksyon akò Montana a, denonse Mateli ak Aryèl Anri pou krim sou moun ak krim finansye pou fasilite ameriken yo fè wonz patou (genyen tout kote) sou sèn politik la.
Oligachi telegide a kote pal, te pote kole ak ekip mafya PHTK a men nan men ak G9 pou kreye  rate gaz atifisyèl la nan vann gaz 2500 goud galon pou fasilite Aryèl Anri djake pri a soti 159 goud rive 365 goud e yo akonpaye pouvwa popetwèl la nan fè lajan antre nan APN, Ladwann ak vòlè lajan transfè dola us ki soti nan dyaspora pou ride fanmiy yo ki Ayiti nan lanfè mèt neyokoloni an kreye toupatou pou tout pèp ayisyen an.
Gang G9, 400 mawozo e alye, anba lòd PHTK ak “Core-Gwoup ” kontinye fè djòb yo nan simen laterè atravè peyi a pou anpeche tout ouvèti demokratik. Konsa, yo fasilite ekip PHTK ak Gang G9 kontinye fè e defè nan peyi a pandan yon tan, pou Wachintonn rive enstale yon lòt domèstik nan tèt neyokoloni an atravè yon lòt komedi elektoral.
Sepandan, se byen konte malkalkile. Fòm Demokrasi Boujwa mizerab ajan enperyalis yo toujou klewonnen nan peyi depandan yo, trouve l nan enpas. Pawòl dirijan peyi enperyalis yo pèdi kredi moral ak otorite pou fòse pèp nan peyi depandan yo fè konfyans nan kolonn charabya yo, e peyi enperyalis yo pèdi mwayen politik yo. Pwomès san swit, okenn enfrastrikti sosyal tankou lekòl, sante, lojman ou travay pa vin ankouraje sitwayen yo anbake nan demach eleksyon pikekole yo, donk diskou sou demokrasi boujwa mizerab la pèdi sans li nan peyi depandan yo.
Ki sa k manke mobilizasyon Ayiti a pou l pèmèt peyi a antre nan yon vrè tranzisyon?
Tranzisyon se yon so kalitatif ki dwe pèmèt popilasyon an pase de yon sitiyasyon mizerab nan vi yo a yon lòt sitiyasyon plizoumwen kote yo ka pale, manifèste San yo pa Pwan bal nan tèt, soti e antre Lakay a yo san kèr sote, dòmi deje fèmen San bri bal nan tèt yo, vwayaje nan tout peyi a San kèr sote.
Pou elan kalitatif sa fèt, fòk genyen yon patisipasyon reyèl mas popilè yo nan pwosesis tranzisyon an ki pou pèmèt li abouti nan yon rejim plizoumwen Louvri e demokratik. Wannda, Boswana, Mali k ap goumen te pase pala. Yo òganize pèp la, mobilize l pou chase kolonyalis yo, pase nan yon tranzisyon ripti e vwala, sitiyasyon peyi sa yo amelyore.
Kidonk, remèd pou anpeche ameriken yo kenbe Gang ak PHTK nan tèt peyi a dwe soti nan mitan mas popilè yo. Sepandan, mobilizasyon pèmanan pèp la pou chanje sistèm feyodal neyokolonyal la rive nan yon moman kritik kote l ap make pa sou plas paske l san dirèktiv.
Li bezwen yon òganizasyon avangad solid pou rasanble, òganize e disipline mouvman popilè a toupatou pou ride l franchi dènye etap pou Liberasyon peyi a.
Dirijan patryòt e revolisyonè nan òga n avangadis sa, dwe anrejistre panse mas ouvriye, peyizan, etidyan, elèv lekòl, pwofesè, sendika elatriye, amonize yo pou pèmèt mobilizasyon an depase mouvman espontane a pou rive nan yon nivo pi òganize e disipline pou atenn yon etap siperyè nan lit la.
Se pou sa, prezans yon òganizasyon revolisyonè akote mas popilè yo nan mobilizasyon an, padwe la pou gonfle kantite moun, men l dwe sèvi pou l asire yon travay ankalite anndan mobilizasyon an. Mouvman mas popilè yo p ap grandi si l p ap rapouswiv objektif transfòmasyon peyi a nan yon kad planifye e disipline.
Jodi a, Ayiti pa sèl nan mond lan k ap batay pou l soti anba dominasyon ak èksplwatasyon neyo kolonyalis yo. An Afrik, Amerik, Ewòp kòm an Azi pèp yo ap chache e y ap livre batay.
Toutfwa, lakay nou, alyans klas k ap kraze pou al leve lòt kote pou fasilite enperyalis la rekrite ansyen militan pou itilize yo kont mobilizasyon an, padwe dekouraje mas popilè yo paske Inite total anndan yon neyokoloni tankou Ayiti rete yon egzèsis trè difisil. Sonje peyi a ap toujou gen trèt ak konze! Sonje Etazini ak Lafrans p ap ka egziste san èksplwate peyi tankou Ayiti. Mas popilè yo avèti! Se sèl Liberasyon Peyi a ki ka pote yon lavi miyò pou pèp ayisyen an.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Liberasyon Peyi a! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 21 fevriye 2022.
Pou Komite a:
PJ.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *