Se twop atò, 9 prezidan pou 27.750 kilomet kare ( 1e paty)

Se twop atò, 9 prezidan pou 27.750 kilomet kare ( 1e paty)

BOUKAN NEWS, 08/19/2025 – Politisyen ki nan pouvwa ak reskyè yo ap benyen nan lajan trezò piblik la vant deboutonen. Pandan pep la ap dòmi anba seren ak lapli. Pandan premye minis, minis ak 9 prezidan ap vwayaje nan premye klas avyon san bezwen epi loje nan otel ki peye 3500 dola chak nwit. Si zak sa yo pa zak kriminel menm jan ak zak vyolans G-9 yo, se pou nou di m.

400 milyon goud gaspye sou preteks selebrasyon drapo, sa a se yon zak « lèse-patrie » ak apatrid ki merite pou pase CPT a ak tout gouvenman an devan « cour de justice » pou trayizon ak detounman lajan leta.

Sa montre aklè ke klas politik sa a se, se yo tout kap koupe rache nan leta kounye a se lenmi peyi a depi ti konkonb tap goumen ak berejèn. Yo pap janm chanje : « Plus de 200 ans d’apatridie, ça suffit!!! »

9 prezidan sa yo sanble se ak yon sizo sanwont ke manman yo te koupe kod lonbrik yo telman yo san dekowòm. Yap vòlò, yap gaspye epi yap goumenyon kont lot mete sou li tankou 9 koure kochon kap devore zaboka pouri.

Yo gra tankou vòlò, gade lajè figi Leslie Voltè, sa woz tankou tomat ti joslynn ki sòti kenskof. Lè l te monte sou pouvwa a « tichinwa » te sanble ak yon kochon wouj ki te gen lanpa. Gade l kounye a, li pouse bouda tankou jouwoumou.

Neg afwo a, Fritz Jean, li petadò epi mantè pase l pa genyen. Ak 32 gren dan l byen sere nan dyol li lap detaye bidjè lagè, ekonomi lagè, Ranstay lagè men poch li trankil tankou dlo sous. Neg sa yo se yon paket  politisyen lang “ Marxiste” ak poch “ Captaliste”.

Smith Augustin, yon lot ti boutey koka vid tankou yon tono. Lap trenen yon « complexe de Napoléon » dèyè  l, li vle pran vanjans li nan fouk tout jen fanm. « Villa d’accueil » tounen makrel. Gran mizisyen lejand peyi a, map pale de « koupe kloure », li pot ko wè anyen nan moman li te konpoze chante « Leswivan » an. Se kounye a ki gen bagay ( ak vwa Yani Martelly).  Nan mezon pep la se « Leswivan kyes ki te la anvan antre », fanm gran krenyè tankou azizwel ap defile devan ti Smith Augustin depi 8 tè nan maten jiskaske fizi l pa rete yon gren bal ankò. Lem tande semen pase a ke  misye marye, m di tet mwen: si tout gason genyen yon sel fizi, prezidan sa a sanble gen plizyè. Antouka, ti Smith rete nan bol gres ou, banbile kò w, boule gra. Men sonje jou lavman jilet la gen pou l rive, lè sa a manman pitit se chache kod pou mare senti.

Edgard Leblanc, neg Grandans, se yon desepsyon. Si misye pa nan voksal lanmouray chen ak chat la, men li sanwont anpil. Li bouche 2 twou nen l epi lap vale lajan entèlijans la menm jan ak tout lot apatrid yo. Edgard mete ti kò  li tou dousman ak gwo manmel peyi Dayiti nan dyol li epi lap souse san fè bri. Li pa pale, li pa ekri… lap tan pep la blye l. Kreyon listwa pa gen efaswa, sa w fè, se li wa wè!

Boukan News

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *